LESON 48
Byen rezone ak moun yo
NOU gen Bondye rekonesans pou chanjman Pawòl li a ede nou fè nan lavi nou e nou vle lòt moun jwenn byenfè nan Pawòl Bondye a tou. Anplis, nou konnen fason moun yo reyaji devan bon nouvèl la gen yon efè sou espwa yo gen pou lavni (Mat. 7:13, 14; Jan 12:48). Se ak tout kè nou nou ta renmen yo aksepte laverite. Men, anplis konviksyon fèm ak zèl nou genyen an, nou dwe montre nou gen disènman pou nou ka jwenn pi bon rezilta.
Si w pale byen fèm de laverite ak yon moun epi w montre l fason laverite demanti yon kwayans li genyen, kwayans li bay anpil valè, menmsi w kore sa w di a ak yon bann vèsè, an jeneral, moun nan pap aksepte sa w di a. Pa egzanp, si w annik fè moun yo konnen gen yon seri fèt pifò moun fete se fèt ki soti nan relijyon payen, sa ka pa chanje fason yo konsidere fèt sa yo. Souvan, se lè w montre w rezonab, w ap jwenn pi bon rezilta. Sa sa vle di montre w rezonab?
Labib di nou ‘sajès ki soti anlè a se yon sajès ki pasifik e ki rezonab’. (Jak 3:17.) Mo grèk lè yo tradui l yo mete “rezonab” pou li a vle di “sede”. Gen kèk tradiksyon Labib pou yo tradui l ki mete “gen konsiderasyon”, “janti” oswa “pasyan”. Ou ka remake yo asosye rezonab ak pasifik. Nan Tit 3:2, yo mete l ansanm ak dousè e yo fè diferans ant yon moun ki rezonab ak yon moun ki renmen fè kont. Nan Filipyen 4:5, Pòl mande nou pou moun konnen nou kòm moun ki “rezonab”. Lè yon moun ki rezonab ap pale ak yon lòt moun, li pran an konsiderasyon kilti moun nan, edikasyon l, sitiyasyon l ak santiman l. Li dispoze sede lè sa apwopriye. Lè w aji konsa ak moun yo, sa ede yo ouvri lespri yo ak kè yo pou yo pi byen koute w lè w ap rezone avèk yo sou Bib la.
Kote pou w kòmanse. Lik, ki te yon istoryen, rakonte lè apot Pòl te nan Tesalonik, li te sèvi ak Ekriti yo pou l pale ak moun yo, li te “ba yo esplikasyon, e li [te] sèvi ak pasaj nan Ekriti yo pou l pwouve yo li te nesesè pou Kris la soufri e pou l leve sot nan lanmò”. (Tra. 17:2, 3.) Li enpòtan pou nou note Pòl te fè sa nan yon sinagòg. Moun li t ap pale avèk yo a te gen respè pou pouvwa Liv ki te ekri ann ebre yo te genyen. Li te apwopriye pou apot Pòl te kòmanse ak yon bagay yo te aksepte.
Lè Pòl t ap pale ak Grèk yo nan Areyopaj la nan vil Atèn, li pa t kòmanse ak pawòl ki nan Ekriti yo. Okontrè, li te kòmanse ak bagay yo te konnen e yo te aksepte. Li te itilize bagay sa yo pou l fè yo reflechi sou Kreyatè a ak objektif Li yo. — Tra. 17:22-31.
Nan epòk pa nou an, gen plizyè milyon moun ki pa rekonèt pouvwa Bib la genyen nan lavi yo. Men li klè, sitiyasyon difisil ki egziste jodi a nan sistèm sa a enfliyanse lavi prèske tout moun, sa vin fè yo ta renmen bagay yo vin pi bèl pou yo nan lavi a. Toudabò, si w montre w enterese nan sa ki okipe lespri yo, epi w montre yo esplikasyon Bib la bay, w ap montre w rezonab. Yon atitid rezonab konsa ka pouse yo koute sa Bib la di sou objektif Bondye gen pou lèzòm.
Yon etidyan ka gen yon seri kwayans ak koutim paran l transmèt li. Kounye a, li vin aprann kwayans sa yo ak koutim sa yo pa fè Bondye plezi, e li kite yo pou l suiv sa Bib la anseye. Ki jan etidyan sa a ka esplike paran l desizyon l pran an? Paran yo ka santi pitit yo a rejte yo lefètke li kite eritaj sa a yo te ba li nan domèn relijyon. Etidyan an ka wè li pi bon pou l ba yo asirans li renmen yo e li respekte yo anvan l sèvi ak Bib la pou l chèche esplike yo rezon ki fè l pran desizyon l lan.
Lè pou w sede. Byenke Jewova gen tout pouvwa pou l bay kreyati l yo lòd pou yo fè yon bagay, li montre li rezonab yon fason estrawòdinè. Lè zanj Jewova yo t apral sove Lòt ak fanmi l, yo te di l: “Chape al nan zòn ki gen mòn nan pou w pa peri!” Men, Lòt te reponn: “Non, silvouplè, Jewova!” Li te mande pou yo pèmèt li chape ale Sowa. Jewova te montre li gen konsiderasyon pou Lòt lè l te pèmèt li fè sa. Se sa k fè li te epaye Sowa lè l te detwi lòt vil yo. Men, annapre, Lòt te suiv premye enstriksyon Jewova te ba l la e li te ale nan zòn ki gen mòn nan (Jen. 19:17-30). Jewova te konnen sa l te di l la te kòrèk, men li te montre li gen konsiderasyon pou li e li te pran pasyans avè l annatandan Lòt te vin konprann sa l te di l la.
Pou nou ka jwenn bon rezilta nan konvèsasyon nou gen ak lòt moun, nou menm tou, nou bezwen rezonab. Nou ka gen konviksyon yo pa gen rezon nan yon sitiyasyon e nou ka gen bonjan prèv pou nou pwouve yo sa. Men, pafwa, li pi bon pou nou pa fòse yon moun admèt li gen tò. Lè yon moun rezonab, sa pa vle di l ap aksepte pase sou prensip Jewova yo pou l fè moun plezi. Li ka tou senpleman pi bon pou w di lòt moun nan mèsi paske l fè w konnen pwennvi l oswa pou w pase sou kèk bagay li di ki pa kòrèk pou w ka santre konvèsasyon an sou yon bagay k ap pi itil. Menmsi l montre li pa dakò ak sa w kwè yo, pa reyaji mal. Ou ka mande l poukisa se pwennvi sa a li genyen. Koute repons li bay la avèk atansyon. Sa ap fè w byen konprann pwennvi l. Sa ka fè l aksepte pou w gen lòt konvèsasyon ankourajan avè l alavni. — Pwo. 16:23; 19:11.
Jewova bay lèzòm kapasite pou yo chwazi. Li pèmèt yo itilize kapasite sa a, menm lè yo ka pa itilize l avèk sajès. Antanke pòtpawòl Jewova, Jozye te fè pèp Izrayèl la sonje fason Bondye te boule avèk yo. Men, apre sa, li te di yo: “Kounye a, si sa mal nan je nou pou nou sèvi Jewova, chwazi pou nou menm jodi a kiyès n ap sèvi, si se dye zansèt nou yo ki te lòt bò Flèv la te konn sèvi yo, oswa dye Amorit yo nou abite nan peyi yo a. Men kanta pou mwen menm ak moun lakay mwen, n ap sèvi Jewova.” (Joz. 24:15). Nou gen misyon jodi a pou nou bay “yon temwayaj”, e nou pale avèk konviksyon, men nou pa chèche fòse lòt moun kwè nan sa nou di yo (Mat. 24:14). Se yo ki pou chwazi, e nou rekonèt yo gen dwa sa a.
Poze kesyon. Nan kesyon rezone ak lòt moun nan, Jezi kite yon bèl egzanp pou nou. Li te pran an konsiderasyon kilti, edikasyon ak sitiyasyon moun yo e li te sèvi ak egzanp yo t ap aksepte san pwoblèm lè l t ap anseye yo. Anplis, li te byen sèvi ak kesyon, sa te bay moun yo posiblite pou yo bay opinyon pa yo e pou yo di sa ki nan kè yo. Sa te ankouraje yo tou pou yo rezone sou sijè li t ap pale a.
Men sa yon mesye ki te byen konn Lalwa te mande Jezi: “Anseyan, ki sa pou m fè pou m jwenn lavi ki pap janm fini an?” Jezi te ka reponn li kesyon an byen fasil. Men olye l te fè sa, li te ankouraje l di sa l panse. Li te mande l: “Ki sa ki ekri nan Lalwa? Ki jan w konprann sa w li?” Mesye a te byen reponn. Èske lefètke li te bay yon bon repons, konvèsasyon an te fini la? Non. Jezi te kite mesye a kontinye pale, e gen yon kesyon mesye a te poze ki te fè wè li t ap chèche montre li se yon moun ki jis. Li te mande: “Kiyès menm ki pwochen m?” Olye Jezi ba l yon definisyon, yon bagay mesye a te ka pa fin aksepte akoz fason Juif yo te konsidere moun ki pa Juif yo ak Samariten yo, li te fè l rezone sou yon egzanp. Nan egzanp lan, li te pale de yon mesye ki t ap vwayaje, bandi te vòlè sa l te genyen e yo te bat li. Yon prèt ak yon Levit te pase, yo pa t ede mesye a, men yon Samariten te ede l. Apre sa, Jezi te poze mesye ki te byen konn Lalwa a yon kesyon senp pou l asire l li konprann pwen prensipal ki nan egzanp lan. Fason Jezi te rezone avè l la te ede l konprann sans mo “pwochen” an yon fason li pa t janm konprann li anvan sa (Lik 10:25-37). Sa se yon bèl egzanp pou w imite! Olye w pale nètale poukont ou, sa vle di, olye w reflechi nan plas moun k ap koute w la, aprann ki jan pou w byen sèvi ak kesyon ansanm ak egzanp pou w ankouraje l reflechi.
Apre w fin li yon vèsè, rezone sou li. Lè apot Pòl t ap pale nan sinagòg Tesalonik la, li pa t annik li sa l t ap di a nan yon liv moun ki t ap koute l yo te aksepte. Lik fè nou konnen Pòl te esplike yo sa l te li a, li te sèvi ak kèk pasaj nan Ekriti yo pou l pwouve sa l te di yo e li te fè aplikasyon pou yo. Kòm rezilta, “kèk ladan yo te vin kwè, e yo te vin jwenn Pòl ak Silas”. — Tra. 17:1-4.
Kèlkeswa moun ki pami moun k ap koute w yo, li ka bon pou w rezone avèk yo konsa. Ou ka fè sa lè w ap bay moun ki fanmi w temwayaj, lè w ap pale ak kòlèg travay ou oswa kondisip ou, lè w ap pale ak yon moun ou rankontre nan predikasyon, lè w ap kondui yon etid biblik oswa lè w ap bay yon diskou nan kongregasyon an. Lè w li yon vèsè, ou ka pa gen okenn pwoblèm pou w konprann li, men gen lòt moun ki ka pa konprann li. Nan ka sa a, si w annik ba l yon esplikasyon pou w fè yon aplikasyon sou vèsè a, li ka konsidere w kòm yon moun ki panse depi w di yon bagay se fini. Èske si w chwazi kèk mo kle nan vèsè a e w esplike yo, sa pap ede w fè l konprann li? Èske w ka bay kèk prèv pou kore sa k di a, petèt nan kontèks vèsè a oswa nan yon lòt vèsè ki pale sou menm bagay la? Èske w ka pran yon egzanp k ap montre sa w di a rezonab? Èske w ka itilize kèk kesyon pou w ede moun k ap koute w yo rezone sou pwen an? Lè w sèvi ak metòd sa yo pou w rezone ak moun yo, sa ka fè yo sonje bon ansèyman yo te resevwa a e yo ka reflechi anpil sou sa.