BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g19 no 3 p. 8-9
  • Fanmi ak zanmi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fanmi ak zanmi
  • Reveye n! — 2019
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • PA WÈ TÈT OU SÈLMAN
  • CHWAZI ZANMI W AVÈK SAJÈS
  • LÒT PRENSIP NAN BIB LA
  • Mete nou nan plas lòt moun
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Mete w nan plas lòt moun
    Reveye n! — 2020
  • Èske Bondye konn mete l nan plas moun?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
  • Byen chwazi moun k ap zanmi w
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Reveye n! — 2019
g19 no 3 p. 8-9
Kèk moun nan yon fanmi ki nan yon piknik ak zanmi yo.

Fanmi ak zanmi

Anpil moun twouve l difisil pou yo kenbe bon relasyon ak lòt moun. Ann egzamine kèk prensip nan Bib la ki ka ede w vin gen pi bon relasyon ak lòt moun.

PA WÈ TÈT OU SÈLMAN

PRENSIP BIB LA BAY: “Lè nou pa chèche enterè pa nou sèlman, men lè nou chèche enterè pa lòt moun tou.” — Filipyen 2:4.

SA SA VLE DI: N ap gen bon relasyon ak lòt moun si nou plis konsantre sou sa nou ka bay olye nou konsantre sou sa nou ka jwenn. Si w wè tèt ou sèlman, sa ka gen move efè sou relasyon w ak lòt moun. Pa egzanp, li pi fasil pou yon moun ki marye ki wè tèt li sèlman twonpe moun li marye avè l la. Mete sou sa, pa gen pèsonn ki vle fè zanmi ak yon moun ki toujou ap vante tèt li pou sa l posede oswa sa l konnen. Jan yon liv (The Road to Character) fè konn sa, moun ki enterese ak tèt yo sèlman e ki pa janm panse ak lòt moun ap tonbe nan anpil pwoblèm.

MEN SA W KA FÈ:

  • Ede lòt moun. Bon zanmi fè youn lòt konfyans e yo toujou dispoze ede youn lòt. Gen kèk etid ki fè konnen moun ki ede lòt moun gen mwens chans pou yo fè depresyon, e sa fè yo gen plis respè pou tèt yo.

  • Montre w gen senpati. Yo esplike senpati se lè nou santi lapèn yon moun nan kè pa nou. Si w demontre senpati, ou pap fasil di pawòl ki blesan oswa di moun yon seri bagay an blag pou w blese santiman yo.

    Lè w demontre senpati, ou vin pi toleran tou. Konsa, senpati kapab ede w evite gen prejije epi ede w fè zanmi ak tout kalite moun oswa moun tout kilti.

  • Bay lòt moun tan w. Plis ou pase tan ak lòt moun, se plis w ap vin konnen yo pi byen. Pou w fè zanmi ak lòt moun toutbon, ou bezwen gen bonjan konvèsasyon avèk yo. Donk, se pou w aprann byen koute. Demontre w enterese nan sa k enkyete zanmi w yo. Gen yon etid yo fè sa pa gen lontan ki fè konnen “konvèsasyon ki pwofon kapab fè moun gen plis kè kontan”.

CHWAZI ZANMI W AVÈK SAJÈS

PRENSIP BIB LA BAY: “Move frekantasyon fè moun pèdi bon prensip yo genyen.” — 1 Korentyen 15:33, nòt.

SA SA VLE DI: Moun ou pase tan avèk yo ap gen gwo enfliyans sou ou, kit se bon enfliyans, kit se move enfliyans. Sosyològ yo rekonèt enfliyans sa yo kapab gen efè sou lavi nou. Pa egzanp, yo di si moun nan antouraj ou fimen oswa yo divòse, gen anpil chans pou ou menm tou ou kòmanse fimen oswa ou vle divòse.

MEN SA W KA FÈ: Fè zanmi ak moun ki gen kalite ak prensip ou apresye oubyen w ta renmen imite. Pa egzanp, chèche byen ak moun ki gen konsiderasyon pou lòt moun nan fason yo pale, ki respekte lòt moun, ki renmen bay e ki renmen akeyi lòt moun.

LÒT PRENSIP NAN BIB LA

Yon dam k ap montre yon tifi yon videyo ki baze sou Bib la.

Gade videyo ki baze sou Bib la yo fè pou ede moun ki marye, jèn ak timoun viv pi byen nan fanmi yo.

EVITE DI PAWÒL KI KA BLESE LÒT MOUN.

“Pawòl moun di san reflechi tankou kout epe.” — PWOVÈB 12:18.

SE POU W RENMEN BAY.

“Moun ki renmen bay la, zafè l ap byen mache.” — PWOVÈB 11:25.

AJI AK LÒT MOUN JAN W TA RENMEN YO AJI AVÈ W.

“Tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo.” — MATYE 7:12.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje