BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gt chap. 91
  • Laza resisite

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Laza resisite
  • Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sou menm sijè a
  • Laza resisite
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Yo mennen Jezi bay Àn, apre sa yo mennen l bay Kayif
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Yo mennen l bay Àn, apre sa yo mennen l bay Kayif
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Pyè di li pa konn Jezi
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
gt chap. 91

Chapit 91

Laza resisite

KOUNYE A, Jezi ak moun ki akonpaye l yo rive bò kot tonm Laza a. Anfèt, se yon kavo ki gen yon wòch devan bouch li. Jezi di: “Retire wòch la.”

Mat pa dakò, paske l poko konprann sa Jezi vle fè. Li di l: “Seyè, kounye a fòk li santi, paske sa gentan fè kat jou.”

Men, Jezi di l: “Èske mwen pa t di w si w kwè w ap wè glwa Bondye?”

Konsa, yo retire wòch la. Apre sa, Jezi leve je l, li priye, li di: “Papa, mwen remèsye w poutèt ou tande m. Se vre, mwen konnen ou toujou tande m. Men, se poutèt foul moun ki kanpe la a m ap pale, dekwa pou yo ka kwè se ou ki voye m.” Jezi priye devan tout moun yon fason pou moun yo ka konnen sa l pral fè a se grasa pisans Bondye ba l li pral reyalize l. Apre sa, li rele byen fò: “Laza, soti deyò!”

Lè sa a, Laza soti. Men l ak pye l bande ak twal yo te antere l la toujou, e figi l kouvri ak yon twal. Jezi di: “Devlope l e kite l ale.”

Anpil nan Juif ki te vin konsole Mari ak Mat yo met lafwa nan Jezi lè yo wè mirak ki fèt la. Sepandan, gen lòt k al di Farizyen yo sa k rive a. Menm kote a, Farizyen yo ak prèt an chèf yo planifye pou yo reyini Sanedren an, pi gwo tribinal Juif yo.

Sanedren an gen ladan l Kayif, ki gran prèt nan moman sa a, ansanm ak Farizyen ak Sadiseyen, prèt an chèf ak ansyen gran prèt. Yo tonbe plenyen, yo di: “Ki sa pou nou fè? Paske, mesye sa a ap reyalize anpil siy. Si nou kite l kontinye konsa, tout moun yo ap met lafwa nan li, epi Women yo ap vini, y ap pran ni tanp nou an, ni nasyon nou an.”

Byenke chèf relijye yo admèt Jezi “reyalize anpil siy”, sèl sa ki enterese yo se pozisyon ak otorite yo genyen. Rezirèksyon Laza se yon gwo kalòt pou Sadiseyen yo, piske yo pa kwè nan rezirèksyon.

Kounye a, Kayif, petèt ki yon Sadiseyen, pran lapawòl, li di: “Nou pa konprann anyen menm, e nou pa wè li nan avantaj nou pou yon sèl moun mouri pou pèp la, pase pou tout nasyon an detwi.”

Se Bondye ki te pouse Kayif di sa, paske men sa apot Jan ekri annapre: “Pawòl sa a pa t sot nan [Kayif].” Anfèt, Kayif te vle di yo ta dwe touye Jezi pou anpeche L kontinye fè yo pèdi pouvwa ak enfliyans yo genyen. Sepandan, selon Jan, ‘Kayif te pwofetize Jezi te dwe mouri pou nasyon an, e se pa pou nasyon an sèlman, men tou, pou l ka rasanble tout pitit Bondye yo.’ E anfèt, se objektif Bondye pou Pitit li a mouri kòm ranson pou tout moun.

Kounye a, Kayif reyisi konvenk Sanedren an pou yo chèche yon mwayen pou yo touye Jezi. Men, petèt Nikodèm, yon manm nan Sanedren an ki byen ak Jezi, fè l konn plan yo fè yo, se sa k fè Jezi kite zòn nan. Jan 11:38-54.

▪ Poukisa Jezi priye devan tout moun anvan l resisite Laza?

▪ Ki jan moun ki te wè rezirèksyon sa a reyaji?

▪ Ki sa k devwale mechanste moun ki fè pati Sanedren an?

▪ Ki entansyon Kayif te genyen, men ki sa Bondye te fè l pwofetize?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje