BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 97
  • Sa sa vle di Jezi ap vini?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sa sa vle di Jezi ap vini?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Kris sou twòn li e l ap jije mouton ak kabrit yo
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Kris ap vini : èske nou ta dwe pè sa ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • “Di nou non: Ki lè bagay sa yo ap fèt?”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Ann ede frè Kris yo fidèlman
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Repons Bib la bay
ijwbq atik 97
Jezi antanke yon espri ki gen yon epe nan men l.

Sa sa vle di Jezi ap vini?

Repons Bib la bay

Bib la pale plizyè dizèn fwa konsènan moman kote Kris ap vini pou l jije moun sou tè a.a Pa egzanp, Matye 25:31-33 di:

“Lè Pitit lòm nan [Jezi Kris] ap vini avèk glwa li, e tout zanj yo ansanm avè l, lè sa a l ap chita sou gran twòn li an. Tout nasyon yo ap rasanble devan l, e li pral separe moun yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit. Li pral mete mouton yo adwat li, men l ap mete kabrit yo agoch li.”

Peryòd jijman sa a pral fè pati yon “gwo tribilasyon” ki potko janm fèt nan tout listwa lèzòm. Se lagè Amagedon ki pral mete fen nan tribilasyon sa a (Matye 24:21; Revelasyon 16:16). Ènmi Kris yo, yo idantifye kòm kabrit nan egzanp lan, pral jwenn yon santans ki se yon destriksyon etènèl (2 Tesalonisyen 1:9; Revelasyon 19:11, 15). Men, sèvitè fidèl Bondye yo menm, mouton yo, pral gen posiblite pou yo resevwa “lavi ki pap janm fini an”. — Matye 25:46.

Ki lè Kris ap vini?

Jezi te di: “Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo.” ​(Matye 24:36, 42; 25:13). Sepandan, li te bay yon “siy” klè ki gen plizyè bagay ladan l ki t ap pèmèt nou idantifye peryòd anvan l vini an. — Matye 24:3, 7-14; Lik 21:10, 11.

Èske Kris ap vini antanke espri oswa ak yon kò ki fèt ak chè?

Jezi te resisite antanke yon espri, donk l ap vini antanke yon espri, li pap vini nan yon kò ki fèt ak chè (1 Korentyen 15:45; 1 Pyè 3:18). Se sak fè, Jezi te ka di apot li yo lavèy li pral mouri a: “Nan yon tikras tan, monn nan pap wè m ankò.” — Jan 14:19.

Move lide pifò moun genyen sou vini Kris ap vini an

Move lide: Lè Bib la di moun ap wè Jezi “k ap vini sou nyaj”, li vle di Jezi ap parèt yon fason moun ka wè. — Matye 24:30.

Sa ki verite: Byen souvan, Bib la sèvi ak nyaj pou pale de yon bagay ki kache moun pa ka wè (Levitik 16:2; Nonb 11:25; Detewonòm 33:26). Pa egzanp, Bondye te di Moyiz: “M ap vin kote w nan yon nyaj tou nwa.” ​(Egzòd 19:9). Moyiz pa t wè Bondye toutbon. Menm jan an tou, Kris ap “vini sou nyaj”, nan sans moun ap kapab rann yo kont l ap vini, men yo pap ka wè l.

Move lide: Ekspresyon “tout je ap wè l” yo itilize nan Revelasyon 1:7 lè y ap pale de Kris k ap vini an se nan sans literal.

Sa ki verite: Pafwa mo grèk Bib la sèvi pou pale de “je” ak “wè” yo gen sans rive konprann, yo pa gen sans wè ak je toutbonb (Matye 13:15; Lik 19:42; Women 15:21; Efezyen 1:18). Labib di, Jezi ki resisite a se “li menm [...]ki abite nan yon limyè moun pa ka pwoche, yon limyè pèsonn pami lèzòm [...] pa ka wè”. (1 Timote 6:16.) Donk, “tout je ap wè l” nan sans tout moun ap rive konprann Jezi se Sila k ap vin egzekite jijman Bondye a. — Matye 24:30.

Move lide: Pawòl nou jwenn nan 2 Jan 7 yo montre Jezi ap vini nan lachè.

Sa ki verite: Men sa vèsè a di: “Gen anpil blofè ki lage nan monn nan, yon seri moun ki pa rekonèt Jezi Kris kòm sila a ki te vini nan lachè a.”

Nan epòk apot Jan an, gen kèk moun ki pa t rekonèt Jezi te vin sou tè a antanke yon moun. Yo te vin rele yo Nostik. Jan te ekri vèsè 7 nan dezyèm lèt li a pou demanti sa yo t ap di yo.

a Byenke anpil moun sèvi ak ekspresyon “retou Kris” pou yo pale de vini Kris gen pou vini an, ekspresyon sa a pa parèt nan Bib la.

b Gade The New Thayer’s Greek-English Lexicon of the New Testament (1981), paj 451 ak 470.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje