IBOLYA BARTHA | BYOGRAFI
Mwen te genyen mari m “san pawòl”
Gen anpil bagay ki te atire m vin sèvi Jewova. Lanmou ak chalè ki te gen pami Temwen Jewova yo te touche m e fason yo anseye verite ki nan Bib la te gen gwo efè sou mwen. Se pa ti kontan mwen te kontan aprann Bondye gen bonjan sousi pou moun e li pral ban nou yon bèl avni. Men, mari m pa t wè bagay yo menm jan avè m e sa te fè m jwenn anpil pwoblèm.
Jou maryaj nou
Mwen fèt an 1952 nan peyi Woumani. Manman m te yon Temwen ki batize, men, li te sispann preche, se sa k fè mwen pa t konn asiste reyinyon Temwen Jewova yo. Epitou, nan epòk la, Woumani te anba yon rejim kominis ki te entèdi Temwen Jewova yo enprime piblikasyon yo e fè travay predikasyon an. Donk, tout anvan m gen 36 an, mwen pa t konnen kiyès Jewova ye e m pa t konn sa Bib la anseye. Men, an 1988, pandan mwen menm ak István, mari m, t ap viv nan vil Satou Mare, gen yon bagay ki te chanje lavi m.
Yon envitasyon mwen pa t ka refize
Yon lè, manman m te vin wè m. Li di m: “Mwen pral wè matant ou, ou vle vin avè m? Apre sa, nou ka al fè kèk acha ansanm.” Kòm mwen pa t gen anyen nan pwogram mwen, mwen te ale avè l.
Lè m rive kay matant mwen, te gen anviwon nèf lòt moun ki te la e m wè se yon reyinyon Temwen Jewova yo t ap fè. Mwen pa t konnen manman m te rekòmanse preche. Sa m te tande jou maten sa a te gen yon gwo efè sou mwen.
Lè reyinyon an fini, moun ki t ap fè reyinyon an vin kote m e l prezante tèt li. Li di: “Mwen rele János. Mwen remake ou t ap suiv ak anpil atansyon. Èske w renmen sa w tande jodi a?” Mwen di l: “Se premye fwa m asiste yon reyinyon konsa. Mwen t ap renmen vini ankò.” Li mande m: “Ou ta renmen etidye Bib la?” Se yon envitasyon mwen pa t ka refize. Mwen te santi se Bondye ki te fè m rankontre ak moun sa yo.
Nan demen, János te prezante m Ida, e se li menm ki te kòmanse etidye Labib avè m. Men, mwen te pè paske mwen pa t konn ki jan István t ap reyaji lè l aprann m ap etidye Labib ak Temwen Jewova yo. An plizyè fwa mwen te eseye pale sou sa avè l, men li pa t janm okipe m. Mwen te konnen li pa t renmen sa.
Malgre sa, mwen te kontinye etidye e mwen te batize nan mwa out 1989. Kat mwa annapre, gouvènman nan peyi Woumani an, ki te yon gouvènman kominis, te tonbe e yo te touye lidè rejim nan.
Plis opozisyon
Rejim kominis la ki te tonbe a te fè nou vin gen plis libète. Temwen Jewova te lib pou yo fè reyinyon e pou yo preche. Men, nan ka pa m, libète sa a te fè m jwenn plis opozisyon. István te di m: “Ou mèt kwè sa w vle, men afè preche kay an kay la se bliye sa.”
Bon, mwen pa t gen entansyon sispann preche (Travay 4:20). Donk, mwen te fè efò pou l pa konnen lè m al preche. Men, yon jou, gen kèk zanmi István ki te wè m nan predikasyon kay an kay epi yo di l sa. Lè m rive lakay, misye te rele sou mwen, li di m: “W ap fè mwen menm ak fanmi nou wont!” Li te mete yon kouto anba kou m e l te menase pou l touye m si m pa sispann preche.
Mwen te eseye fè l wè rezon e m te fè l konnen mwen renmen l. Pawòl mwen yo sanble te mache paske li te kalme pou yon ti tan. Men, yon lè, mwen pa t dakò al asiste seremoni relijye pou maryaj yon fanmi pwòch nou e sa te fè kòlè István monte. Li te rekòmanse pale pi mal avèk mwen toujou.
Malerezman, mwen te oblije andire kòlè István pandan 13 an. Pandan peryòd sa a, li te konn di m l ap divòse avè m. Pafwa, li konn lòk mwen deyò. Gen lòt fwa, li konn mande m fè pakèt mwen, ale.
Sa k te ede m andire sitiyasyon difisil sa yo se lapriyè. Mwen te konn priye Jewova pou l ede m rete kalm e m te konn santi li ede m vre (Sòm 55:22). Kongregasyon an te ban m anpil sipò tou. Ansyen yo ak kèk sè ki gen eksperyans te konn ankouraje m pou m pa bay vag. Yo te konn fè m sonje sa Bib la di konsènan madanm ki kapab genyen mari yo “san pawòl” lè yo rete fidèl ak Jewova (1 Pyè 3:1). E pawòl sa yo te vin reyalize nan ka pa m tou.
Yon gwo chanjman
An 2001, István te fè yon stwok e sa te lakòz li pa ka mache. Li te pase yon mwa lopital e l te pase plizyè semèn nan sant reyabilitasyon. Pandan peryòd sa a, mwen te toujou rete bò kote l. Mwen te ba l manje e m te asire m li gen tout sa l bezwen.
Frè ak sè yo nan kongregasyon an te vizite l. István te wè lanmou ak gwo sousi frè ak sè yo te genyen. Anpil nan yo te ofri ede nou ak travay nan kay la. E ansyen yo te toujou la pou ankouraje nou e pou soutni nou.
Tout vizit sa yo te touche István, epi li te santi l wont pou fason li te konn trete m. Anplis li te rann li kont, pa gen youn nan zanmi l yo ki te vin vizite l. Se sa k fè lè l kite lopital la, li te di: “Mwen vle etidye Labib pou m vin Temwen Jewova.” Mwen te tèlman kontan, mwen te kriye!
Nan mwa me 2005, István te batize. Piske li pa t ka mache, frè yo te mete chèz woulant li toupre pisin batèm nan, epi yo te mete l nan dlo a e yo te batize l. István te vin yon pwoklamatè Wayòm nan ki te chofe pou l preche. Mwen byen sonje bèl ti moman nou pase ansanm nan travay predikasyon an. Se vrèman estrawòdinè! Jis imajine, moun sa a ki te konn opoze avè m paske m t ap preche laverite ki nan Pawòl Bondye a ap travay kòtakòt avè m kounye a, e l ap preche lòt moun bon nouvèl la ak kè kontan!
István te vin renmen Jewova anpil e li te byen sèvi ak tan l pou l etidye epi aprann vèsè yo nan Bib la. Li te renmen pale de vèsè sa yo ak frè ak sè yo nan kongregasyon an. Li te pwofite okazyon sa yo pou l ankouraje frè ak sè l yo.
Nou menm ak kèk zanmi nan yon kongrè rejyonal.
Sante István te kontinye vin pi mal. Apre li te fè plizyè ti stwok, li te vin pa ka pale e finalman li te pran kabann nèt. Èske sitiyasyon sa a te fè l sispann adore Jewova? Jamè! Li te kontinye fè tout sa l kapab pou l li e pou l etidye. Lè frè ak sè yo te konn vin wè l, li te konn sèvi ak yon aparèy ki gen yon ekran tou senp pou l kominike avèk yo e pou l fòtifye lafwa yo. Gen yon frè ki di: “Mwen renmen al wè István. Vizit sa yo toujou ban m fòs ak ankourajman.”
Malerezman, István mouri nan mwa desanm 2015. Sa te fè m tris anpil anpil. Men fò m di tou, nan moman sa a lespri m te anpè. Rezon an se paske István te gentan vin zanmi Jewova byen lontan anvan l mouri. E se youn nan bagay ki ban m plis kè kontan. Ni manman m, ni István, nan memwa Jewova kounye a. Sa pral bèl anpil lè m ap ka ba yo akolad ankò epi akeyi yo nan monn nouvo Jewova pral ban nou an.
Sa gen plis pase 35 an depi mwen menm ak manman m t al wè matant mwen e se yon vizit mwen pap janm bliye. Mwen gen plis pase 70 an e m se yon pyonye pèmanan. Mwen wè se pi bon fason mwen ka di Jewova mèsi pou tout sa l fè pou mwen (Sòm 116:12). Li te ede m rete fidèl e l te ede m rete kalm lè m t ap fè fas ak opozisyon. E mwen te aprann menm anba opozisyon, sitiyasyon yo ka chanje. Byenke mwen pa t atann ak sa ditou, mwen te rive genyen mari m san pawòl.