BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 37
  • Yon tant pou bay adorasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon tant pou bay adorasyon
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Yon tabènak pou yo adore Bondye
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Egzòd — Sa ki gen nan liv sa a
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • Jewova fè nou yon gwo envitasyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 37
Tabènak la oubyen tant lan Izrayèl te konn sèvi pou reyini.

ISTWA 37

Yon tant pou bay adorasyon

ÈSKE w konnen ki sa batisman sa a ye ? Se yon tant espesyal ki la pou bay Jewova adorasyon. Yo rele li tabènak tou. Pèp la te fin bati l yon ane apre yo te kite Ejip. Èske w konnen kiyès ki bay lide pou yo bati tant lan ?

Se Jewova ki bay lide a. Lè Moyiz te sou tèt mòn Sinayi a, Jewova te eksplike l fason pou yo bati tant lan. Li te di pou yo fè l yon jan pou yo ka demonte l byen fasil. Konsa, lè y ap deplase, y ap kapab pote tout pyès yo epi y ap kapab remonte yo kote yo rive a. Konsa, chak fwa Izrayelit yo ap deplase nan dezè a, yo demonte tant lan al avè l.

Si w gade anndan ti chanm ki nan fon tant lan, w ap wè yon bwat, oubyen yon kòf. Yo rele li lach alyans lan. Li te gen de zanj oubyen de cheriben ki fèt annò sou tèt li, youn nan chak pwent. Kòm Moyiz te kraze de premye wòch plat yo, Bondye ekri Dis Kòmandman yo sou de lòt wòch plat. Epi yo sere wòch plat sa yo anndan lach alyans lan. Yo mete yon ja ki gen lamàn ladan l tou. Èske w sonje ki sa lamàn nan ye ?

Jewova chwazi Arawon, frè Moyiz la, kòm granprèt. L ap dirije pèp la nan adorasyon y ap bay Jewova a. Epi pitit li yo se prèt tou.

Kounye a, gade chanm ki pi gwo a. Li de fwa pi gwo pase chanm ki pi piti a. Èske w wè bwat oubyen kòf ki gen lafimen k ap monte sòti anndan l lan ? Se lotèl kote prèt yo boule yon bagay ki bay lafimen santi bon. Yo rele sa lansan. Chanm sa a gen yon pòtlanp ki gen sèt lanp ladan l. Twazyèm bagay ki gen nan chanm nan se yon tab. Li toujou gen 12 pen sou li.

Basen ki gen dlo a ak lotèl la.

Nan lakou tabènak la gen yon gwo basen ki plen dlo. Prèt yo sèvi avèk li pou yo pwòpte kò yo. Gen yon gwo lotèl tou. Se sou li yo boule bèt yo touye yo, kòm ofrann pou Jewova. Tant lan egzakteman nan mitan kan an, epi tant pa Izrayelit yo simaye toutotou tant lan.

Egzòd 25:8-40 ; 26:1-37 ; 27:1-8 ; 28:1 ; 30:1-10, 17-21 ; 34:1, 2 ; Ebre 9:1-5.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje