Fason nou kapab benefisye sakrifis Jezi a
Chak ane, toupatou sou tè a, Temwen Jewova yo ansanm ak plizyè milyon moun yo envite rasanble pou yo selebre Memoryal lanmò Jezi, jan Jezi te mande pou yo fè sa (Lik 22:19). Evènman sa a ede nou pi byen konprann tout enpòtans sa Jezi te fè lè l te bay lavi l pou lèzòm nan genyen. Sa fè n wè tou ki jan sakrifis li te fè a kapab itil nou jodi a e alavni. — Jan 3:16.
Kit w ap asiste Memoryal la ane sa a, kit ou pap asiste l, ki jan sakrifis Jezi te fè lè l te bay lavi l la kapab itil ou? Jezi te fè konnen nou dwe fè de bagay enpòtan:
1. Aprann konnen Bondye ak Jezi. Nan yon priyè Jezi te fè Papa l ki nan syèl la, li te di: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” — Jan 17:3.
2. Aji sou baz sa w aprann nan. Jezi te montre li enpòtan pou nou aplike ansèyman l yo nan lavi nou. Pa egzanp, nan fen diskou li te fè sou mòn nan, yon diskou anpil moun byen konnen, li te felisite tout moun “ki tande pawòl [li] e ki fè sa l di”. (Lik 6:46-48.) Nan yon lòt okazyon, li te di tou: “Piske nou konnen bagay sa yo, n ap byennere si nou fè yo.” — Jan 13:17.
Èske w pa ta renmen aprann plis bagay sou Bondye e sou Jezi? Èske w bezwen bonjan konsèy pou w konnen fason pou w aplike sa w aprann yo? Men kèk bagay ki ka ede w.
Yon etid Labib
Pwogram etid Labib gratis nou genyen an ede anpil moun deja pou yo egzamine Bib la e pou yo aplike l nan lavi yo.
Ale sou paj ki pale sou pwogram etid Labib nou an pou w gen plis detay sou pwogram nan.
Gade videyo Fason w ka byen pwofite etid Labib ou a pou w wè ki jan yon etid Labib ak Temwen Jewova yo fèt.
Reyinyon Temwen Jewova yo
Temwen Jewova yo reyini ansanm de fwa chak semèn nan Sal Wayòm yo, jan yo rele lokal kote yo adore Bondye yo. Nan reyinyon sa yo, nou pale sou Bib la e sou fason pou n aplike sa nou jwenn ladan l nan lavi nou.
Nenpòt moun ka vin asiste reyinyon sa yo, ou pa oblije Temwen Jewova pou w asiste yo. Selon jan sa ye nan zòn kote w rete a, ou kapab asiste an pèsòn oswa pa mwayen videyo konferans.
Gade videyo Ki sa yo fè nan yon Sal Wayòm? pou w wè yon apèsi sou sa w pral jwenn nan reyinyon sa yo.
Ale sou paj Reyinyon Temwen Jewova yo pou w jwenn yon kote nou fè reyinyon ki toupre lakay ou.
Atik ak videyo sou Entènèt
Gen plizyè atik ak videyo sou sit sa a ki kapab ede w aprann plis sou sa Jezi te anseye yo e sou enpòtans lanmò l, ki se yon sakrifis pou nou, genyen.
Pa egzanp, pou w konnen ki jan l fè posib pou lanmò yon sèl moun itil plizyè milyon moun, li atik “Ki jan Jezi sove nou?” ak “Poukisa Jezi te soufri e li te mouri?” oswa gade videyo Poukisa Jezi te mouri?