BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 94 p. 220-p. 221 par. 1
  • Disip yo resevwa lespri sen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Disip yo resevwa lespri sen
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Yo rete Jerizalèm ap tann
    Liv istwa biblik mwen an
  • Plizyè santèn moun wè l anvan fèt Pannkòt la
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Disip yo batize nan non ki moun e nan non ki sa?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Lespri Bondye te ede kretyen yo nan premye syèk la e li ede nou tou jodi a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 94 p. 220-p. 221 par. 1
Moun ki vin Jerizalèm yo sezi wè apot yo k ap pale avèk yo nan lang pa yo.

LESON 94

Disip yo resevwa lespri sen

Dis jou apre Jezi te fin monte nan syèl, disip li yo te resevwa lespri sen. Pandan fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an, moun yo te sot tout kote pou yo vin fete fèt la nan Jerizalèm. Te gen anviwon 120 disip Jezi ki te reyini nan chanmòt yon kay. Bridsoukou, gen yon gwo bagay ki te rive. Gen yon bagay tankou yon flanm dife ki parèt sou tèt chak disip, epi yo tout te kòmanse pale plizyè lang. Yon gwo bri tankou bri yon gwo tanpèt te fèt nan kay la.

Gen moun k ap vizite Jerizalèm ki te tande bri sa a e yo kouri al toupre kay la pou yo wè sa k genyen. Yo sezi wè disip yo k ap pale plizyè lang. Yo di: ‘Moun sa yo se moun Galile. Ki jan yo fè ap pale lang pa nou?’

Lè sa a, Pyè ak lòt apot yo te kanpe devan foul la. Pyè rakonte moun yo ki jan yo te touye Jezi e ki jan Jewova te resisite l. Pyè di: ‘Kounye a, Jezi nan syèl la sou bò dwat Bondye, se li ki bay lespri sen li te pwomèt la. Se sa k fè nou te wè mirak sa yo e nou te tande yo.’

Pawòl Pyè yo te touche kè moun yo anpil, epi yo mande: “Ki sa nou dwe fè?” Li di yo: ‘Se pou nou repanti pou peche nou te fè e se pou nou batize nan non Jezi. Epi, n ap resevwa lespri sen kòm kado.’ Jou sa a, anviwon 3 000 moun te batize. Depi lè sa a, kantite disip ki te Jerizalèm yo t ap ogmante byen vit. Grasa èd lespri sen, apot yo te travay pou gen plis kongregasyon k ap anseye moun tout bagay Jezi te ba yo lòd pou yo fè.

“Si w deklare ak bouch ou an piblik Jezi se Seyè a, e si w gen lafwa nan kè w Bondye te leve l sot nan lanmò, w ap sove.” — Women 10:9.

Kesyon: Ki sa k te rive pandan fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an? Poukisa te gen yon pakèt moun ki te batize?

Travay 1:15; 2:1-42; 4:4; Jan 15:26.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje