BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 105
  • Yo rete Jerizalèm ap tann

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo rete Jerizalèm ap tann
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Disip yo resevwa lespri sen
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Plizyè santèn moun wè l anvan fèt Pannkòt la
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Dènye fwa li parèt yo, ak fèt Pannkòt ane 33 a
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Disip yo batize nan non ki moun e nan non ki sa?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 105
Dife ki gen fòm lang parèt sou tèt disip yo.

ISTWA 105

Yo rete Jerizalèm ap tann

MOUN sa yo ki la a se disip Jezi. Yo koute sa l te di yo e yo rete Jerizalèm. Pandan yo tout ap tann ansanm, yon gwo bri fèt nan tout kay kote yo ye a. Bri a tankou yon gwo kout van. Menm kote a, flanm dife ki gen fòm lang parèt sou tèt chak disip. Èske w wè yon dife sou tèt yo chak ? Ki sa tout bagay sa yo vle di ?

Se yon mirak ! Jezi retounen nan syèl la, li bò kot Papa l, epi li simaye lespri sen sou disip li yo. Èske w konnen ki salespri sen fè yo fè ? Yo chak pran pale yon lòt lang.

Anpil moun nan vil Jerizalèm tande bri ki fèt tankou gwo kout van an. Yo vin gade sa k genyen. Gen nan moun yo ki soti lòt peyi ki vin nan fèt Pannkòt Izrayelit yo ap fete a. Se pa ti sezi vizitè sa yo sezi ! Yo tout ap tande nan pwòp lang pa yo, disip yo k ap pale sou kalite bèl mèvèy Bondye fè.

Vizitè yo di konsa : ‘ Tout moun sa yo se moun Galile. Donk, kòman yo fè kapab pale nan lang peyi kote nou soti yo ? ’

Kounye a, Pyè leve kanpe pou l esplike yo. Li pale byen fò, li rakonte moun yo jan yo te touye Jezi e jan Jewova te resisite l. Epi li di yo : ‘ Kounye a, Jezi adwat Bondye nan syèl la. Li simaye lespri sen yo te pwomèt la. Se sa k fè nou wè e nou tande mirak sa yo. ’

Ebyen, lè Pyè fin di sa, sa k te rive Jezi a fè anpil nan yo lapenn. Yo mande : ‘ Ki sa pou nou fè ? ’ Pyè reponn : ‘ Nou bezwen chanje lavi nou e nou bezwen batize. ’ Se konsa, jou sa a anviwon 3 000 moun batize e yo vin disip Jezi.

Travay 2:1-47.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje