BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb21 jiyè p. 3
  • Mete nou nan plas lòt moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Mete nou nan plas lòt moun
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Èske Bondye konn mete l nan plas moun?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
  • Mete w nan plas lòt moun
    Reveye n! — 2020
  • Poze kesyon
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Touche kè yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
mwb21 jiyè p. 3

CHÈCHE GEN PLIS KÈ KONTAN NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

Mete nou nan plas lòt moun

Mete nou nan plas lòt moun vle di konprann fason yo panse, santiman yo, sa k enpòtan pou yo ak sa yo bezwen. L ap fasil pou lòt moun wè lè nou mete nou nan plas yo, e sa parèt nan gwo anvi nou genyen pou nou ede yo. Lè nou mete nou nan plas lòt moun nan travay predikasyon an, nou imite lanmou Jewova ak sousi li gen pou moun e sa fè lòt moun anvi konnen l. — Fp 2:4.

Mete nou nan plas lòt moun se pa jis yon metòd ansèyman; sa parèt nan fason nou pran tan pou n pale, pou n koute, nan atitid nou, nan jès nou fè ak nan santiman ki parèt sou vizaj nou. Nou mete nou nan plas yon moun lè nou montre nou vrèman enterese nan li. Nou pran an konsiderasyon sa ki enterese l, kwayans li ak sitiyasyon l. Nou ba li enfòmasyon ak èd li bezwen san nou pa fòse l chanje. Lè moun nou preche yo aksepte èd nou, sa fè nou pi kontan toujou.

GADE VIDEYO KI GEN TIT CHÈCHE JWENN KÈ KONTAN NAN TRAVAY FÈ DISIP LA — CHÈCHE VIN PI MATON: METE NOU NAN PLAS LÒT MOUN, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Yon pati nan videyo ‘Chèche jwenn kè kontan nan travay fè disip la — Chèche vin pi maton: Mete nou nan plas lòt moun.’ Nan yon ti restoran, Jad ap esplike rezon ki fè l pa ka fè etid nan jou sa a.

    Ki jan Nita te montre l konn mete l nan plas lòt moun lè Jad te rive anreta?

  • Yon pati nan videyo ‘Chèche jwenn kè kontan nan travay fè disip la — Chèche vin pi maton: Mete nou nan plas lòt moun.’ Nita mete l nan plas Jad pou l koute l.

    Ki jan Nita te montre l konn mete l nan plas lòt moun lè Jad te di l li twò strese pou l fè etid la?

  • Yon pati nan videyo ‘Chèche jwenn kè kontan nan travay fè disip la — Chèche vin pi maton: Mete nou nan plas lòt moun.’ Nita ede Jad ranje chanm li ki te tèt anba.

    Lè nou mete nou nan plas lòt moun sa fè yo anvi konnen Jewova

    Ki jan Nita te montre l konn mete l nan plas lòt moun lè Jad te fè l konnen li pa yon moun ki òganize?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje