BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gt chap. 46
  • Li touche rad Jezi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li touche rad Jezi
  • Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sou menm sijè a
  • Li touche rad Jezi epi li geri
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jezi resisite mò
    Liv istwa biblik mwen an
  • Nou ka reveye nan lanmò!
    Koute gran Anseyan an
  • Jezi fè anpil mirak
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
gt chap. 46

Chapit 46

Li touche rad Jezi

LÈ Jezi retounen sot nan Dekapòl la, nouvèl la gaye nan Kapènawòm, e yon gwo foul moun rasanble bò lanmè a pou vin akeyi l. Se sèten yo aprann li te kalme tanpèt la e li te geri de mesye ki te gen demon sou yo. Kounye a, lè Jezi desann bato a, moun yo vin rasanble bò kote l, yo chofe e y ap tann pou yo wè sa l pral fè.

Youn nan moun ki pa ka tann pou l rankontre Jezi se Jayiris, youn nan mesye k ap dirije sinagòg la. Li met ajenou nan pye Jezi e li sipliye l plizyè fwa, li di: “Tipitit fi m nan byen mal. Tanpri, vin poze men w sou li pou l ka refè e pou l ka viv.” Etandone se yon sèl pitit Jayiris genyen e pitit la gen sèlman 12 an, li renmen l anpil.

Jezi suiv Jayiris pou l al lakay li avè l, e foul moun yo akonpaye l. Nou ka imajine jan moun yo chofe, paske y ap tann pou Jezi fè yon lòt mirak. Men, gen yon fi nan foul la, sèl sa k enterese l se yon pwoblèm grav li genyen.

Fi sa a gen 12 an depi l gen yon san k ap koule sou li. Li pase nan men plizyè doktè, e li depanse tout lajan l dèyè tretman. Men, li pa jwenn okenn rezilta. Okontrè, pwoblèm li an vin pi grav.

Kòm ou ka konprann sa, nonsèlman maladi a febli dam nan anpil, men tou se yon maladi ki fè l santi l jennen e ki fè l wont. An jeneral, moun pa pale de maladi sa a an piblik. Anplis de sa, anba Lwa Moyiz la, lè yon fi gen san ap koule sou li, yo konsidere l kòm yon moun ki pa pwòp, e si yon moun manyen l oubyen li manyen rad li ki gen san, moun sa a dwe benyen e li pap pwòp rive jis aswè.

Dam nan te aprann Jezi ap fè mirak, e kounye a l ap chèche l. Etandone li nan yon kondisyon ki pa pwòp, li fofile kò l nan mitan foul la an chatpent, li t ap di tèt li: “Si m touche rad li sèlman, m ap geri.” Li annik fè sa, san ki t ap koule sou li a rete lamenm.

Jezi di: “Kiyès ki touche m nan?” Lè Jezi di pawòl sa a, sa dwe fè dam nan sezi! Ki jan l fè konnen gen yon moun ki touche l? Pyè di: ‘Anseyan, se yon foul moun wi ou gen toutotou w la a k ap kwense w, epi w di: “Ki moun ki manyen m?”’

Etan Jezi vire gade toutotou l pou l chèche dam nan, li di: “Gen yon moun ki touche m, paske mwen santi gen yon pisans ki sot nan mwen.” Vrèmanvre, manyen dam nan manyen Jezi a pa t senp, paske gerizon ki fèt la rale yon fòs sot nan Jezi.

Lè dam nan wè yo dekouvri l, li avanse epi li met ajenou nan pye Jezi, l ap tranble tèlman l pè. Devan tout moun, li di tout laverite sou maladi l la e sou fason li fèk sot geri a.

Lefètke dam nan di tout laverite, sa touche kè Jezi, e li rekonfòte l avèk konpasyon. Li di: “Pitit fi m, lafwa w geri w. Ale anpè. Ou geri nèt anba maladi ki t ap fè w soufri a.” Ala ankourajan sa ankourajan lefètke nou konnen Moun Bondye chwazi pou dirije tè a se yon moun ki amikal e ki gen konpasyon. Nonsèlman li gen sousi pou moun, men tou li gen pouvwa pou l ede yo! Matye 9:18-22; Mak 5:21-34; Lik 8:40-48; Levitik 15:25-27.

▪ Kiyès Jayiris ye, e poukisa li vin kot Jezi?

▪ Ki pwoblèm yon dam genyen, e poukisa li vrèman difisil pou l vin kot Jezi pou l jwenn èd?

▪ Ki jan dam nan jwenn gerizon, e ki sa Jezi fè pou rekonfòte l?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje