LESON 21
Mete aksan sou mo kle ki nan vèsè yo
LÈ W AP pale ak lòt moun sou objektif Bondye genyen yo, kit se nan konvèsasyon w ap fè avèk yo, kit se sou estrad la, ou dwe baze sa w ap di yo sou Pawòl Bondye a. An jeneral, sa mande pou w li kèk vèsè nan Bib la avèk yo, e ou dwe fè sa byen.
Lè w ap mete aksan sou mo kle yo, ou dwe fè santiman ki nan vèsè yo parèt. Lè w ap fè lekti nan Bib la, ou dwe mete santiman nan lekti a. Annou pran kèk egzanp. Si w ap li Sòm 37:11 awotvwa, moun yo ta dwe wè nan vwa w anvi w genyen pou w wè lapè yo pwomèt nan vèsè a. Si w ap li Revelasyon 21:4 anrapò ak soufrans ak lanmò ki pral disparèt, yo ta dwe wè nan vwa w gwo apresyasyon w genyen pou delivrans yo anonse moun pral jwenn nan. Si w ap li Revelasyon 18:2, 4, 5, ki gen yon egzòtasyon pou moun soti nan “Gran Babilòn nan” ki chaje peche sou do l, ou ta dwe li l avèk yon ton ki montre jan li ijan pou moun soti ladan l. Anfèt, santiman w ap demontre yo ta dwe soti nan kè w, men, ou pa ta dwe eksprime yo yon fason egzajere. Se vèsè a ak fason yo itilize l la k ap montre w nan ki degre pou w eksprime santiman w.
Mete aksan sou mo ou dwe mete l yo. Si kòmantè w ap fè sou yon vèsè chita jis sou yon pati ladan l, se sou pòsyon sa a ou ta dwe mete aksan lè w ap li vèsè a. Pa egzanp, si w ap li Matye 6:33 e ou vle egzamine sa sa vle di “kontinye chèche wayòm nan an premye”, ou pap mete aksan sou “sa ki jis nan je Bondye” oswa sou “tout lòt bagay sa yo”.
Nan yon diskou nan reyinyon sèvis, ou ka prevwa li Matye 28:19. Sou ki mo ou ta dwe mete aksan? Si w vle ankouraje moun yo pou yo montre yo chofe pou yo kòmanse etid biblik, ou ka mete aksan sou “fè disip”. Yon lòt bò, si w prevwa egzamine responsablite kretyen yo genyen pou yo pataje verite ki nan Bib la ak moun ki soti nan yon lòt peyi oswa si w vle ankouraje kèk pwoklamatè pou yo sèvi kote ki gen bezwen plis pwoklamatè, ou ka mete aksan sou “pami moun tout nasyon”.
Souvan, nou konn itilize yon vèsè pou nou reponn yon kesyon oswa pou nou kore yon pwen lòt moun pa dakò avè l. Si w li chak ide ki nan vèsè a menm jan, moun k ap koute w yo ka pa wè rapò vèsè a genyen ak sa w t ap pale a. Rapò sa a ka klè pou ou, men li ka pa klè pou yo.
Pa egzanp, si w ap li Sòm 83:18 nan yon Bib ki gen non Bondye ladan l e w mete aksan sou mo “Trèwo” a, moun w ap pale avè l la ka pa konprann si vèsè a montre Bondye gen yon non, byenke sa sanble parèt byen klè nan vèsè a. Ou dwe mete aksan sou non “Jewova” a. Men, si w ap sèvi ak menm vèsè sa a nan yon konvèsasyon w ap fè sou souvrènte Bondye, ou dwe mete aksan sou mo “Trèwo” a. Menm jan an tou, si w ap itilize Jak 2:24 pou w montre enpòtans sa genyen pou lafwa nou gen bon aksyon ki mache avè l, epi w mete aksan sou “deklare l jis” olye w mete l sou “bon aksyon”, gen moun ki ka pa rive konprann pwen an.
Nan Women 15:7-13, nou jwenn yon lòt egzanp ki ka ede nou. Pasaj sa a se yon pati nan yon lèt apot Pòl te ekri yon kongregasyon ki te gen ladan l ni moun ki pa Juif ni moun ki Juif. La a, apot Pòl te fè konnen sèvis Kris la pote byenfè nonsèlman pou moun ki sikonsi yo, men tou, pou moun nan nasyon yo yon fason pou “nasyon yo ka bay Bondye glwa pou mizèrikòd li”. Se sa k fè Pòl site kat vèsè, ki atire atansyon nou sou posiblite sa a nasyon yo genyen an. Ki jan w ta dwe li vèsè sa yo pou w ka mete aksan sou pwen Pòl te gen nan lespri l la? Si w ap make ekspresyon ou dwe mete aksan sou yo, ou ka souliye “nasyon” nan vèsè 9 la, “nou menm nasyon yo” nan vèsè 10 la, “nou menm nasyon, se pou nou tout” ak “tout pèp” nan vèsè 11 lan, epi “nasyon” ki nan vèsè 12 la. Eseye li Women 15:7-13 la pandan w ap mete aksan sou ekspresyon sa yo. Ofiramezi w ap fè sa, rezònman Pòl t ap fè a ap vin pi klè pou ou e w ap vin konprann li pi fasil.
Teknik pou w mete aksan sou mo kle yo. Ou ka mete aksan sou mo ki kore ide ou vle fè parèt klè yo divès fason. Teknik ou itilize yo ta dwe mache ak vèsè a e ak sikonstans kote w ap fè diskou w la. Men kèk sijesyon ou ka suiv:
Sèvi ak vwa w pou w mete aksan sou mo kle yo. Nan teknik sa a, ou ka fè nenpòt varyasyon nan vwa w k ap pèmèt ou fè mo kle yo byen soti parapò ak rès fraz la. Pou w mete aksan an, ou ka chanje volim vwa w: swa w ogmante l, swa w diminye l. Nan anpil lang, yon chanjman nan ton vwa yon moun konn sèvi pou mete aksan sou mo yo. Men, nan kèk lang, sa ka chanje sans mo yo tou. Lè w pale yon ti jan dousman lè w ap di ekspresyon kle yo, sa ka fè yo gen plis fòs. Nan lang kote moun yo pa sèvi ak vwa yo pou yo mete aksan sou yon seri mo, l ap nesesè pou yon moun fè kèlkeswa sa yo konn fè nan lang sa yo pou l ka jwenn menm efè a.
Fè poz. Ou ka itilize teknik sa a anvan w li pati kle ki nan yon vèsè oswa apre w fin li l, oubyen tou ou ka fè poz la ni anvan ni apre. Lè w fè poz anvan w li yon ide prensipal, sa fè moun anvi koute sa w pral di a. Lè w fè poz apre w fin li ide sa a, sa fè l grave pi plis toujou nan lespri moun yo. Men, si w fè twòp poz, pa gen okenn ide k ap parèt klè.
Repetisyon. Ou ka mete aksan sou yon pwen presi lè w fè yon poz nan sa w t ap di a epi w reli yon mo oswa yon ekspresyon. Yon lòt teknik nou ka itilize tou, e souvan ki pi bon, se fin li vèsè a nèt epi apre sa, repete ekspresyon kle a.
Jès. Souvan, jès ou fè ak fason w demontre santiman sou vizaj ou ka fè yon mo oswa yon ekspresyon plis touche moun yo.
Ton vwa w. Nan kèk lang, pafwa, yo ka li mo yo ak yon ton ki enfliyanse siyifikasyon yo e ki distenge yo ak lòt mo yo. La a tou, ou dwe sèvi ak bon jijman w, sitou si w itilize yon ton ki ta ka fè lòt moun santi w ap pase yo nan rizib.
Lè se lòt moun k ap li vèsè yo. Lè w bay yon moun w ap preche li yon vèsè pou ou, li ka mete aksan sou mo li pa t dwe mete aksan oswa li ka pa mete aksan sou okenn mo. Lè sa a, ki sa w ka fè? Jeneralman, li pi bon pou w fè ide a parèt klè nan esplikasyon w ap bay sou vèsè a. Apre w fin bay esplikasyon sou vèsè a, ou ka atire atansyon moun nan dirèkteman sou mo ki kore ide ou vle montre l la nan Bib la.