BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 144
  • Ki sa Bib la di sou kesyon ensinere moun nan?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Bib la di sou kesyon ensinere moun nan?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Sa moun yo panse sou kesyon ensinere moun nan men ki pa sa vre
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Èske w te konnen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Ki espwa ki genyen pou moun ki mouri yo?
    Bon nouvèl Bondye bay la!
Repons Bib la bay
ijwbq atik 144
Yon vaz ki gen sann moun nan ladan l bò kote foto l

Ki sa Bib la di sou kesyon ensinere moun nan?

Repons Bib la bay

Bib la pa bay okenn enstriksyon pou moun suiv si yo ta vle ensinere yon moun. Pa gen okenn kòmandman nan Bib la sou fason pou n antere moun oswa pou n ensinere moun.

Men, Bib la pale de sèvitè fidèl Bondye ki te antere moun pa yo ki te mouri. Pa egzanp, Abraram te fè anpil demach pou l achte yon kote pou l antere madanm li, Sara. — Jenèz 23:2-20; 49:29-32.

Epitou Bib la pale de sèvitè fidèl Bondye ki te boule rès kò yon moun ki te mouri. Pa egzanp, lè Sayil, wa Izrayèl la, te mouri nan batay ak twa pitit gason li yo, kò yo te rete nan tèritwa enmi yo ki te maltrete kò yo. Lè sòlda Izrayèl yo te tande nouvèl la, yo t al chèche kò Sayil ak kò pitit li yo, yo te boule kò yo e yo te antere rès yo (1 Samyèl 31:8-13). Bib la montre n pa t gen anyen mal nan dispozisyon sa yo te pran pou yo boule rès kò moun sa yo. — 2 Samyèl 2:4-6.

Sa moun yo panse sou kesyon ensinere moun nan men ki pa sa vre

Sa yo panse: Lè yo ensinere kò yon moun, sa vle di moun nan pa t merite pou yo antere l.

Sa ki verite: Bib la di moun ki mouri yo retounen nan pousyè. Sa ki nòmal piske kò moun nan dekonpoze lè l mouri (Jenèz 3:19). Lè yo ensinere yon moun, dife a fè sa rive pi vit paske kò a tounen sann, ki an reyalite se pousyè.

Sa yo panse: Nan tan biblik yo, se sèlman moun ki pa t gen apwobasyon Bondye yo te boule kò yo lè yo mouri.

Sa ki verite: Se vre gen moun ki pa t montre yo fidèl, tankou Akàn ak fanmi l, yo te boule kò yo lè yo te mouri (Jozye 7:25). Men, sa te rive yon fwa konsa, se pa t yon abitid (Detewonòm 21:22, 23). Jan nou te di sa pi wo a, gen moun ki te montre yo fidèl, tankou Yonatàn pitit wa Sayil, yo te boule kò yo lè yo te mouri.

Sa yo panse: Si yo ensinere yon moun, Bondye pap ka resisite moun sa a.

Sa ki verite: Pou Bondye resisite yon moun, li pa enpòtan pou l konnen si yo te antere moun nan, si yo te ensinere l, si l te disparèt nan fon lanmè oubyen si se bèt sovaj ki te manje l (Revelasyon 20:13). Bondye Toupisan an kapab refè yon lòt kò pou moun nan byen fasil. — 1 Korentyen 15:35, 38.

Èske n dwe ensinere moun nan oubyen antere l? — Ki jan pou n pran desizyon an?

Lè n dwe deside sa n ap fè ak kò yon moun ki mouri, egzamine pwen sa yo.

  • Ki sa moun nan te di l vle. Bib la pale de sitiyasyon kote manm fanmi mò a respekte enstriksyon moun nan te bay aklè konsènan sa pou yo fè ak kò l lè l mouri. — Jenèz 50:4, 5; Egzòd 13:19.

  • Koutim moun nan zòn nan. Souvan, koutim moun nan zòn nan gen enfliyans sou sa yo fè ak kò yon moun lè l mouri (Jan 19:40). Pa egzanp, nan tan biblik yo, moun yo te gen abitid antere mò yo (Jenèz 49:31; 1 Samyèl 28:3). Se konsa jodi a tou, yon moun ka chwazi suiv koutim zòn kote li rete a pou l konn sa l ap fè ak kò mò a, depi koutim sa a pa kont prensip Bib la.

  • Sa lalwa mande. Bib la ankouraje pou n obeyi otorite ki nan monn nan (Women 13:1). Gen zòn kote otorite yo met lwa pou fè konnen sa pou yo fè ak kò yon moun lè l mouri. Pa egzanp, gen otorite ki bay restriksyon sou sa yo ka fè ak sann kò moun nan lè yo fin ensinere l.

  • Pran an konsiderasyon sa lòt moun panse. Bib la ankouraje n pou nou gen sousi pou lòt moun, pou n chèche enterè lòt moun (Filipyen 2:4). Donk, lè n ap pran desizyon pou n konn sa n ap fè ak kò yon moun ki mouri, nou ka egzamine pwen sa yo: Ki jan lòt moun nan fanmi an wè sa lè yo ensinere yon moun oswa lè yo antere l? Ki jan moun nan zòn nan wè pratik sa yo?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje