Yon objektif se tankou plan yon kay, si w vle reyalize l fò w travay pou sa.
POU JÈN
12 Objektif
SA SA VLE DI
Yon objektif plis pase yon rèv, li plis pase yon bagay ou ta renmen rive. Vrè objektif la gen ladan l planifye, dispoze adapte, e wè pa wè sa ap mande pou w travay di.
Objektif yo ka reyalize sou yon tan ki kout (kèk jou oswa kèk semèn), sou yon tan ki pa twò long (kèk mwa), e sou yon tan ki long (yon ane oswa plis). Ou kapab fikse kèk lòt ti objektif anvan w rive reyalize objektif ki reyalize sou yon tan ki long yo.
REZON KI FÈ SA ENPÒTAN
Lè w rive reyalize yon seri objektif, sa ka fè w vin gen plis konfyans nan tèt ou, sa ka fè amitye w ak lòt moun vin pi solid, e sa ka fè w gen plis kè kontan.
Konfyans nan tèt ou: Lè w fikse objektif pou bagay ki piti e w atenn yo, sa ap fè w gen plis konfyans nan tèt ou pou w fikse objektif ki gwo. Epitou, w ap gen plis konfyans lè w ap fè fas ak pwoblèm ou jwenn chak jou nan lavi a, tankou presyon jèn parèy ou ap fè sou ou.
Zanmi: An jeneral, moun renmen byen ak moun ki gen objektif ki rezonab, sa vle di moun ki konn sa yo vle e ki dispoze travay pou yo jwenn li. Mete sou sa, youn nan pi bon fason pou w fè amitye w ak lòt moun vin pi solid se lè w travay ak lòt moun ki gen menm objektif avè w.
Kè kontan: Lè w fikse objektif e w atenn yo, ou vin gen santiman ou akonpli yon bagay.
“Mwen renmen fikse objektif. Sa fè m toujou okipe paske gen yon bagay m ap chèche reyalize. E lè w rive reyalize l, ou santi w byen e w di: ‘Waw, mwen rive fè l vre! Mwen rive reyalize rèv mwen.’” — Christopher.
PRENSIP BIBLIK: “Si w’ap gade sou van, ou p’ap janm plante. Si w’ap gade sou nyaj, ou p’ap janm ranmase rekòt.” — Eklezyas 11:4, Bib la.
SA W KA FÈ
Fè sa ki vin apre yo pou w ka fikse objektif epi reyalize yo.
Idantifye objektif yo. Fè yon lis objektif ou ta ka genyen epi mete yo nan lòd ki pi enpòtan pou ou a: premye, dezyèm, twazyèm, ekstera.
Planifye. Pou chak objektif, fè sa ki vin apre yo:
Mete yon delè ki rezonab.
Detèmine etap w ap gen pou w suiv yo.
Eseye prevwa pwoblèm yo, e reflechi ak fason w ap rive fè fas avè yo.
Aji. Pa tann jiskaske w gen tout ti sa w bezwen anvan w kòmanse. Mande tèt ou: ‘Ki premye bagay mwen ka fè k ap ede m reyalize objektif mwen an?’ Epi, fè l. Chak sa w fin fè, gade ki kote w ye.
PRENSIP BIBLIK: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li.” — Pwovèb 21:5.