BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 25 p. 64-p. 65 par. 3
  • Yon tabènak pou yo adore Bondye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon tabènak pou yo adore Bondye
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Ann bay privilèj pou n adore Jewova nan tanp espirityèl li a anpil valè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Yon tant pou bay adorasyon
    Liv istwa biblik mwen an
  • Egzòd — Sa ki gen nan liv sa a
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • “Lonbray bon bagay ki gen pou vini yo”
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 25 p. 64-p. 65 par. 3
Tabènak la ak lakou tabènak la.

LESON 25

Yon tabènak pou yo adore Bondye

Pandan Moyiz sou Mòn Sinayi, Jewova mande l pou l fè yon tabènak, oswa yon tant espesyal, kote Izrayelit yo t ap ka adore Jewova. Yo t ap ka deplase ak tabènak la chak fwa yo pral yon lòt kote.

Jewova te di: ‘Di pèp la yo mèt bay sa yo kapab pou yo ka fè tabènak la.’ Izrayelit yo te bay lò, ajan, kuiv, pyè ki gen anpil valè ak bijou. Mete sou sa, yo te bay lenn, twal len, po bèt ak anpil lòt bagay. Yo te tèlman bay anpil ofrann, Moyiz te oblije di yo: ‘Sa sifi! Nou pa bezwen pote anyen ankò.’

Izrayelit yo k ap pote kado pou konstriksyon tabènak la.

Anpil moun ki te konn travay byen, gason kou fi, te travay pou fè tabènak la. Jewova te ba yo sajès pou yo travay. Gen nan yo ki te konn fè fil, genyen ki te konn fè twal e genyen ki te konn fè bwodri. Gen lòt ki te konn poze wòch, ki te konn travay lò oswa bwa.

Moun yo te fè tabènak la jan Jewova te di yo a. Yo te fè yon bèl rido, yo mete l anndan tabènak la. Bèl rido sa a te separe Kote ki sen an ak Kote ki pi sen an. Yo te mete lach alyans lan, ki te fèt ak bwa akasya ak lò, nan Kote ki pi sen an. Yo te mete yon pòtlanp annò, yon tab ak yon lotèl pou boule lansan nan Kote ki sen an. Te gen yon basen ki fèt an kuiv ak yon gwo lotèl nan lakou tabènak la. Lach alyans lan te fè Izrayelit yo sonje pwomès yo te fè pou yo obeyi Jewova a. Èske w konn ki sa yon alyans ye? Yon alyans se yon pwomès espesyal.

Jewova te chwazi Arawon ak pitit gason l yo pou yo travay nan tabènak la antanke prèt. Yo te dwe pran swen l e yo te dwe fè ofrann ladan l pou Jewova. Se sèl Arawon, gran prèt la, ki te gendwa antre nan Kote ki pi sen an. Li te konn fè sa yon fwa chak ane pou l fè yon sakrifis pou peche l, pou peche fanmi l e pou peche tout nasyon Izrayèl la.

Izrayelit yo te fin fè tabènak la yon ane apre yo te kite Ejip. Kounye a, yo gen yon kote pou yo adore Jewova.

Pou Jewova te montre li pran plezi nan tabènak la, li te fè yon nyaj parèt anlè tèt li. Tout tan nyaj la te rete anlè tèt tabènak la, Izrayelit yo te rete kote yo te ye a. Men, lè nyaj la te leve, yo te konnen li lè pou yo deplase. Yo te konn demonte tabènak la, epi yo suiv nyaj la.

“Lè sa a, mwen tande yon vwa ki soti nan twòn nan ki di byen fò: ‘Gade! Tant Bondye a avèk lèzòm. Bondye pral abite avèk yo, e yo pral vin pèp li. E Bondye li menm ap avèk yo.’” — Revelasyon 21:3.

Kesyon: Ki sa Jewova te mande Moyiz pou l fè? Ki travay Jewova te bay Arawon ak pitit gason l yo fè nan tabènak la?

Egzòd 25:1-9; 31:1-11; 40:33-38; Ebre 9:1-7.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje