BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 5 p. 18-p. 19 par. 6
  • Ki kote Jezi fèt, e ki lè l fèt?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki kote Jezi fèt, e ki lè l fèt?
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Ki kote Jezi fèt, e ki lè l fèt?
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Gen zanj ki fè konnen Jezi fèt
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Jezi fèt nan yon pak
    Liv istwa biblik mwen an
  • Ki sa nou dwe sonje sou Jezi?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 5 p. 18-p. 19 par. 6
Mari chita sou yon bourik pandan Jozèf ap mennen yo Betleyèm.

CHAPIT 5

Ki kote Jezi fèt e ki lè l fèt?

LIK 2:1-20

  • JEZI FÈT BETLEYÈM

  • BÈJE YO VIZITE JEZI PANDAN L TIBEBE

Seza Ogis, anperè women an, pase yon dekrè kote chak moun dwe al anrejistre. Kidonk, Jozèf ak Mari dwe vwayaje al nan vil kote Jozèf te fèt la anpalan de Betleyèm ki nan sid Jerizalèm.

Anpil moun rive nan vil Betleyèm pou y al anrejistre. Sèl kote Jozèf ak Mari jwenn pou yo rete se yon kote yo konn met bourik ak lòt bèt. E se la Jezi fèt. Mari vlope l ak twal, e li mete l yon kote yo konn bay bèt manje.

Sanble se Bondye ki te pouse Seza Ogis pase yon dekrè pou tout moun al anrejistre. Sa k fè sa? Se paske sa te fè l vin posib pou Jezi fèt Betleyèm ki se vil wa David ki se zansèt li. Ekriti yo te gentan anonse byen lontan vil sa a se vil kote wa Bondye te pwomèt la t ap fèt. — Miche 5:2.

Se pa ti enpòtan nuit sa a enpòtan! Gen yon limyè ki klere toutotou yon gwoup bèje k ap pase nuit lan deyò nan savann nan. Se glwa Jewova! E gen yon zanj Bondye ki di yo: “Nou pa bezwen pè, paske m ap anonse nou yon bon nouvèl ki pral pote kè kontan pou tout moun. Paske jodi a, nan vil David la, gen yon sovè ki fèt pou nou. Li se Kris, Seyè a. Men sa k ap ede nou rekonèt li: N ap jwenn yon tibebe ki vlope ak moso twal e ki kouche yon kote yo konn bay bèt manje.” Menm kote a, gen anpil lòt zanj ki vin parèt epi yo di: “Glwa pou Bondye anwo nan syèl la, e lapè sou tè a pami moun ki gen favè l yo.” — Lik 2:10-14.

Mari, Jozèf ak bèje yo ap gade Jezi ki tibebe ki kouche kote yo konn bay bèt manje.

Apre zanj yo kite bèje yo, bèje yo di youn lòt: “Ann al Betleyèm dwat pou nou ka wè sa k pase a, bagay Jewova fè n konnen an.” ​(Lik 2:15). Yo kouri ale epi yo jwenn Jezi ki te fèk fèt kote zanj lan te di y ap jwenn li an. Lè bèje yo rakonte sa zanj lan di yo, tout moun ki tande sa bèje yo di yo sezi. Mari te konsève tout pawòl sa yo nan kè l e li te ba yo anpil valè.

Jodi a, anpil moun kwè Jezi fèt 25 desanm. Men, nan Betleyèm, mwa desanm se yon mwa kote lapli ap tonbe e li fè frèt. Gendelè nèj menm konn tonbe. Li pa t ap posib pou bèje yo pase nuit lan deyò ansanm ak twoupo yo nan epòk sa a nan ane a. Anplis de sa, anperè women an pa t ap mande pèp la, ki te deja anvi revòlte kont li, pou yo fè yon vwayaj nan mitan sezon fredi a pou y al anrejistre. Li posib pou Jezi te fèt nan zòn mwa oktòb yo.

  • Poukisa Jozèf ak Mari dwe al Betleyèm?

  • Nan nuit Jezi te fèt la, ki bèl bagay ki te rive?

  • Poukisa li pa rezonab pou nou di Jezi te fèt 25 desanm?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje