BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 85
  • Jezi fèt nan yon pak

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi fèt nan yon pak
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • ‘Se Pitit Gason mwen’
    Koute gran Anseyan an
  • Ki kote Jezi fèt, e ki lè l fèt?
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Gen zanj ki fè konnen Jezi fèt
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Ki kote Jezi fèt, e ki lè l fèt?
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 85
Jozèf, Mari ak tibebe Jezi nan yon pak.

ISTWA 85

Jezi fèt nan yon pak

ÈSKE w konnen kiyès tibebe sa a ye ? Wi, se Jezi. Li fèk fèt nan yon pak. Yon pak se yon kote yo mete bèt. Mari ap mete Jezi kouche nan manjwa a. Yon manjwa se yon kote yo mete manje pou bourik ak pou lòt bèt manje. Men, poukisa se la a Mari ak Jozèf ye, nan mitan bèt yo ? Se pa yon kote pou tibebe fèt, pa vre ?

An reyalite, non. Men, sa ki mennen yo la a, se paske chèf peyi Wòm nan, anpalan de Seza Ogis, fè yon lwa pou tout moun retounen nan vil yo te fèt la pou y al fè anrejistre non yo nan yon liv. Ebyen, se isit la, nan Betleyèm Jozèf te fèt. Lè li rive Betleyèm ak Mari, yo pa t ka jwenn yon chanm okenn kote. Yo te oblije vin bò kot bèt yo la a. Se jou sa a menm Mari te fè Jezi ! Men, tankou jan w wè l la a, tibebe a byen anfòm.

Gadyen mouton yo rive Betleyèm pou yo wè Jezi.

Èske w wè gadyen mouton yo ki vin wè Jezi ? Jou swa sa a, etan yo t ap pran swen mouton yo gen nan savann nan, se konsa yon limyè vin klere byen fò kote yo te ye a. Se yon zanj ki te parèt ! Se pa ti pè gadyen mouton yo te pè. Men, zanj lan di yo konsa : ‘ Nou pa bezwen pè ! Mwen gen yon bon nouvèl pou nou. Jodi a, Kris, Seyè a, fèt nan Betleyèm. Li pral sove pèp la ! N ap jwenn li vlope ak rad e li kouche nan yon manjwa. ’ Menm kote a, anpil zanj vini, yo tonbe bay Bondye lwanj. Donk, lapoula, gadyen mouton yo kouri pou y al chèche wè Jezi. Kounye a, yo jwenn kote li ye a.

Èske w konnen sa k fè Jezi se yon moun espesyal konsa ? Èske w konnen kiyès li ye toutbonvre ? Sonje byen, nan premye istwa ki nan liv la, nou te pale de premye Pitit Gason Bondye a. Pitit Gason sa a t ap travay avèk Jewova. Li te ede l fè syèl la, tè a ak tout lòt bagay yo. Ebyen, se li menm ki Jezi a !

Wi, Jewova te pran lavi Pitit Gason l lan detan li nan syèl la, li mete l anndan vant Mari. Menm kote a, yon tibebe kòmanse ap devlope anndan vant li menm jan sa konn fèt anndan vant lòt manman yo. Men, tibebe sa a se te Pitit Gason Bondye. Finalman, Jezi te fèt Betleyèm, nan yon pak. Kounye a, èske w wè sa k fè zanj yo te kontan konsa pou yo anonse moun yo Jezi fèt ?

Lik 2:1-20.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje