BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 10
  • Gwo delij dlo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Gwo delij dlo a
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Uit moun nan yon monn nouvo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Noye bati yon lach
    Liv istwa biblik mwen an
  • Lach Noye a
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Li te “rete an vi ansanm ak sèt lòt moun”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 10
Lach la ap flote sou dlo.

ISTWA 10

Gwo delij dlo a

PA DEYÒ lach la, moun yo te kontinye ap mennen lavi yo menm jan ak oparavan. Yo te toujou pa t kwè si delij la ka vini toutbon. Yo dwe t ap ri pi plis toujou. Men talè konsa tout ri t apral fini.

Sanzatann, yon gwo lapli pran tonbe. Lapli a tonbe sot nan syèl la tankou lè w ap vide dlo ak yon bokit. Noye te gen rezon ! Men kounye a, li te twò ta pou kèlkeswa moun nan ta rantre nan lach la. Jewova te fèmen pòt la byen di.

Yon moman apre, plèn yo te gentan kouvri ak dlo. Dlo yo vin tounen yon dal gwo larivyè k ap vide pyebwa atè, k ap woule gwo wòch desann, k ap fè anpil bri. Moun yo te pè, yo te al grenpe sou tèt mòn yo. Ala regrèt yo dwe te regrèt yo pa t koute Noye pou yo rantre anndan lach la lè pòt la te ouvè pou yo a ! Men kounye a li twò ta.

Dlo a te kontinye ap monte pi plis toujou. Dlo te fè 40 jou ak 40 nuit ap vide sot nan syèl la. Dlo a pran monte arebò mòn yo e yon ti moman apre, li gentan kouvri ata mòn ki pi wo yo. Donk, tankou jan Bondye te di, mezi se moun ak bèt ki te pa deyò lach la, tout te mouri. Men, anyen pa t rive moun ki te anndan lach la.

Dlo delij la kòmanse kouvri tout sa ki pa deyò lach la.

Noye ak pitit li yo te byen fè lach la. Tank dlo a t ap monte, se tank lach la t ap monte tou e li t ap flote sou dlo a. Epi yon jou, lapli a te vin sispann e solèy la te kòmanse klere. Si w te wè jan sa te bèl ! Se te yon gwo lanmè dlo ki te genyen tout kote. Sèl sa yon moun te ka wè, se te lach la ki t ap flote sou dlo.

Jeyan yo pa t la ankò. Yo pa t apral nui moun ankò. Yo tout nèt te mouri ansanm avèk ni manman yo, ni tout rès mechan yo. Men, ki sa ki te pase papa yo ?

Papa jeyan sa yo pa t menm kalite moun avèk nou toutbonvre. Se te zanj ki te desann pou yo viv kòm moun sou tè a. Donk lè delij la te rive, yo pa t mouri ansanm ak lòt moun yo. Yo te defèt kò moun yo te genyen an, yo te retounen kòm zanj nan syèl la. Men, yo pa t kite yo rantre nan mitan fanmi zanj Bondye yo ankò. Se konsa yo te vin tounen zanj Satan. Nan Bib la, yo rele zanj sa yo demon.

Bondye te fè yon van soufle, sa te fè dlo yo kòmanse bese. Apre senk mwa, lach la te al poze sou yon tèt mòn. Apre anpil jou fin pase, moun anndan lach la te kapab gade deyò, yo te kapab wè tèt mòn yo. Dlo yo te kontinye ap bese toujou.

Epi, Noye lage yon zwazo nwa yo rele kaw pa deyò lach la. Li te fè yon vole ale pou yon moman, epi li te retounen paske l pa t jwenn yon bon kote pou l poze. Li te kontinye ap vole ale. Men, chak fwa li vole, li retounen poze sou lach la.

Noye te bezwen wè si dlo a bese nèt sou tè a. Sa l fè, li lage yon pijon pa deyò lach la. Men, pijon an tounen tou paske l pa jwenn yon bon kote pou l rete. Noye vin voye pijon an yon dezyèm fwa, e fwa sa a, li retounen avèk yon fèy doliv nan bèk li. Kounye a, Noye konnen dlo a bese. Noye vin voye pijon an yon twazyèm fwa. Finalman, li jwenn yon ti kote ki te sèch pou l viv.

Kounye a, Bondye pale ak Noye. Li di l konsa : ‘ Pran tout fanmi w ansanm ak tout bèt yo avè w, nou mèt soti nan lach la ! ’ Yo te fè plis pase tout yon ane anndan lach la. Nou ka imajine jan yo te kontan lè yo wè yo tout yo soti vivan nan lach la.

Jenèz 7:10-24 ; 8:1-17 ; 1 Pyè 3:19, 20.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje