BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 159
  • Èske bèt yo ale nan syèl?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske bèt yo ale nan syèl?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Èske bèt yo gen yon nanm?
  • Èske nanm nan ka mouri?
  • Èske bèt yo kapab peche kont Bondye?
  • Èske nou gen dwa maltrete bèt yo?
  • Ki jan lavi te kòmanse?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Mennen yon vi vejetalyen — Ki sa Bib la di?
    Kèk lòt sijè
  • “Nanm” ak “espri”: ki sa mo sa yo vle di an reyalite?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Ki moun ki kreye ou?
    Viv alèz sou tè a pou tou tan!
Repons Bib la bay
ijwbq atik 159
Yon chen

Èske bèt yo ale nan syèl?

Repons Bib la bay

Bib la anseye pami tout kreyati ki sou tè a, se yon ti kantite moun ki prale nan syèl (Revelasyon 14:1, 3). Yo pral nan syèl pou y al dirije antanke wa e pou yo sèvi antanke prèt avèk Jezi (Lik 22:28-30; Revelasyon 5:9, 10). Bib la anseye tou, majorite moun yo pral resisite sou tè a k ap tounen yon paradi. — Sòm 37:11, 29.

Pa gen okenn kote nan Bib la yo fè konnen gen yon paradi nan syèl la pou bèt oswa pou chen nou genyen lakay nou, e gen yon bon rezon pou sa. Bèt yo pa ka fè sa ki nesesè pou yo ‘rele yo pou [y] al nan syèl la’ (Ebre 3:1). Sa ki nesesè pou yon moun jwenn privilèj sa a se chèche gen konesans sou Bondye, montre nou gen lafwa e obeyi kòmandman Bondye yo (Matye 19:17; Jan 3:16; 17:3). Se moun sèl Bondye te kreye avèk objektif pou yo viv pou toutan. — Jenèz 2:16, 17; 3:22, 23.

Pou yon moun al nan syèl la, li dwe resisite anvan (1 Korentyen 15:42). Bib la pale de plizyè moun ki te resisite (1 Wa 17:17-24; 2 Wa 4:32-37; 13:20, 21; Lik 7:11-15; 8:41, 42, 49-56; Jan 11:38-44; Travay 9:36-42; 20:7-12). Nan chak ka sa yo, se moun ki te resisite, se pa t bèt.

  • Èske bèt yo gen yon nanm?

  • Èske nanm nan ka mouri?

  • Èske bèt yo kapab peche kont Bondye?

  • Èske nou gen dwa maltrete bèt yo?

Èske bèt yo gen yon nanm?

Non. Bib la anseye ni bèt ni moun se nanm yo ye (Nonb 31:28). Lè Bondye te kreye Adan, li pa t ba li yon nanm men, li “vin tounen yon moun ki vivan” (Jenèz 2:7, nòt). Nanm nan gen de bagay ki konpoze l, bagay sa yo se: “Pousyè ki sot nan tè a” ak “souf lavi a.”

Èske nanm nan ka mouri?

Wi, Bib la anseye nanm nan kapab mouri (Levitik 21:11, nòt; Ezekyèl 18:20). Lè yo mouri, ni bèt yo ni moun retounen nan pousyè (Eklezyas 3:19, 20). Nou ka di ankò, yo sispann egziste.

Èske bèt yo kapab peche kont Bondye?

Non. Peche kont Bondye vle di panse, gen anvi oswa fè yon bagay ki kont prensip Bondye yo. Pou bèt yo ta peche kont Bondye, yo ta dwe deside ant sa ki byen ak sa ki mal, men yo pa gen kapasite sa a. Yo aji avèk ensten yo genyen lakay yo pandan tout vi yo (2 Pyè 2:12). Lè yo rive nan bout lavi yo, yo mouri menm lè yo pa t peche.

Èske nou gen dwa maltrete bèt yo?

Non. Bondye bay lèzòm otorite sou bèt yo men, li pa ba yo dwa pou yo maltrete bèt yo (Jenèz 1:28; Sòm 8:6-8). Bondye veye pou chak bèt jwenn sa l bezwen, menm ti zwazo yo (Jonas 4:11; Matye 10:29). Li bay sèvitè li yo lòd pou yo byen trete bèt yo. — Egzòd 23:12; Detewonòm 25:4; Pwovèb 12:10.

Vèsè nan Bib la ki gen rapò ak bèt

Jenèz 1:28: “Bondye te beni [premye gason an ak premye fi a] e li te di yo: ‘Fè pitit, fè anpil pitit, plen tè a ak moun, epi se pou nou gen pouvwa sou tè a. Se pou nou gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè a, sou bèt k ap vole nan syèl la e sou tout lòt bèt k ap fè mouvman sou tè a.’”

Ki sa sa vle di: Bondye bay lèzòm otorite sou bèt yo.

Nonb 31:28: “Nan pati ki pou sòlda ki sot nan lagè yo, sou chak 500 pami moun yo, bèf yo, bourik yo, mouton yo ak kabrit yo, nou dwe pran yon nanm [...].”

Ki sa sa vle di: Ni moun, ni bèt, se nanm yo ye.

Pwovèb 12:10: “Moun ki dwat la pran swen bèt li.”

Ki sa sa vle di: Bon moun nan pran swen bèt li genyen.

Matye 10:29: “Èske yo pa vann de tikit pou yon ti pyès monnen ki pa gen anpil valè? Epoutan, pa gen youn ladan yo k ap tonbe atè san Papa nou pa konnen.”

Ki sa sa vle di: Bondye veye sou bèt yo e li pran swen yo, menm ti zwazo yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje