BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g18 no 1 p. 8-9
  • Lanmou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lanmou
  • Reveye n! — 2018
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • YO INI AK “YON CHENN KI INI MOUN YON FASON KI SAN FAY”
  • “Se pou nou kontinye mache nan lanmou”
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • Lanmou: Yon kalite ki enpòtan anpil
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Annou kiltive lanmou ki pa janm fayi a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Fason nou ka fè bonjan lanmou an grandi nan nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
Gade plis
Reveye n! — 2018
g18 no 1 p. 8-9
Mari ak madanm k ap viv ak kè kontan

WOUT KÈ KONTAN AN

Lanmou

LÈZÒM SWAF POU YO JWENN LANMOU. Lanmou enpòtan anpil nan maryaj, nan fanmi e pou moun gen bon zanmi. Donk, nou vin konprann, lanmou enpòtan pou nou ka santi nou byen epi gen kè kontan. Men, de ki kalite “lanmou” n ap pale menm?

Lanmou n ap pale la a se pa lanmou ki gen ant gason ak fi, byenke kalite lanmou sa a enpòtan tou. Anfèt, se yon kalite lanmou ki pi fò toujou, li fè moun ki genyen l lan enterese toutbon nan byennèt lòt moun epi menm mete enterè lòt moun anvan enterè pa yo. Byenke se prensip Bondye bay ki gide lanmou sa a, li gen afeksyon ak santiman ladan l tou.

Gade yon bèl fason yo defini lanmou: “Lanmou gen pasyans ak byenveyans. Lanmou pa jalou sò moun, li pa vante tèt li, li pa kite ògèy plen tèt li, li pa aji yon fason ki endesan, li pa chèche pwòp enterè l, li pa fè kòlè fasil. Li pa note bagay mal yo fè l. Li pa pran plezi nan sa ki mal, men li pran plezi nan sa ki verite. Li sipòte tout bagay, [...], li espere tout bagay, li andire tout bagay. Lanmou pa janm fayi.” — 1 Korentyen 13:4-8.

Yon lanmou konsa “pa janm fayi” nan sans li pap janm sispann egziste. Vrèmanvre, tank tan ap pase l ap kontinye grandi. E kòm lanmou sa a gen pasyans, byenveyans ak padon, li se “yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay”. (Kolosyen 3:14.) Kidonk, moun ki gen relasyon ki chita sou lanmou sa a santi yo an sekirite e kè yo kontan malgre yo enpafè. Ann pran egzanp maryaj.

YO INI AK “YON CHENN KI INI MOUN YON FASON KI SAN FAY”

Jezi Kris te anseye yon seri prensip ki enpòtan nan maryaj. Pa egzanp, li te di: “‘Yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li, e yo de a ap vin yon sèl chè’? [...]. Kidonk, sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” (Matye 19:5, 6). Gen omwen de prensip la a.

“YO DE A AP VIN YON SÈL CHÈ.” Maryaj se relasyon ki pi entim lèzòm ka genyen, e lanmou ka pwoteje maryaj kont enfidelite, sa vle di lè yon mari oswa yon madanm vin “fè yon sèl kò” avèk yon moun li pa marye avè l (1 Korentyen 6:16; Ebre 13:4). Enfidelite kraze konfyans e li ka detwi yon maryaj. Si gen timoun menm, sa ka pi mal toujou, petèt timoun yo ka santi moun pa renmen yo, yo ka pèdi konfyans nan tèt yo e yo ka vin gen rankin.

“SA BONDYE METE ANBA MENM JOUK.” Mete sou sa, maryaj se yon bagay ki sakre tou. Moun marye ki wè maryaj konsa fè tout sa yo kapab pou yo fè maryaj yo vin pi djanm. Yo pa chèche kraze maryaj yo lè yo jwenn difikilte. Lanmou yo genyen an fò anpil e nenpòt ti bagay pa ka efase l. Yon moun ki gen yon lanmou konsa “sipòte tout bagay”, e li fè sa l kapab pou l rezoud pwoblèm yo yon fason pou maryaj la ka toujou yon kote ki gen tèt ansanm ak lapè.

Lè paran yo demontre yon lanmou kote yo pa wè tèt yo sèlman, se pa ti bon sa bon pou pitit yo. Men sa yon jèn dam ki rele Jessica di: “Papa m ak manman m te vrèman gen lanmou ak respè youn pou lòt. Lè m wè jan manman m respekte papa m, sa fè m anvi imite l.”

Lanmou se kalite ki pi fò lakay Bondye. Anfèt, Bib la di: “Bondye se lanmou.” (1 Jan 4:8). Donk, nou pa sezi paske Bib la rele Jewova “Bondye ki gen kè kontan an”. (1 Timote 1:11.) Nou menm tou, n ap kontan lè nou fè efò pou nou imite kalite Kreyatè nou an genyen yo, sitou lanmou. Men sa Efezyen 5:1, 2 di: “Se pou nou imite Bondye, antanke pitit li renmen, e se pou nou kontinye mache nan lanmou.”

PWEN ENPÒTAN

‘Lanmou gen pasyans ak byenveyans. Li sipòte tout bagay, li espere tout bagay, li andire tout bagay. Lanmou pa janm fayi.’ — 1 Korentyen 13:4-8.

Lanmou fè moun gen kè kontan paske...

  • li ede yo enterese toutbon nan byennèt lòt moun.

  • li ka grandi tank tan ap pase.

  • li pèmèt amitye ak maryaj ret solid.

  • li ede timoun yo santi yo byen epi gen konfyans nan tèt yo.

  • li fè yo plis sanble ak Kreyatè yo a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje