BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 novanm p. 8-9
  • Èske m ta dwe sispann kondui?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske m ta dwe sispann kondui?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • EGZAMINE FASON W KONDUI
  • KITE PRENSIP KI NAN BIB LA GIDE W
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 novanm p. 8-9
Yon frè ki granmoun ki chita bò yon fenèt k ap gad machin li deyò a. Li kenbe kle machin nan nan men l pandan l ap medite.

Èske m ta dwe sispann kondui?

OU GEN lontan depi w ap kondui. Ou kontan lefètke w ka kondui machin pa w oswa motosiklèt ou pou w al kote w vle lè w vle. Men, fanmi w ak zanmi w ap enkyete pou ou e yo panse ou ta dwe sispann kondui. Ou pa ka konprann poukisa y ap bay tèt yo pwoblèm.

Èske se nan yon sitiyasyon konsa w ye? Si se ka pa w, ki sa k ka ede w konnen si w ta dwe kontinye kondui?

Nan kèk peyi, gen chofè lè yo rive nan yon laj e yo vle renouvle lisans yo, yo dwe jwenn pèmisyon yon doktè pou yo kontinye kondui. Kretyen k ap viv nan peyi sa yo obeyi lwa ak desizyon moun Leta bay otorizasyon nan domèn sa a (Wom. 13:1). Men, kèlkeswa kote w ap viv, gen plizyè fason ou ka chèche konnen si w toujou kapab kondui.

EGZAMINE FASON W KONDUI

Gen yon òganizasyon pou moun ki granmoun ki ankouraje moun ki granmoun yo poze tèt yo kesyon ki vin annapre yo:

  • Èske l difisil pou m li pano ki sou wout yo oswa l difisil pou m wè lannuit?

  • Èske l difisil pou m vire tèt mwen gad nan retwovizè yo ak nan yon seri ang mwen pa ka wè nan retwovizè?

  • Èske m twouve l difisil pou m reyaji vit, pa egzanp, pou m retire pye m sou gaz la pou m mete l sou fren an?

  • Èske m tèlman kondui dousman mwen deranje sikilasyon an?

  • Èske m manke fè aksidan plizyè fwa, oswa èske machin mwen kolboso oswa l grave paske mwen frape l nan yon seri bagay?

  • Èske lapolis te kanpe m akoz fason m kondui?

  • Èske dòmi konn anvi pran m pandan m ap kondui?

  • Èske m ap pran medikaman ki ka aji sou fason m ap kondui?

  • Èske moun nan fanmi m oswa zanmi m fè m konnen yo enkyete pou fason m kondui?

Si w reponn wi pou youn oswa de nan kesyon sa yo, se kapab moman pou w fè kèk chanjman. Pa egzanp, ou ka deside kondui mwens, sitou lannuit. Toujou egzamine fason w kondui. Ou ka mande yon moun nan fanmi w oswa yon zanmi w ki jan l wè w kondui. Epitou, ou ka reflechi pou w wè si l t ap bon pou w al suiv yon kou sou fason pou w kondui san danje, si gen sa nan peyi w. Sepandan, si w te reponn wi pou plizyè nan kesyon ki pi wo yo, li ka pi bon pou ou pou w sispann kondui.a

KITE PRENSIP KI NAN BIB LA GIDE W

Nou ka pa menm rann nou kont nou pa kondui byen menm jan an ankò. Epitou, nou ka pa renmen pale sou kesyon sispann kondui a. Donk, ki prensip nan Bib la ki ka ede w byen egzamine sitiyasyon w epi pran yon bon desizyon? Ann wè de nan prensip sa yo.

Nou bezwen rekonèt limit nou (Pwo. 11:2). Tank n ap granmoun, se tank kapasite pou n wè, pou n tande e pou n fè mouvman ap bese. Pa egzanp, pifò moun k ap granmoun sispann fè yon seri spò paske yo rann yo kont li vin pi fasil pou yo pran chòk. Se menm prensip la tou nan kesyon kondui. Rive yon lè, yon moun ki rekonèt limit li ka deside sispann kondui pou pwoteje tèt li (Pwo. 22:3). E si gen lòt moun ki fè konnen yo enkyete pou fason w kondui, si w se yon moun ki rekonèt limit ou, w ap dispoze koute. — Konpare ak 2 Samyèl 21:​15-17.

Nou pa vle responsab lanmò moun (Det. 22:8). Si yon moun pa fè atansyon lè l ap kondui, li ka blese moun oswa touye moun. Yon moun ki kontinye kondui, menm lè l pa ka kondui byen ankò, ka met lavi l ak lavi lòt moun an danje. E si l ta fè yon gwo aksidan, li ka lakòz moun mouri.

Ou pa bezwen panse lòt moun pap respekte w ankò si w oblije sispann kondui. Jewova renmen w e l kontan lè w montre w rekonèt limit ou, lè w gen imilite e lè w gen sousi pou sekirite lòt moun. Epitou, li pwomèt l ap soutni w e l ap konsole w (Eza. 46:4). Li pap janm abandone w. Kidonk, mande Jewova pou l ba w sajès ak bon jijman lè w ap reflechi pou w wè si w ta dwe sispann kondui.

Fason lòt moun ka bay èd pa yo

Byen souvan, se moun nan fanmi moun ki granmoun yo ki plis ka pale avè yo sou fason yo kondui. Oswa petèt ou se zanmi chofè a e w tande lòt moun k ap di yo enkyete pou fason l kondui. Bay sa yo di a anpil enpòtans. Ou ka menm mande chofè a mennen w yon kote pou w ka wè si sa yo di a se vre. Si sa nesesè, fè yon ti pale avè l sou fason l kondui. Lè w ap fè sa, mete w nan plas li. Se pou w janti avè l, men se pou w di l laverite. Pa twò panse ak laj li. Objektif ou se pale avè l sou fason l kondui. Ou ka di l yon seri pawòl tankou: “Mwen enkyete pou sekirite w lè w ap kondui”, olye w di l: “Ou pa kondui byen ankò”. Fè l sonje lanmou li gen pou prensip ki nan Bib la nou jwenn nan atik sa a.

Nou tout ka eseye mete n nan plas yon moun ki granmoun ki oblije sispann kondui. Li ka santi l pèdi libète l e l vin depann de lòt moun. Ki jan w ka ede l? Aji byen avè l epi ba l èd li bezwen (Pwo. 17:17). Pa tann se li menm ki mande w woulib paske sa ka fè l santi li vin yon chay pou ou. Petèt ou ka ofri l pou w fè yon pwogram pou w mennen l nan yon seri aktivite enpòtan, tankou al nan reyinyon, al preche, al achte epi al nan randevou doktè. Fè l konnen ou kontan fè sa pou li e w kontan pase tan avè l. — Wom. 1:​11, 12.

a Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade atik ki gen tit “Circulation routière: êtes-vous en sécurité?” ki parèt nan Reveye n! 22 out 2002 (fransè).

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje