FÈ FAS AK LAVI CHÈ A K AP VALE TEREN
Se pou w gen espwa
Èske pri bagay yo ap ogmante nan peyi w alòske salè w pa ogmante? Èske w ap mande ki jan w ap rive pran swen tèt ou ak fanmi w? Si se ka pa w, ou ka ap enkyete w pou lavni. Epoutan, menm nan sitiyasyon difisil sa yo, li vrèman enpòtan pou w gen espwa.
REZON KI FÈ SA ENPÒTAN
Moun k ap viv ak espwa pa jis espere bon bagay ap rive yo. Espwa pouse yo fè tout sa yo kapab pou yo amelyore sitiyasyon yo. Pa egzanp, selon etid yo fè, moun ki gen espwa yo...
gen tandans gen plis andirans
pi fasil pou adapte yo
pran pi bon desizyon, sa gen ladan l viv yon fason k ap pèmèt yo amelyore sante yo
SA W KA FÈ
Premyèman, gade ki jan Bib la ka ede w jodi a. Bib la gen bonjan konsèy ki ka ede w fè fas ak lavi chè a k ap vale teren. Konsèy sa yo ak lòt bagay ankò ka pèmèt ou gen plis kontwòl sou lavi w, e fè w santi w pare pou w jere pwoblèm ou ka jwenn alavni yo.
Dezyèmman, gade ki sa Bib la di konsènan lavni. Lè w wè tout sajès ki gen nan konsèy nou jwenn nan Bib la, w ap anvi aprann plis sou sa Bib la di sou lavni. Pa egzanp, nonsèlman w ap aprann Bondye vle pou w gen “yon avni ak yon espwa”, men tou, w ap aprann li ban nou yon baz solid pou n kwè nan espwa sa a (Jeremi 29:11). Baz sa a se Wayòm Bondye a.
KI SA WAYÒM BONDYE A YE, E KI SA L PRAL FÈ?
Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki pral dirije tout tè a (Dànyèl 2:44; Matye 6:10). Pandan l ap dirije detan l nan syèl la, l ap elimine soufrans ak povrete, e l ap fè gen lapè ak abondans, jan vèsè ki annapre yo montre sa.
Plizyè milyon moun kwè nan pwomès sa yo paske yo gen konviksyon Bondye “pa ka bay manti”. (Tit 1:2.) Sa w panse si w pran yon ti tan pou w egzamine Bib la? Espwa li bay la ka ba w fòs pou w andire anba pwoblèm yo, e l ap ba w konviksyon pral gen yon pi bèl avni.