Fason Bondye pran swen moun ki soud yo
Jounen jodi a, gen anviwon 70 milyon moun ki soud sou tout tè a, e anpil ladan yo sèvi ak youn nan plis pase 200 lang siy ki genyen yo pou yo kominike. Malerezman, byen souvan, lòt moun pa byen boule ak moun ki soud yo, jan nou pral wè sa nan enfòmasyon ki annapre yo:
“Toupatou sou tè a, byen souvan, yo pase sou dwa moun ki soud ak moun ki tande di yo.” — National Association of the Deaf (U.S.).
“Nan peyi an devlopman yo, moun soud yo fè pati moun ki pi pòv yo, li difisil pou yo jwenn bonjan edikasyon, yon bon travay ak bonjan enfòmasyon.” — World Federation of the Deaf.
Ki jan Bondye konsidere moun ki soud yo? Ki sa Bib la di konsènan moun ki soud yo? E ki jan Temwen Jewova yo ede yo jodi a?
Fason Bondye konsidere moun ki soud yo
Labib fè konnen Jewovaa Dye enterese nan moun ki soud yo. Li vle lòt moun byen boule avèk yo e l vle yo pwofite fòmasyon li menm Jewova ap bay la.
Vèsè: “Nou pa dwe madichonnen yon moun ki soud.” — Levitik 19:14.
Sa sa vle di: Lwa Jewova te bay Izrayelit yo nan tan lontan te pwoteje moun ki soud yo.
Vèsè: “Bondye pa gen patipri.” — Travay 10:34.
Sa sa vle di: Jewova enterese nan moun tout kilti, kèlkeswa fason yo te leve e kèlkeswa lang yo, san wete moun ki soud yo.
Vèsè: “Jezi pase nan tout vil ak nan tout bouk, [...] li preche bon nouvèl Wayòm nan.” — Matye 9:35.
Sa sa vle di: Jezi te vin sou tè a pou l fè moun yo konn sa Wayòm Bondye a ye ak sa l pral fè pou lèzòm, san wete moun ki soud yo. — Matye 6:10.
Vèsè: Jezi te menm rive “fè moun soud tande, e li fè moun ki bèbè pale.” — Mak 7:37.
Sa sa vle di: Jezi te montre sa Wayòm Bondye a pral fè lè l te fè moun soud tande ak moun ki bèbè pale. Lè sa a, Jezi te sèvi ak yon seri jès pou l kominike ak mesye ki soud la anvan l te fè l tande epi pale. — Mak 7:31-35.
Vèsè: “Zòrèy moun ki soud yo ap tande.” — Ezayi 35:5.
Sa sa vle di: Jewova fè konnen moun ki soud yo pral tande. — Ezayi 29:18.
Fason Temwen Jewova yo ede moun ki soud jodi a
Toupatou sou tè a, Temwen Jewova yo preche moun ki soud yo mesaj espwa Bondye bay. Ki jan nou fè sa? Nou pwodui Bib ak videyo pou ede moun yo etidye Bib la nan plis pase 100 lang siy. Epitou, nou etidye Labib avèk yo e nou fè reyinyon nan lang siy. Nou fè tout sa gratis, yon fason pou kèlkeswa moun ki vle kapab rive konn Bondye. Poukisa? Rezon an se paske Jezi te di: “Se gratis nou te resevwa, se gratis pou nou bay.” — Matye 10:8.
Ou ka jwenn enfòmasyon sa yo sou Entènèt oswa ou ka telechaje yo sou aparèy ou, jan nou pral esplike sa pi ba a:
JW.ORG. Klike sou senbòl lang ki pa anlè tout paj sou sit la pou w ka jwenn enfòmasyon ou bezwen nan yon lang siy.
Aplikasyon JW Library Sign Language. Si w enstale aplikasyon gratis sa a sou aparèy ou, w ap ka telechaje videyo nan lang siy oswa gade yo sou Entènèt.
Ki sa nou ofri moun soud yo pou yo ka etidye Labib?
Labib nan lang siy. Labib — Tradiksyon monn nouvo a nan lang siy ameriken se te premye Bib konplè nan lang siy nan monn nan. Tradiksyon monn nouvo a disponib kounye a ann antye oswa gen yon pati ladan l ki disponib nan lang anpil lang siy e chak ane, li vin disponib nan plis lang siy. (Pou w wè lis lang yo oswa pou w gade Bib la sou Entènèt, gade kare “Labib — Tradiksyon monn nouvo a nan lang siy.”).
Gade videyo La Traduction du monde nouveau en entier est maintenant disponible en langue des signes américaine pou w wè tout travay yo fè pou yo rive pwodui Bib la nan lang siy.
Pou lekti Labib ou ka pi enteresan, enstale aplikasyon JW Library Sign Language la. Aplikasyon sa a ap pèmèt ou chwazi vèsè w vle nan yon Bib nan lang siy.
Dmytro ak Vita se yon papa ak yon manman ki soud men pitit yo tande. Gade ki jan sa bon pou fanmi an dèske yo gade videyo Bib la chak jou nan lang siy.
Videyo ki anseye Bib la. Temwen Jewova yo fè videyo nan lang siy ki ede moun konprann epi suiv bonjan konsèy Bib la bay pou...
Etid Labib ak yon anseyan. Aprann sa Bib la di nan lang siy grasa èd yon anseyan, e w ka pran tan w vle pou w fè sa. Mande yo montre w ki jan yo fè etid Labib gratis la.
Jeson Senajonon ap viv Filipin. Gade ki jan etid Labib li fè avèk nou ede l vin bon zanmi Bondye.
Mario Antúnez te pastè nan peyi Ondiras. Gade ki jan l te jwenn repons kesyon l te genyen sou Bib la, jan l rakonte sa nan istwa l “Mwen te gen plis kesyon pase repons”.
Reyinyon ak lòt evènman. Nou gen kongregasyon ak gwoup nan lang siy toupatou sou tè a, kote moun ki soud rankontre chak semèn pou yo aprann e pou yo adore Bondye. Chak ane, nou òganize pi gwo evènman nan lang siy tou pou anseye moun ki soud yo. Nan reyinyon ak lòt evènman nou òganize yo, nou entèprete tou pou moun ki avèg e ki soud. Lè konsa, moun k ap entèprete a fè siy toutpandan moun ki soud e ki avèg la mete men l sou men entèprèt la. Epitou, nou bay piblikasyon an bray gratis.
Jwenn yon kongregasyon ki toupre w.
Chèche enfòmasyon sou asanble ak kongrè nou fè chak ane yo.
Asiste Memoryal lanmò Jezi a, pi gwo evènman nou genyen pou ane a.
José Luis Ayala ap viv Meksik. Li fèt tou soud, apre sa li vin avèg. Gade ki jan li te jwenn èd pou l vin yon bon anseyan Labib.
a Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik “Kiyès Jewova ye?”