BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwex atik 3
  • Yo rete pou yo ede m

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo rete pou yo ede m
  • Eksperyans kèk Temwen Jewova fè
  • Sou menm sijè a
  • “Men nou! Voye nou!”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • “Pa kite fatig pote n ale”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • “Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Èske m ta dwe sispann kondui?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
Eksperyans kèk Temwen Jewova fè
ijwex atik 3
Bòb ki chita bò wout la nan chèz woulant li pandan jèn Temwen yo ap chanje kawotchou a pou li.

Yo rete pou yo ede m

Yon jou kote te gen gwo van e li te fè frèt, Bòb t ap kondui a yon vitès 100 kilomèt alè sou yon wout nan Albèta nan peyi Kanada. Bridsoukou, kawotchou ki sou bò goch nan wou dèyè ti bis li a eklate. Lè sa a, Bòb pa t konprann sa k te pase a, donk li kontinye kondui senk kilomèt ki te rete a pou l rive lakay li.

Men sa Bòb te ekri nan yon lèt li te voye bay Temwen Jewova nan Sal Wayòm ki nan zòn nan konsènan sa k te rive l annapre: “Gen senk jèn ki avanse machin yo a bò kote machin pa m nan e ki desann vit yo pou fè m konnen kawotchou m nan te eklate. Nou raze nou sou kote wout la epi yo di m y ap chanje kawotchou a pou mwen. M pa t menm konnen si m te gen yon kawotchou derechany ak yon djak. Pandan m te rete sou chèz woulant mwen an akote wout la, yo antre anba bis la pou yo jwenn ni derechany lan ni djak la, e konsa, yo chanje kawotchou a pou mwen. Li te fè frèt anpil e te gen nèj ki t ap tonbe byen fò. Yo te byen abiye, men yo fè travay la pou yo te pèmèt mwen pran wout la ankò. M pa t ap ka fè sa poukont mwen.

“M ap di senk jèn Temwen ki te ede m yo mèsi. Yo t ap vizite moun yo lakay yo pou preche yo. Jèn sa yo vrèman mete an pratik sa y ap preche a. Pa gen dout nan sa, yo te ede m soti nan yon gwo pwoblèm e m vrèman apresye sa yo te fè pou mwen an. Kiyès ki te konnen si jèn sa yo t ap la pou mwen tankou senk zanj pou vin ede m jou sa a?”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje