BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwfq atik 61
  • Ki jan Temwen Jewova yo itilize ofrann yo?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan Temwen Jewova yo itilize ofrann yo?
  • Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Kèk aktivite nou fè
  • Ki kote nou jwenn kòb pou nou fè travay n ap fè a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • “Fè Jewova kado kèk bagay”
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Poukisa pou n bay Moun ki gen tout bagay la?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Ki kote n jwenn lajan pou n fè tout depans nou genyen yo?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
Gade plis
Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
ijwfq atik 61
Foto: Kèk aktivite relijye ak sekou Temwen Jewova yo reyalize grasa ofrann moun fè. 1. Temwen yo ap bati yon Sal Wayòm. 2. Yon Temwen ki ofri tèt li volontè pou fè travay sekou k ap bay yon dam ki nan bezwen yon kès dlo. 3. Yon Temwen k ap pale avèk yon dam sou yon sijè nan bwochi ‘Bon nouvèl’ la.

Ki jan Temwen Jewova yo itilize ofrann yo?

Nou itilize ofrann nou yo pou n soutni aktivite relijye nou yo e pou n pote sekou lè gen katastwòf. Aktivite sa yo ede n reyalize premye objektif nou an ki se ede moun vin disip Jezi Kris. — Matye 28:19, 20.

Nou pa janm sèvi ak ofrann yo pou n fè okenn moun vin rich. Nou pa peye ansyen yo oswa minis nou yo, epitou Temwen Jewova yo pa resevwa lajan pou yo preche kay an kay. Temwen yo ki travay nan biwo filyal nou yo ak nan syèj mondyal nou an, sa ki gen ladan l moun ki fè pati Kolèj santral la, fè pati yon òganizasyon relijye e yo pa peye yo pou travay sa a.

Kèk aktivite nou fè

  • Nou pibliye: Nou tradui, nou enprime, nou livre e n distribye plizyè milyon Bib ak lòt piblikasyon ki baze sou Bib la chak ane, e nou pa mande lajan pou piblikasyon sa yo. Epitou, piblikasyon nou yo disponib gratis sou sit Entènèt nou an, jw.org ak sou aplikasyon JW Library a san okenn reklam ki te ka pèmèt òganizasyon an fè lajan.

    Yon Temwen Jewova k ap travay nan youn nan enprimri nou yo k ap verifye tout bagay kòrèk ak yon Bib yo fèk enprime.
  • Nou konstwi e n fè antretyen: Toupatou nan monn nan, nou konstwi e n pran swen lokal nou yo ki byen senp, konsa kongregasyon nou yo gen yon kote ki apwopriye pou yo adore Bondye. Nou fè menm bagay la tou pou biwo filyal nou yo ak biwo tradiksyon nou yo. Nou itilize volontè pou n fè pifò travay la konsa nou fè mwens depans.

    Yon Temwen k ap prepare yon echafo toupre youn nan lokal adorasyon yo.
  • Nou fè travay biwo: Se grasa ofrann volontè moun fè pou soutni travay mondyal la nou rive reyalize travay nou fè nan syèj mondyal la, nan biwo filyal yo ak nan biwo tradiksyon nou yo. Se menm ofrann sa yo ki soutni travay siveyan itineran yo ki se moun k ap vizite kongregasyon yo pou fòtifye yo.

    Yon Temwen Jewova k ap fè kèk travay biwo.
  • Nou preche: Temwen yo pa resevwa lajan pou yo preche bon nouvèl la oswa pou yo anseye lòt moun “pawòl Bondye a”. (2 Korentyen 2:17.) Men, menm jan avèk kretyen nan premye syèk la, moun yo chwazi bay fòmasyon e ki pase pifò tan yo nan travay predikasyon an, resevwa yon ti kote senp pou yo viv ak yon èd pou ede yo kouvri depans nesesè yo. — Filipyen 4:16, 17; 1 Timote 5:17, 18.

    Yon mari ak madanm li ki Temwen ap preche. Y ap montre yon mesye yon videyo ki baze sou Bib la.
  • Nou anseye: Se grasa ofrann yo nou jwenn lajan pou n fè asanble ak kongrè nou yo. Epitou, nou pwodui pwogram odyo ak videyo ki baze sou Bib la. Se grasa ofrann sa yo tou nou fè lekòl pou n bay ansyen yo ak lòt minis aplentan yo fòmasyon pou yo ka pi byen fè travay yo.

    Moun ki vin asiste kongrè a ap gade yon videyo nan yon gwo stad.
  • Nou pote sekou lè gen katastwòf: Nou bay manje, dlo e n fè kay pou moun ki viktim katastwòf. Lè gen katastwòf, nou pa sèlman pote sekou bay “moun ki fanmi nou nan lafwa”, men nou ede moun ki pa Temwen Jewova tou. — Galat 6:10.

    Yon gwoup Temwen nan yon depo k ap prepare plizyè bagay pou sekou.
    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje