BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 92
  • Jezi resisite mò

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi resisite mò
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Nou ka reveye nan lanmò!
    Koute gran Anseyan an
  • Yon tifi retounen ap viv ankò!
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Dlo nan je tounen gwo kè kontan
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Li touche rad Jezi
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 92
Jezi resisite pitit fi Jayiris la.

ISTWA 92

Jezi resisite mò

TIFI nou wè la a gen 12 an. Jezi kenbe men l. Se manman l ak papa l ki kanpe toupre a. Èske w konnen sa k fè yo kontan konsa ? Ann al gade pou n wè.

Papa tifi a se yon moun enpòtan ki rele Jayiris. Yon jou, pitit fi li a vin malad. Yo mete l kouche, men li pa amelyore. Okontrè se pi mal li vin pi mal. Sa enkyete Jayiris ak madanm li anpil, paske pou jan yo wè pitit la, sanble pa ret anyen pou l mouri. Se yon sèl pitit fi a yo genyen. Lè Jayiris wè sa, l al chèche Jezi. Li tande pale de mirak Jezi ap fè yo.

Lè Jayiris jwenn Jezi, li wè yon gwo foul moun ki antoure l. Men, Jayiris antre nan foul la, li met ajenou nan pye Jezi. Li di l : ‘ Se pa ti malad pitit fi m nan malad. Tanpri, vin geri l pou mwen. ’ Jezi di l ap vini.

Pandan yo prale, foul la pa lage Jezi yon may. Bridsoukou Jezi kanpe. Li di : ‘ Kiyès ki manyen m nan ? ’ Jezi santi gen yon fòs ki sot nan li. Li konnen gen yon moun ki manyen l. Men, se kiyès ? Se yon madanm ki gen 12 an depi li malad anpil. Li vin manyen rad Jezi epi li geri menm kote a !

Sa te fè Jayiris gen plis konfyans. Li wè jan li fasil pou Jezi geri moun. Men, gen yon mesaje ki vini. Li di Jayiris konsa : ‘ Pa deranje Jezi plis pase sa. Pitit ou a mouri. ’ Jezi gentan tande sa, li di Jayiris : ‘ Pa enkyete w, pitit ou a ap anfòm. ’

Finalman, lè yo rive kay Jayiris, yo jwenn moun yo ap rele, yo nan gwo lapenn. Men Jezi di yo konsa : ‘ Pa kriye, timoun nan pa mouri, se sèlman dòmi l ap dòmi. ’ Men, yo tonbe ri Jezi e yo tonbe pase l nan jwèt, paske yo byen konnen se mouri timoun nan mouri.

Kounye a, Jezi pran papa a, manman an ak twa nan apot li yo, li antre nan chanm kote timoun nan kouche a avèk yo. Li pran men timoun nan, li di : ‘ Leve ! ’ Epi timoun nan reviv tankou jan w ap gade l la a. Li leve, li pran mache ! Se sa k fè manman l ak papa l kontan anpil konsa a.

Se pa premye moun Jezi te resisite. Dapre Bib la, premye moun Jezi resisite, se pitit gason yon vèv k ap viv nan vil Nayin. Apre sa, Jezi resisite yon frè Mari ak Mat ki rele Laza. Lè Jezi ap gouvène kòm wa, li pral resisite anpil anpil mò. Èske sa pa fè kè nou kontan ?

Lik 8:40-56 ; 7:11-17 ; Jan 11:17-44.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje