LESON 19
Ankouraje moun yo suiv nan Bib la
NOU vle dirije atansyon tout moun n ap pale avèk yo sou Labib, Pawòl Bondye a. Liv sakre sa a se baz mesaj n ap preche a, e nou vle moun yo rann yo kont sa nou di yo se pa pawòl pa nou, men se nan Bondye yo soti. Moun yo bezwen vin gen konfyans nan Bib la.
Nan predikasyon. Lè w ap prepare pou w al nan predikasyon, toujou chwazi youn oswa plizyè vèsè pou w pataje ak moun ki dispoze koute w. Menmsi w prevwa fè yon ti prezantasyon tou kout sou youn nan piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la, souvan, li bon pou w li yon vèsè nan Bib la ki apwopriye ak sijè w ap prezante a. Labib gen plis pouvwa pou l gide moun ki sanble ak mouton yo plis pase nenpòt sa nou menm nou te ka di. Kote sa pa posib pou w li yon vèsè nan Bib la ak moun nan, ou ka chwazi site pawòl ki nan vèsè a. Nan premye syèk la, li pa t fasil pou moun te gen woulo Ekriti yo. Epoutan, Jezi ak apot li yo te site anpil pasaj ki soti ladan yo. Nou menm tou, nou dwe fè efò pou nou sonje vèsè yo e nou dwe sèvi avèk yo yon fason ki apwopriye lè nou nan predikasyon. Pafwa, nou ka annik site yo pou yon moun.
Lè w jwenn posiblite pou w li yon vèsè nan Bib la ak yon moun, kenbe Bib la yon fason pou moun nan ka suiv avèk ou pandan w ap li vèsè a. Si moun nan ap suiv lekti vèsè a nan bib pa l, li ka pi byen reyaji toujou devan sa l li a.
Sepandan, ou dwe rekonèt gen kèk tradiktè ki pran twòp libète nan jan yo tradui kèk mo ak kèk ekspresyon nan Pawòl Bondye a. Fason yo rann mo sa yo ak ekspresyon sa yo ka pa mache totalman ak sans yo te genyen nan lang yo te ekri Bib la. Gen yon kantite tradiktè nan epòk nou an ki elimine non Bondye nan tradiksyon yo fè yo. Yo fè moun pa konprann sa tèks nan lang orijinal yo te di anrapò ak kondisyon mò yo e yo kache sa Bib la di konsènan objektif Bondye gen pou tè a. Pou w ka ede yon moun konprann kote pwoblèm nan ye, li ka nesesè pou w konpare kèk vèsè kle nan plizyè tradiksyon Labib oswa w ka fè tou ant plizyè ansyen tradiksyon Bib ki gen nan lang li an. Liv Comment raisonner à partir des Écritures la pale sou anpil sijè e li fè konparezon sou fason divès tradiksyon Labib rann yon seri ekspresyon kle ki nan kèk vèsè nou itilize souvan. Yon moun ki renmen laverite ap gen rekonesans dèske l konn enfòmasyon sa yo.
Nan reyinyon kongregasyon an. Nan reyinyon kongregasyon an, yo ankouraje tout moun suiv nan bib yo. Sa bay anpil bon rezilta. Sa ede moun nan asistans lan pou yo rete konsantre sou sijè y ap egzamine a. Sa ede yo wè enstriksyon oratè a ap bay la. Anplis, sa ede moun ki nouvo yo konprann byen klè se nan Bib la kwayans nou yo soti toutbonvre.
Pou moun k ap koute w yo vrèman suiv vèsè w ap li yo nan bib pa yo, sa depann anpil de fason w ankouraje yo fè sa. Youn nan pi bon metòd ki egziste se envite yo dirèkteman pou yo suiv nan bib pa yo.
Se responsablite w, antanke oratè, pou w deside sou ki vèsè ou vle mete aksan e pou w fè moun k ap koute w yo suiv nan bib yo pandan w ap li yo. Li pi bon pou w li vèsè k ap ede w devlope pwen prensipal yo. Ansuit, si gen tan pou sa, ou ka itilize kèk lòt vèsè ki soutni rezònman w ap fè yo.
Natirèlman, sa pa toujou sifi pou w annik mansyone yon vèsè oswa pou w annik ankouraje moun k ap koute w yo suiv vèsè a pandan w ap li l. Si w li yon vèsè epi apre sa, w al nan yon lòt alòske moun yo poko menm jwenn premye vèsè w te site a, nan yon ti tan, moun yo ap dekouraje e y ap sispann chèche vèsè w ap li yo. Byen suiv moun ki nan asistans lan. Lè pifò moun fin jwenn yon vèsè, se lè sa a pou w li l.
Montre w prevwayan. Site vèsè yo ase lontan anvan w li yo. Sa ap redui nan tan w t ap pèdi pou w tann moun yo jwenn yo. Byenke w ap egzamine mwens enfòmasyon lè w pran tan pou w kite moun yo chèche vèsè yo pou yo li yo, li vrèman enpòtan pou w fè sa paske sa ap pote anpil byenfè.