BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 50
  • Pwomès pou kenbe vijinite: Sa m dwe konnen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwomès pou kenbe vijinite: Sa m dwe konnen?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa yon pwomès konsa ye?
  • Èske pwomès sa yo mache?
  • Yon pi bon solisyon
  • Ki jan m ka esplike kwayans mwen anrapò ak sèks?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Poukisa pou m rete vyèj?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Èske sèks nan bouch se sèks vre?
    Kesyon jèn yo konn poze
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 50
Men goch sis jèn, yo chak gen yon bag nan dwèt yo.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Pwomès pou kenbe vijinite: Sa m dwe konnen?

  • Ki sa yon pwomès konsa ye?

  • Èske pwomès sa yo mache?

  • Yon pi bon solisyon

Ki sa yon pwomès konsa ye?

Pwomès pou kenbe vijinite a se yon pwomès yon moun ekri oswa l di kote l fè konnen li pap al nan relasyon seksyèl anvan l marye.

Pwomès sa a te vin popilè nan ane 1990 yo lè yon legliz nan peyi Etazini (Konvansyon Batis disid) te vin ak yon pwogram ki rele “Ret tann vrè lanmou an”. Nan pwogram sa a, yo te asosye prensip biblik yo ak enfliyans pozitif lòt jèn bay pou ankouraje jèn yo pa fè sèks anvan maryaj.

Nan yon lòt pwogram menm jan an ki te kòmanse yon ti tan annapre, yo te konn fè yon seri rasanbleman kote moun nan asistans lan ki fè pwomès sa a te konn resevwa yon bag ann ajan ki senbolize (e k ap fè yo sonje) angajman yo te pran pou yo pa fè sèks anvan maryaj la.

Èske pwomès sa yo mache?

Sa depann de kiyès ou poze kesyon an.

  • Selon de moun k ap fè rechèch, Christine C. Kim ak Robert Rector, “gen anpil etid ki montre pwomès pou kenbe vijinite a redui nivo aktivite seksyèl kèk jèn oswa l fè yo poko antre nan relasyon seksyèl.”

  • Selon rechèch yon enstiti ki rele Guttmacher fè, gen kèk etid ki montre “li fasil pou jèn ki fè ‘pwomès pou kenbe vijinite yo’ antre nan relasyon seksyèl menm jan ak jèn ki pa fè pwomès sa yo”.

Poukisa rezilta yo diferan?

  • Gen kèk etid ki fè konparezon ant kèk jèn ki fè pwomès la ak kèk lòt ki pa fè l, men, ki pa gen menm pwennvi sou relasyon seksyèl.

  • Gen lòt etid ki fè konparezon ant kèk jèn ki fè pwomès la ak kèk lòt ki pa fè l, men, ki gen menm pwennvi sou relasyon seksyèl.

Ki sa dezyèm gwoup etid la montre? Men sa doktè Janet Rosenbaum, yon espesyalis nan zafè sante pou adolesan, te fè konnen apre senkan rechèch: “Pa gen okenn diferans ant fason jèn ki fè pwomès pou kenbe vijinite yo a konpòte yo nan domèn seksyèl ak fason jèn ki pa fè pwomès la konpòte yo.”

Yon pi bon solisyon

Pwogram pou ede jèn yo kenbe vijinite yo fèt nan bon objektif. Pwoblèm nan sèke yo pa vrèman pouse jèn yo wè enpòtans pou yo respekte pwomès yo fè a. Selon doktè Rosenbaum, anpil nan moun ki fè pwomès pou kenbe vijinite yo “pa vrèman pran sa oserye. Yon moun dwe fè abstinans paske l gen konviksyon sa ap bon pou li, men, se pa paske l vle patisipe nan yon pwogram”.

Bib la ankouraje n pou n gen yon konviksyon konsa. Li pa mande n pou n ekri yon pwomès oswa pou n di l, men, li ede n aprann “antrene kapasite [nou] genyen pou [nou] konprann nan afòs [nou] sèvi avè l”, yon fason pou n ka “rive fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal”. (Ebre 5:14.) Dayè, rete vyèj pa sèlman yon mwayen pou w pa pran maladi oswa pou w pa ansent, men, se yon fason pou w montre w onore Moun ki kreye maryaj la. — Matye 5:19; 19:4-6.

Prensip ki nan Bib la la pou byen nou (Ezayi 48:17). Anfèt, tout moun, kèlkeswa laj yo, kapab pran detèminasyon pou yo obeyi kòmandman Bondye bay ki mande pou n “kouri pou imoralite seksyèl” la (1 Korentyen 6:18). Lè yo marye, y ap kapab jwi entimite fizik ki gen nan maryaj la san okenn krent ni okenn regrè moun k al nan relasyon seksyèl anvan yo marye konn jwenn souvan yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje