BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 6 p. 20-p. 21 par. 5
  • Uit moun nan yon monn nouvo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Uit moun nan yon monn nouvo
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Lach Noye a
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Gwo delij dlo a
    Liv istwa biblik mwen an
  • Noye bati yon lach
    Liv istwa biblik mwen an
  • Li te “rete an vi ansanm ak sèt lòt moun”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 6 p. 20-p. 21 par. 5
Tank lapli t ap tonbe, dlo t ap pote lach la.

LESON 6

Uit moun nan yon monn nouvo

Noye, fanmi l ak bèt yo k ap soti nan lach la.

Noye ak fanmi l ansanm ak bèt yo te antre nan lach la. Apre sa, Jewova fèmen pòt lach la e lapli kòmanse tonbe. Lapli te tèlman ap tonbe, dlo te kòmanse pote lach la. Rive yon lè, tout tè a te kouvri ak dlo. Tout mechan yo nèt te mouri pa deyò lach la. Men, Noye ak fanmi l te an sekirite anndan lach la. Èske w ka imajine jan yo te kontan dèske yo te obeyi Jewova?

Lapli te fè 40 jou ak 40 nuit ap tonbe, e apre sa li te sispann. Dlo a t ap bese tikras pa tikras. Alafen, lach la t al poze sou yon mòn. Men, te toujou gen dlo toupatou sou tè a, se sa k fè Noye ak fanmi l pa t ka soti nan lach la tousuit.

Tikras pa tikras, dlo a te vin seche. Noye ak fanmi l te fè plis pase ennan anndan lach la. Annapre, Jewova te di yo te ka soti anndan lach la pou yo antre nan yon monn ki te sanble ak yon monn nouvo. Yo te gen anpil rekonesans poutèt Jewova te sove yo, se sa k fè yo te fè yon ofrann pou Jewova.

Yon lakansyèl.

Jewova te aksepte ofrann yo te fè a. Li te pwomèt li pap janm detwi tout bagay sou tè a nan yon delij ankò. Li te bay yon siy pou fè moun sonje pwomès li te fè a, li te fè yon lakansyèl parèt nan syèl la. Èske w te deja wè yon lakansyèl?

Apre sa, Jewova te di Noye ak fanmi l pou yo fè pitit pou tè a vin chaje ak moun.

“Noye antre nan lach la [...], [moun] yo pa t remake anyen jiskaske delij la vini e li pote yo tout ale.” — Matye 24:38, 39.

Kesyon: Ki sa k te rive apre Jewova te fin fèmen pòt lach la? Lè n wè lakansyèl, ki sa nou dwe sonje?

Jenèz 7:1–9:17.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje