BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mrt atik 38
  • Èske relijyon dwe mele nan politik?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske relijyon dwe mele nan politik?
  • Kèk lòt sijè
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Èske Jezi te mele nan politik?
  • Èske kretyen premye syèk yo te antre nan politik?
  • Kretyen yo pa antre nan politik nan epòk nou an
  • Poukisa Jezi pa t antre nan politik?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Èske chèf relijye yo dwe mele nan politik ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • “ Yo pa fè pati monn nan ”
    Adore sèl vrè Dye a
  • Poukisa Temwen Jewova yo pa mele nan zafè politik?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
Gade plis
Kèk lòt sijè
mrt atik 38
Yon politisyen men nan men ak yon chèf relijye, y ap voye men bay yon foul moun.

Èske relijyon dwe mele nan politik?

Toupatou nan monn nan, anpil moun ki di y ap suiv Jezi antre byen fon nan politik. Gen lòt ki sipòte yon kandida oubyen yon pati politik pou yo ka fè konnen kwayans yo ak prensip moral pa yo. Epi, byen souvan, politisyen yo sèvi ak pwoblèm moral ak lòt pwoblèm ki gen nan sosyete a pou yo atire moun ki nan relijyon vin pran pozisyon pou yo. Souvan gen chèf relijye ki konn al nan eleksyon pou yo pran pouvwa oubyen chèf relijye sa yo konn chèche fè mete yo nan pòs politik. Nan kèk peyi, gen relijyon ki di yo se kretyen ki konn nan yon pozisyon espesyal, yo rele yo relijyon nasyonal oubyen relijyon Leta.

Ki sa w panse? Èske disip Jezi yo ta dwe mele nan politik? W ap jwenn repons lan lè w analize egzanp Jezi. Jezi te di: “Mwen ban nou egzanp, yon fason pou nou menm tou, nou fè menm jan mwen fè pou nou an.” ​(Jan 13:15). Ki egzanp Jezi kite pou nou sou fason l te konsidere politik?

Èske Jezi te mele nan politik?

Non. Jezi pa t janm antre nan zafè politik monn nan.

Jezi pa t chèche gen pouvwa politik. Lè Satan te ofri l “tout wayòm ki nan monn nan”, li pa t aksepte pran kontwòl gouvènman lèzòm yo (Matye 4:8-10)a. Nan yon lòt okazyon, moun yo te wè Jezi gen bèl kalite ki t ap fè l vin yon bon lidè. Donk, yo te vle pouse l antre nan politik. Men sa Bib la di: “Jezi te konnen yo t apral vin met men sou li pou yo fè l wa, li wete kò l, l al sou mòn nan ankò poukont li.” ​(Jan 6:15). Jezi pa t fè sa foul moun yo te vle l fè a. Olye de sa, li te refize mele nan zafè politik.

Jezi pa t pran pozisyon nan pwoblèm politik yo. Pa egzanp, nan epòk Jezi a, Juif yo te wè se yon enjistis pou y ap peye gouvènman women an taks, yo te fache. Lè yo t ap eseye fè Jezi pran pozisyon sou kesyon sa a, li pa t antre nan diskisyon sou kesyon politik, kòmsi pou l ap montre peye taks la se yon bagay ki jis. Li te di yo: “Bay Seza sa k pou Seza, men bay Bondye sa k pou Bondye.” ​(Mak 12:13-17). Li pa t pran pozisyon pou okenn pati nan konfli sa a, toutpandan l te montre yo dwe peye taks otorite Women yo, ki te reprezante Seza, te mande a. Li te tou fè yo konprann yon moun pa oblije obeyi gouvènman yo nan tout sa yo mande. Yon moun pa oblije bay Leta sa l dwe Bondye a, sa gen ladan l atachman ak adorasyon. — Matye 4:10; 22:37, 38.

Jezi te sipòte Wayòm Bondye, yon gouvènman ki nan syèl la (Lik 4:43). Li pa t antre nan politik paske l te konnen se pa gouvènman lèzòm yo, men se sèl Wayòm Bondye a ki pral fè tè a vin jan Bondye te vle l la (Matye 6:10). Li te konprann, se pa gouvènman lèzòm yo Wayòm Bondye a pral itilize, men li t ap vin ranplase yo. — Dànyèl 2:44.

Èske kretyen premye syèk yo te antre nan politik?

Non. Disip Jezi yo te obeyi kòmandman l te bay pou yo “pa fè pati monn nan”. (Jan 15:19.) Yo te suiv egzanp li, yo pa t mele nan zafè politik monn nan (Jan 17:16; 18:36). Yo pa t antre nan fè politik, men, yo te fè travay Jezi te ba yo lòd pou yo fè a, anpalan de preche ak anseye Wayòm Bondye a. — Matye 28:18-20; Travay 10:42.

Kretyen premye syèk yo te mete obeyisans yo dwe bay Bondye a nan premye plas nan lavi yo, men yo te konnen yo dwe respekte otorite yo (Travay 5:29; 1 Pyè 2:13, 17). Yo te obeyi lalwa e yo te konn peye taks (Women 13:1, 7). Menm lè yo pa t antre nan politik, yo te pwofite pwoteksyon lalwa ak tout sèvis gouvènman yo te bay. — Travay 25:10, 11; Filipyen 1:7.

Sa listwa di sou premye kretyen yo ak politik

  • “Kretyen yo pa t dakò fè kèk bagay sitwayen women yo te konn fè [...]. Yo pa t aksepte okenn fonksyon politik.” — On the Road to Civilization — A World History, paj 238.

  • “Pa gen okenn prèv ki te ka fè nou panse Jezi te vle patisipe nan zafè politik oubyen militè, e [...] nou ka di menm bagay la tou pou disip li yo.” — Jesus and Judaism, paj 231.

  • “Pou yon kretyen, pa t gen okenn rapò ant relijyon avèk politik, relijyon te pi enpòtan lontan pou yo pase politik. Se pa ak Seza men se ak Kris yo te dispoze rete fidèl.” — Caesar and Christ, paj 647.

  • “[Apot] Pòl te vle itilize dwa li te genyen antanke Women pou l te ka jwenn pwoteksyon tribinal yo te dwe bay tout sitwayen Women yo, men li pa t pran pozisyon nan pwoblèm politik ki te genyen yo e li pa t konn eseye fè lòt moun fè sa a [...]. Menm jan premye kretyen yo te kwè yo dwe respekte otorite nan gouvènman yo, yo te kwè tou yo pa dwe antre nan zafè politik.” — Beyond Good Intentions — A Biblical View of Politics, paj 122-123.

  • “Anpil nan yo te kwè kretyen yo pa dwe okipe okenn pòs nan gouvènman an [...]. Jis nan kòmansman twazyèm syèk la, Ipolit te fè konnen selon listwa, koutim kretyen yo te egzije pou yon majistra demisyone nan fonksyon l anvan pou l vin manm legliz la.” — A History of Christianity, Volume I, paj 253.

Kretyen yo pa antre nan politik nan epòk nou an

Bib la montre yon fason ki klè ni Jezi ni disip li yo pa t konn antre nan politik. Se pou rezon sa a Temwen Jewova toupatou nan monn nan rete lwen zafè politik paske yo se kretyen. Menm jan ak kretyen premye syèk yo, yo fè travay Jezi te ba yo lòd pou yo fè a, yo preche “bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan”. — Matye 24:14.

a Lè Jezi te refize a, li pa t di Satan pa gen dwa oswa otorite pou l fè l kalite òf sa a. Kèk tan annapre li te rele Satan “chèf monn nan”. — Jan 14:30.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje