Lanmou: Yon kalite ki enpòtan anpil
BONDYE te enspire apot Pòl pou l pale konsènan nèf kalite yon moun ka vin genyen grasa lespri sen (Gal. 5:22, 23). Li te fè konnen kalite sa yo ki atiran fè yon sèl, yo se “fwi lespri a”a. Se fwi sa a ki montre lè yon moun vin gen “nouvo pèsonalite a”. (Kol. 3:10.) Menm jan yon pyebwa ap bay fwi lè yo byen pran swen l, konsa tou, yon moun ap demontre fwi lespri a lè lespri sen ap aji nan tout aspè nan lavi l. — Sòm 1:1-3.
Premye kalite ki gen nan fwi lespri a Pòl te pale de li se lanmou, yon kalite ki enpòtan anpil. Jis nan ki pwen l enpòtan? Pòl te di, san lanmou, li pa “anyen”. (1 Kor. 13:2.) Men, ki sa lanmou ye, ki jan n ka vin genyen l e ki jan n ka demontre l chak jou?
FASON LANMOU YE
Byenke pa gen mo ki ka byen defini lanmou, Bib la esplike fason l ye. Pa egzanp, li fè konnen lanmou “gen pasyans ak byenveyans”. Epitou, lanmou “pran plezi nan sa ki verite”, “li sipòte tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li andire tout bagay”. Mete sou sa, yon moun ki gen lanmou se yon moun ki gen gwo afeksyon pou lòt moun, ki enterese anpil nan yo e ki atache anpil ak yo. Yon lòt bò, lè yon moun pa gen lanmou li konn jalou sò moun, li gen ògèy, li aji yon fason endesan, li egoyis, li pa renmen padone e li gen rankin. Kontrèman ak vye defo sa yo, lanmou nou vle genyen an “pa chèche pwòp enterè l”. — 1 Kor. 13:4-8.
LANMOU SAN PARÈY JEWOVA AK JEZI DEMONTRE
“Bondye se lanmou.” Kidonk, Jewova se lanmou menm (1 Jan 4:8). Tout travay li fè ak tout aksyon l montre l gen lanmou. Pi gwo aksyon l te fè ki demontre lanmou l genyen pou lèzòm se lè l te voye Jezi vin soufri epi mouri pou nou. Men sa apot Jan te di: “Lanmou Bondye te parèt aklè nan ka pa nou, paske Bondye te voye sèl Pitit li fè a nan monn nan, pou nou ka jwenn lavi grasa li. Nan ka sa a, men sa lanmou an ye: se pa nou menm ki te renmen Bondye, men se li menm ki te renmen nou e ki te voye Pitit li a kòm yon sakrifis pou peche nou, yon sakrifis ki rekonsilye nou avèk li.” (1 Jan 4:9, 10). Piske Bondye renmen nou, li ka padone n, e nou ka gen esperans ak lavi.
Jezi te bay prèv li renmen lèzòm lè l te dispoze akonpli volonte Bondye. Men sa Pòl te ekri: “[Jezi] di: ‘Gade! Mwen vini pou m fè volonte w.’ [...] Nou vin sen grasa ‘volonte’ sa a, paske Jezi Kris te bay kò l kòm ofrann yon fwa pou tout.” (Ebre 10:9, 10). Pa gen moun ki ka demontre yon pi gwo lanmou pase sa. Jezi di: “Pèsonn pa gen yon pi gwo lanmou pase yon moun ki bay lavi l pou zanmi l.” (Jan 15:13). Antanke moun ki enpafè, èske n ka imite lanmou Jewova ak Jezi demontre pou nou an? Wi! Ann wè ki jan n ka fè sa.
“KONTINYE MACHE NAN LANMOU”
Men ki ankourajman Pòl ban nou: “Se pou nou imite Bondye, antanke pitit li renmen, e se pou nou kontinye mache nan lanmou, menm jan Kris tou te renmen nou e li te bay tèt li pou nou.” (Efe. 5:1, 2). Nou “kontinye mache nan lanmou” lè n demontre kalite sa a nan tout aspè nan lavi n. Se pa nan pawòl sèlman nou demontre lanmou sa a, men, nou demontre l nan aksyon nou tou. Men sa Jan te ekri: “Timoun, youn pa dwe renmen lòt nan bouch, ni ak bèl pawòl, men se pou nou aji avèk senserite pou nou montre sa.” (1 Jan 3:18). Pa egzanp, lè n gen lanmou pou Bondye ak pwochen nou, n ap chofe pou n pataje “bon nouvèl [...] Wayòm nan” ak lòt moun (Mat. 24:14; Lik 10:27). Mete sou sa, nou mache nan lanmou lè n gen pasyans ak byenveyans ak lè n renmen padone. Se sa k fè Bib la ban nou konsèy sa a: “Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou, nou dwe fè menm jan an.” — Kol. 3:13.
Sepandan, nou pa dwe konfonn vrè lanmou an ak santiman. Pa egzanp, pou yon paran ki gen santiman pou pitit li kalme pitit li k ap kriye, li konn tolere tout ti kapris timoun nan fè. Men, paran ki renmen pitit li toutbon an ap montre l fèm lè sa nesesè. Menm jan an tou, Bondye se lanmou, men, “Jewova disipline moun li renmen”. (Ebre 12:6.) Lè nou mache nan lanmou, nou menm tou n ap bay bonjan disiplin lè sa nesesè (Pwo. 3:11, 12). Nòmalman, lè n ap fè sa nou dwe sonje nou menm tou nou se pechè e n gen tandans aji yon fason ki pa demontre lanmou. Donk, nou tout gen kèk domèn kote n bezwen amelyore fason n demontre lanmou. Ki jan n ka fè sa? Ann egzamine twa fason.
KI JAN NOU KA VIN GEN LANMOU?
Premyèman, mande Bondye pou l ban nou lespri l k ap pèmèt nou gen lanmou. Jezi te fè konnen Jewova t ap bay “moun lespri sen si yo mande l li”. (Lik 11:13.) Si n priye Jewova pou l ban nou lespri sen epi n fè tout sa n kapab pou n “kontinye viv selon lespri a”, n ap demontre plis lanmou toujou nan aksyon nou (Gal. 5:16). Pa egzanp, si w se yon ansyen nan kongregasyon an, ou ka mande Jewova lespri sen pou ede w bay lòt moun konsèy ki soti nan Ekriti yo avèk lanmou. Oswa, si w se yon paran, ou ka mande Bondye lespri sen pou ede w disipline pitit ou avèk lanmou, olye w fè sa ak kòlè.
Dezyèmman, reflechi sou fason Jezi te demontre lanmou, menm lè yo te pwovoke l (1 Pyè 2:21, 23). Se sitou lè yon moun ofanse n oswa lè n sibi yon enjistis n ap bezwen panse ak egzanp Kris. Nan moman sa yo, yon bon kesyon nou dwe poze tèt nou se: ‘Ki sa Jezi t ap fè?’ Gen yon sè ki rele Leigh ki te rann li kont lè l te poze tèt li kesyon sa a sa te ede l reflechi anvan l aji. Men sa l rakonte: “Yon lè, gen yon kòlèg travay mwen ki te voye yon imel bay lòt kòlèg mwen yo kote l te di yon seri pawòl negatif sou mwen ak sou travay mwen t ap fè a. Sa te fè m mal anpil. Men, annapre, m te mande tèt mwen: ‘Ki jan m ka imite Jezi nan fason m ap boule ak moun sa a?’ Apre m fin reflechi sou sa Jezi t ap fè, m te deside kite sa e m pa t fè pawòl anpil ak sa. Kèk tan apre, m te aprann kòlèg travay mwen an te gen yon gwo pwoblèm sante e sa te fè l strese anpil. M te vin rann mwen kont li te ka pa t vrèman konprann sa l te ekri a. Piske m te reflechi sou egzanp Jezi nan fason l te demontre lanmou, menm lè yo t ap pwovoke l, sa te ede m demontre menm lanmou sa a pou kòlèg travay mwen an.” Vrèmanvre, si n imite Jezi, n ap toujou aji avèk lanmou.
Twazyèmman, chèche demontre lanmou ki mache ak sakrifis la, ki se siy ki idantifye vrè kretyen yo (Jan 13:34, 35). Nan sans sa a, Ekriti yo ankouraje n pou n chèche gen menm “mantalite” Jezi te genyen an. Lè Jezi te kite syèl la, li te “kite fòm li te genyen an” pou byen nou e l te menm aksepte “mouri”. (Flp. 2:5-8.) Menm jan ak Kris, lè n demontre lanmou ki mache ak sakrifis, panse nou ak santiman nou ap vin pi sanble ak pa l yo, e n ap chofe pou n met enterè pa lòt moun anvan enterè pa nou. Ki lòt byenfè nou jwenn lè n demontre lanmou?
BYENFÈ NOU JWENN LÈ N DEMONTRE LANMOU
Lè n demontre lanmou, byenfè nou jwenn yo estrawòdinè. Ann konsidere de egzanp:
Ki byenfè n jwenn lè n demontre lanmou?
YON FANMI ENTÈNASYONAL FRÈ AK SÈ: Piske nou youn renmen lòt, nou konnen nan kèlkeswa kongregasyon nou ale sou tè a, frè ak sè yo ap toujou akeyi n avèk lanmou. Se pa ti benediksyon sa ye lefètke n konnen “tout frè nou yo nan monn nan” renmen nou (1 Pyè 5:9). Apa nan pèp Bondye a, ki lòt kote ankò nou ka jwenn yon lanmou konsa?
LAPÈ: Lefètke “youn ap sipòte lòt nan lanmou”, sa pèmèt nou benefisye “chenn inyon lapè a”. (Efe. 4:2, 3.) Nou sitou jwenn lapè sa a nan reyinyon kongregasyon nou yo, nan asanble yo ak nan kongrè yo. Èske w pa dakò yon etadespri pezib konsa vrèman espesyal nan monn divize n ap viv jodi a (Sòm 119:165; Eza. 54:13)? Lè n chèche fè lapè ak lòt moun, nou montre jis nan ki pwen nou renmen yo, e sa fè Papa nou ki nan syèl la kontan. — Sòm 133:1-3; Mat. 5:9.
“LANMOU FÒTIFYE MOUN”
Men sa Pòl te ekri: “Lanmou fòtifye moun.” (1 Kor. 8:1). Ki fason lanmou fè sa? Nan trèzyèm chapit premye lèt Pòl te ekri kretyen nan vil Korent yo, yon chapit yo rele “Sòm lanmou” an, apot la esplike fason lanmou fòtifye moun. Toudabò, lanmou chèche avantaj lòt moun (1 Kor. 10:24; 13:5). Mete sou sa, piske lanmou reflechi anvan l aji, li gen konsiderasyon, li gen pasyans ak byenveyans, li pèmèt vin gen plis afeksyon nan fanmi yo ak plis tèt ansanm nan kongregasyon yo. — Kol. 3:14.
Lanmou nou gen pou Bondye a se lanmou ki gen plis valè a e ki ban nou plis fòs. Lanmou sa a fè moun tout kouch sosyal, tout ras ak tout lang met tèt yo ansanm pou yo sèvi Jewova “kòtakòt” ak kè kontan (Sof. 3:9). Ann pran detèminasyon chak jou pou n demontre kalite enpòtan sa a ki fè pati fwi lespri sen Bondye a.
a Atik sa a se premye nan yon seri nèf atik kote n pral egzamine chak kalite, oswa chak fasèt, ki gen nan fwi lespri a.