BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 91 p. 214-p. 215 par. 4
  • Laza resisite

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Laza resisite
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Laza resisite
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Yo mennen Jezi bay Àn, apre sa yo mennen l bay Kayif
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jezi resisite Laza
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Yo mennen l bay Àn, apre sa yo mennen l bay Kayif
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 91 p. 214-p. 215 par. 4
Mat ak Mari ap gade Jezi k ap resisite Laza frè yo a.

CHAPIT 91

Laza resisite

JAN 11:38-54

  • REZIRÈKSYON LAZA A

  • SANEDREN AN AP FÈ KONPLO POU TOUYE JEZI

Apre Jezi fin rankontre Mat e apre sa Mari, toupre Betani, y al nan tonm Laza a. Se yon kavo ki gen yon gwo wòch devan bouch li. Jezi di yo: “Retire wòch la.” Mat montre enkyetid li genyen, paske li pa konprann sa Jezi gen entansyon fè a. Men sa l di: “Kounye a fòk li santi, paske sa gentan fè kat jou.” Men Jezi di l: “Èske mwen pa t di w si w kwè w ap wè glwa Bondye?” — Jan 11:39, 40.

Kidonk, yo retire gwo wòch la. Apre sa, Jezi leve je l anlè pou l priye, li di: “Papa, mwen remèsye w poutèt ou tande m. Se vre, mwen konnen ou toujou tande m. Men, se poutèt foul moun ki kanpe la a m ap pale, dekwa pou yo ka kwè se ou ki voye m.” Lefètke Jezi priye an piblik, moun ki la yo ap konprann se grasa pisans ki soti nan Bondye li pral fè sa l pral fè a. Apre sa, Jezi di byen fò: “Laza, soti deyò!” E Laza soti ak men l ak pye l bande ak twal epi vizaj li vlope ak twal. Jezi di: “Devlope l, epi kite l ale.” — Jan 11:41-44.

Anpil nan Juif ki vin konsole Mari ak Mat yo mete lafwa yo nan Jezi lè yo wè mirak sa a. Poutan gen lòt moun ki kouri al di Farizyen yo sa Jezi sot fè a. Farizyen yo ansanm ak prèt an chèf yo fè yon reyinyon ak Sanedren an, tribinal Juif yo. Gwoup sa a gen Kayif, gran prèt la ladan l tou. Gen kèk ladan yo k ap plenyen, yo di: “Ki sa pou nou fè? Paske, mesye sa a fè anpil mirak. Si nou kite l kontinye konsa, tout moun yo ap met lafwa nan li, epi Women yo ap vini, y ap pran ni tanp nou an, ni nasyon nou an.” ​(Jan 11:47, 48). Malgre mesye sa yo tande temwayaj moun ki te la lè Jezi t ap “fè anpil mirak” yo, yo pa kontan pou sa Bondye ap akonpli pa mwayen Jezi. Sèl sa ki enterese yo se pozisyon yo ak otorite yo.

Juif yo ap pale ak Farizyen yo konsènan rezirèksyon Laza.

Laza sa a ki leve sot nan lanmò a se yon gwo defèt pou Sadiseyen yo ki kwè nan rezirèksyon. Kounye a, Kayif, yon Sadiseyen, pran lapawòl, li di: “Nou pa konprann anyen menm, e nou pa reflechi pou n wè li nan avantaj nou pou yon sèl moun mouri pou pèp la, pase pou tout nasyon an detwi.” — Jan 11:49, 50; Travay 5:17; 23:8.

Lè n konsidere travay sakre Kayif t ap fè a, nou kapab di se Bondye ki pouse l di pawòl sa a, “se pa konsa konsa li te annik rete li di l”. Kayif te vle di yo ta dwe touye Jezi pou anpeche l kontinye fè chèf relijye juif yo pèdi pouvwa ak otorite yo genyen. Sepandan, pwofesi Kayif la montre se pa mwayen lanmò Jezi, Jezi ap bay yon ranson, nonsèlman pou Juif yo men tou pou tout “pitit Bondye ki gaye yo pou l fè yo fè youn”. — Jan 11:51, 52.

Kayif te reyisi enfliyanse Sanedren an pou yo fè konplo pou touye Jezi. Èske Nikodèm, ki se yon manm nan Sanedren an e ki se zanmi Jezi, ta dwe fè Jezi konnen konplo y ap fè sou do l la? San pèdi tan, Jezi kite zòn li te ye nan Jerizalèm nan san anyen pa t rive l. Konsa li evite mouri anvan lè Bondye te fikse a.

  • Ki jan moun ki te wè rezirèksyon Laza a reyaji?

  • Ki sa k montre moun ki fè pati Sanedren an mechan?

  • Malgre entansyon Kayif te genyen, ki sa Bondye te fè l pwofetize?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje