BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 20 p. 147-p. 149 par. 3
  • Byen entwodui vèsè yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Byen entwodui vèsè yo
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Ankouraje moun yo suiv nan Bib la
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Entwodiksyon ki kapte atansyon moun
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Byen entwodui vèsè yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Enstwi moun k ap koute w yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 20 p. 147-p. 149 par. 3

LESON 20

Byen entwodui vèsè yo

Ki sa pou w fè?

Prepare lespri moun k ap koute w yo pou yo suiv vèsè w pral li a.

Poukisa sa enpòtan?

Si w byen entwodui vèsè yo, sa ka ede moun k ap koute w yo konprann tout enpòtans sa ki di nan vèsè yo genyen.

LABIB se baz ansèyman ki bay nan reyinyon kongregasyon yo. Vèsè yo jwe yon wòl enpòtan tou nan sa n ap di nan predikasyon. Men, se sèlman si nou byen entwodui yo, y ap ka byen jwe wòl sa a.

Li nesesè pou w fè plis pase annik site yon vèsè pou yon moun epi envite l li l avè w. Lè w ap entwodui yon vèsè, fè efò pou w rive atenn de objektif ki vin annapre yo: 1) Fè moun nan anvi wè sa vèsè a di e 2) fè l wè rezon ki fè w li vèsè a. Gen plizyè fason w ka atenn objektif sa yo.

Poze yon kesyon. W ap jwenn pi bon rezilta lè w itilize metòd sa a si moun k ap koute w yo pa deja konnen repons kesyon w poze a. Chèche poze kesyon an yon fason k ap fè moun yo reflechi. Jezi te fè sa. Lè Farizyen yo te pwoche kote Jezi nan tanp lan pou yo teste konpreyansyon l sou Ekriti yo an piblik, men ki kesyon li te poze yo: “Ki sa nou panse de Kris la? Pitit kiyès li ye?” Yo reponn li: “Pitit David.” Apre sa, Jezi mande yo: “Si se sa, kòman David, anba enfliyans lespri sen, fè rele l ‘Seyè’?” Epi li site Sòm 110:1. Farizyen yo pa t ka di anyen. Men, foul moun yo te pran plezi koute Jezi. — Mat. 22:41-46.

Nan predikasyon, ou ka sèvi ak kesyon tankou kesyon ki vin annapre yo pou w entwodui yon seri vèsè. Pa egzanp, ou kapab di: “Ni mwen menm ni ou menm nou chak gen yon non, pa vre? Èske Bondye li menm gen yon non? Nou ka jwenn repons lan nan Sòm 83:18.” “Èske ap janm gen yon sèl gouvènman pou dirije tout moun sou tè a? Gade ki repons nou jwenn pou kesyon sa a nan Dànyèl 2:44.” “Èske Bib la pale toutbonvre sou sitiyasyon ki egziste nan epòk nou an? Annou konpare sa yo di nan 2 Timote 3:1-5 ak sitiyasyon n ap viv jodi a.” “Èske soufrans ak lanmò ap janm disparèt? Men ki repons Bib la bay nan Revelasyon 21:4, 5.”

Lè w ap fè yon diskou, si w byen sèvi ak kesyon pou w entwodui vèsè yo, sa ka motive moun k ap koute w yo, menm moun ki te deja abitye ak vèsè yo, pou yo wè yo yon lòt fason. Men, èske moun yo ap fè sa vre? Sa ka depann de kesyon ou poze yo. Si kesyon yo vrèman konsène yo, y ap fè sa. Menm lè sijè a enterese moun k ap koute w yo, lè w ap li kèk vèsè yo abitye tande souvan, lespri yo ka byen lwen. Pou w anpeche sa rive, ou bezwen byen reflechi sou kesyon w ap poze yo pou sa w ap di a ka atiran.

Site yon pwoblèm. Ou ka site yon pwoblèm, ansuit, ou dirije atansyon moun yo sou yon vèsè k ap pèmèt yo jwenn solisyon an. Pa fè moun yo atann plis pase sa y ap jwenn nan vèsè a. Souvan, yon vèsè konn bay yon pati sèlman nan solisyon an. Pandan w ap li vèsè a, ou ka mande yo pou yo byen gade ki konsèy vèsè a bay k ap ede yo fè fas ak pwoblèm nan.

Menm jan an tou, ou ka site yon prensip anrapò ak konduit Bondye mande pou nou genyen an, apre sa, ou ka sèvi ak yon istwa biblik pou w montre li saj pou nou suiv prensip sa a. Gen kèk oratè, lè yon vèsè gen de pwen presi (oswa petèt plis toujou) ki gen rapò ak ide y ap egzamine a, ki konn mande moun k ap koute yo pou yo veye ki jan pwen sa yo parèt nan lekti yo pral fè a. Si yon pwoblèm parèt twò difisil pou moun ki nan asistans lan, ou ka pouse yo reflechi lè w mete plizyè solisyon devan yo epi apre sa, ou ede yo jwenn repons lan nan vèsè a ak nan aplikasyon w fè sou li a.

Site Labib antanke yon liv ki gen otorite. Si w deja fè moun yo enterese ak sijè w ap devlope a e w site youn oswa de pwennvi ki gen sou yon pwen w ap egzamine, ou ka entwodui yon vèsè lè w annik di: “Note sa Pawòl Bondye a di sou pwen sa a.” Sa ap montre moun yo poukisa enfòmasyon w pral li a merite pou yo fè l konfyans.

Jewova te sèvi ak yon seri mesye tankou Jan, Lik, Pòl ak Pyè pou l ekri kèk pòsyon nan Bib la. Men, se sèlman ekri mesye sa yo te ekri sa Jewova te ba yo pou yo ekri. Mèt Bib la se Jewova. Lè w ap entwodui yon vèsè, sitou lè w ap pale ak moun ki pa etidye Ekriti Sakre yo, si w di “men sa Pyè te ekri” oswa “men sa Pòl te di”, sa ap gen mwens fòs pase si w ta di “men sa Pawòl Bondye a di”. Li enpòtan pou nou note, nan kèk ka, Jewova te bay Jeremi enstriksyon sou fason pou l entwodui jijman l t apral anonse tout moun ki nan Jida yo. Men sa l te di l pou l di yo: “Koute sa Jewova voye di nou.” ​(Jer. 7:2; 17:20; 19:3; 22:2). Kit nou itilize non Jewova lè n ap entwodui vèsè yo, kit nou pa fè sa, anvan nou fini konvèsasyon an, nou ta dwe fè efò pou nou montre moun nan sa k nan Bib la se pawòl Jewova.

Pran kontèks la an konsiderasyon. Lè w ap deside fason pou w entwodui yon vèsè, li ta bon pou w byen konnen kontèks li. Nan kèk ka, se sou kontèks la w ap pale dirèkteman, men nan kèk lòt ka, kontèks la ka enfliyanse sa w ap di a yon lòt fason. Pa egzanp, èske w t ap entwodui pawòl Jòb yo, yon moun ki te gen krent pou Bondye, menm jan ak pawòl youn nan fo konsolatè yo? Se Lik ki te ekri liv Travay la, men li te site pawòl kèk moun tankou Jak, Pyè, Pòl, Filip, Etyèn ak kèk zanj. Li te site tou pawòl Gamalyèl ak kèk lòt Juif ki pa t kretyen. Lè w ap entwodui yon vèsè ki soti nan liv sa a, kiyès w ap di ki te di pawòl ki nan vèsè a? Yon lòt bò, ou dwe sonje se pa David ki te ekri tout sòm yo, ni se pa Salomon ki te ekri tout liv Pwovèb la. Li bon tou pou w konnen ak ki moun ekriven an t ap pale lè l te ekri pawòl sa yo e sou ki sijè li t ap pale.

Bay enfòmasyon ki gen rapò ak epòk la. Enfòmasyon sa yo ap vrèman itil si w ka ede moun yo konprann resanblans ki genyen ant sitiyasyon ki te egziste nan epòk yo te ekri pasaj biblik ou site a ak sitiyasyon w ap pale de li a. Pafwa, enfòmasyon sa yo konn nesesè pou ede moun yo konprann yon vèsè presi. Pa egzanp, si w dwe sèvi ak Ebre 9:12, 24 nan yon diskou sou ranson an, anvan w li vèsè sa yo, ou ka twouve li nesesè pou w bay yon ti esplikasyon sou chanm ki te apa nan tabènak la, chanm ki reprezante, selon vèsè yo, kote Jezi te antre lè l te monte nan syèl la. Men, pa bay twòp enfòmasyon pou sa pa anpeche moun yo wè ide ou te vle fè yo wè nan vèsè w ap entwodui yo.

Pou w ka amelyore fason w entwodui vèsè yo, egzamine sa oratè ki gen eksperyans yo fè. Suiv divès metòd yo itilize. Analize jan metòd sa yo bon. Lè w ap prepare diskou pa w, chèche vèsè kle yo, epi byen reflechi sou ki objektif ou dwe chèche atenn ak chak vèsè. Byen prepare fason w pral entwodui yo chak pou w ka jwenn pi bon rezilta a. Apre sa, wè si w ka fè sa pou tout vèsè w ap itilize. Ofiramezi w ap pi byen travay sou teknik sa a nan prezantasyon w yo, w ap fè lòt moun bay Pawòl Bondye a plis atansyon.

FASON POU W FÈ SA

  • Lè w ap chwazi yon metòd k ap fè moun k ap koute w yo enterese nan sa w ap di yo a, reflechi sou sa yo konnen deja sou sijè a e sou pwennvi yo konsènan sijè a.

  • Asire w ou konnen ki wòl chak vèsè gen pou l jwe nan sijè w ap devlope a, epi entwodui vèsè yo yon fason ki montre sa.

EGZÈSIS: Chwazi yon vèsè ou panse ou ka byen itilize nan tèritwa w la. Reflechi sou 1) ki kesyon w pral poze oswa ki pwoblèm ou pral mansyone pou w fè moun k ap koute w la anvi li vèsè a e 2) ki jan w pral atire atansyon moun nan sou rezon ki fè w li vèsè a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje