BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 49 p. 255-p. 257 par. 3
  • Bay bonjan prèv

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bay bonjan prèv
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Byen entwodui vèsè yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Byen aplike vèsè yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Enstwi moun k ap koute w yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Ankouraje moun yo suiv nan Bib la
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 49 p. 255-p. 257 par. 3

LESON 49

Bay bonjan prèv

Ki sa pou w fè?

Bay bonjan prèv pou w kore sa w ap di yo.

Poukisa sa enpòtan?

Moun yo ap kwè nan sa w di yo e y ap aji ann amoni ak yo depi yo gen konviksyon sa w di yo se laverite.

LÈ W di yon bagay, moun k ap koute w yo gen tout rezon pou yo mande tèt yo: “Ki sa k fè sa l di a se verite? Ki prèv li bay ki fè m ta dwe aksepte sa l di a?” Antanke anseyan, ou gen obligasyon pou w reponn kesyon sa yo oswa pou w ede moun k ap koute w yo jwenn repons yo. Si gen yon pwen ki trèzenpòtan nan esplikasyon w ap bay yo, asire w ou bay moun yo bonjan prèv pou yo ka aksepte l. Konsa, prezantasyon w lan ap konvenk yo.

Apot Pòl te pale yon fason pou l konvenk lòt moun. Li te bay moun li t ap pale avèk yo bonjan prèv pou l kore sa l te di yo, li te rezone avèk yo yon fason ki lojik e li te ba yo egzòtasyon ki sensè pou l te ede yo chanje fason yo panse. Li kite yon bèl egzanp pou nou (Tra. 18:4; 19:8). Natirèlman, gen kèk moun ki konn pale byen ki konvenk moun ak diskou yo fè nan objektif pou yo twonpe yo (Mat. 27:20; Tra. 14:19; Kol. 2:4). Yo ka baze rezònman yo a sou yon manti, yo ka itilize referans ki pa kòrèk, yo ka bay prèv ki pa vrèman solid, yo ka vag sou enfòmasyon ki kontrè ak pwennvi yo oswa yo ka plis ap chèche aji sou santiman moun yo olye yo rezone avèk yo. Nou dwe veye pou nou pa sèvi ak metòd sa yo.

Bay prèv ki byen chita sou Pawòl Bondye a. Se pa pawòl pa nou nou dwe anseye moun yo. Nou dwe fè tout efò nou pou nou anseye yo sa nou aprann nan Bib la. Nan sans sa a, piblikasyon esklav fidèl ki prevwayan an ede nou anpil. Piblikasyon sa yo ankouraje nou byen egzamine Bib la. Se poutèt sa, nou dirije atansyon moun yo sou Bib la, nou pa fè sa nan objektif pou nou pwouve yo nou gen rezon, men nou fè sa avèk imilite, paske nou gen dezi pou nou ede yo wè pèsonèlman sa Bib la di. Nou dakò ak Jezi Kris, ki te di nan yon priyè li te fè Papa l: “Pawòl ou se laverite.” ​(Jan 17:17). Pa gen pi gwo otorite pase Jewova Dye, Sila a ki kreye syèl la ak tè a. Pou nou bay moun yo bonjan prèv pou kore sa n ap di yo a, fòk prèv sa yo chita sou Pawòl Bondye a.

Pafwa, ou ka pale ak moun ki pa abitye itilize Labib oswa ki pa rekonèt li kòm Pawòl Bondye. Ou ta dwe sèvi ak bon jijman w pou w konnen ki lè e ki jan pou w antre vèsè nan konvèsasyon an. Men, ou dwe fè efò pou w dirije atansyon yo, kou sa posib, sou Bib la, yon liv ki gen pouvwa pou l konvenk moun.

Èske sa vle di depi w site yon vèsè ki apwopriye, se deja yon prèv moun pa ka kontrekare? Pa fòseman. Ou ka bezwen atire atansyon moun yo sou kontèks vèsè a pou w ka montre yo li vrèman kore sa w ap di yo. Si w jis pran yon prensip nan yon vèsè, men kontèks la pa pale sou sijè sa a, li ka nesesè pou w bay plis prèv. Ou ka bezwen itilize lòt vèsè ki gen rapò ak pwen an pou w ka ede moun yo rive konprann sa w ap di yo a vrèman baze sou Bib la.

Evite pou w pa fè yon vèsè di sa l pa di. Li l byen. Vèsè a ka gen rapò ak sijè w ap egzamine a, men, pou prèv w ap bay yo konvenk moun k ap koute w yo, moun sa yo dwe kapab wè ki kote vèsè a pwouve sa w ap di a.

Lòt prèv pou kore sa w ap di a. Nan kèk ka, li ka bon pou w itilize lòt prèv ki soti nan yon referans moun ka fè konfyans, men ki pa soti nan Bib la, pou w ede moun yo konprann sa Bib la di yo rezonab.

Pa egzanp, ou ka montre pati nan linivè nou gen posiblite pou n wè a se yon prèv ki montre gen yon Kreyatè. Ou ka atire atansyon moun yo sou lwa ki gen nan lanati yo, pa egzanp, lwa gravitasyon an, e ou ka rezone avèk yo pou w montre yo pou lwa sa yo te ka egziste, fòk te gen yon Moun ki pou fè yo. Rezònman w fè a ap kòrèk si l ann amoni ak sa Pawòl Bondye a di (Jòb 38:31-33; Sòm 19:1; 104:24; Wom. 1:20). Prèv sa yo ap itil moun yo paske yo demontre sa Bib la di se bagay ki ann akò ak sa moun yo ka wè.

Èske w ap chèche ede yon moun konprann Bib la se vrèman Pawòl Bondye? Ou ka site sa kèk savan di pou w montre sa, men èske sa sifi? Se sèlman moun ki respekte savan sa yo k ap bay deklarasyon sa yo enpòtans. Èske w ka sèvi ak sa lasyans di pou w montre sa Bib la di se verite? Si w ta itilize sèlman opinyon syantifik yo ki enpafè, ou t ap mete rezònman w lan chita sou yon baz ki pa solid. Men, si w kòmanse avèk Pawòl Bondye a, apre sa, ou atire atansyon moun yo sou dekouvèt lasyans fè ki montre Bib la egzak, rezònman w yo ap chita sou yon bon baz.

Kèlkeswa sa w ap fè efò pou w pwouve moun yo, ba yo ase prèv. Kantite prèv ki nesesè a ap depann de moun k ap koute w yo. Pa egzanp, si w ap pale sou dènye jou yo, jan yo esplike sa nan 2 Timote 3:1-5, ou ka atire atansyon moun yo sou yon nouvèl moun yo byen konnen ki montre lèzòm “pa gen afeksyon pou moun parèy yo”. Egzanp sa a ka sifi pou w pwouve yon moun aspè sa a ki fè pati bagay ki montre n ap viv nan dènye jou yo ap akonpli kounye a.

Lè nou fè yon konparezon ant de bagay ki gen kèk aspè enpòtan ki sanble, souvan sa ka itil nou. Yon konparezon konsa poukont li pa yon prèv pou kore yon bagay ou di. Se lè w sèvi ak Bib la pou w demontre sa w di a, moun y ap ka wè si l kòrèk. Men, konparezon an ka ede yon moun wè sa w di a rezonab. Pa egzanp, ou ka itilize konparezon lè w ap pale de Wayòm Bondye a antanke yon gouvènman. Ou ka montre menm jan ak gouvènman lèzòm yo, Wayòm Bondye a gen moun k ap dirije ladan l, li gen moun l ap dirije, li gen prensip ak lwa pou moun suiv, li gen yon sistèm pou jije moun ak yon pwogram pou anseye moun.

Souvan, ou ka itilize eksperyans ki te pase toutbon nan lavi yon moun pou w montre li saj pou nou aplike konsèy Bib la bay. Ou ka itilize tou eksperyans pèsonèl ou pou w kore sa w di. Pa egzanp, lè w ap montre yon moun li enpòtan pou l li Bib la e pou l etidye l, ou ka esplike l ki jan sa te ede w amelyore lavi w. Pou apot Pyè te ankouraje frè yo, li te fè referans ak evènman kote aparans Jezi te chanje a, yon evènman li te wè ak de je l (2 Pyè 1:16-18). Apot Pòl tou te site eksperyans pa l li te fè (2 Kor. 1: 8-10; 12:7-9). Natirèlman, ou ta dwe veye pou w byen sèvi ak eksperyans pèsonèl ou yon fason pou w pa twò atire atansyon moun yo sou ou.

Piske moun yo diferan youn ak lòt, yo pa gen menm edikasyon, yo pa gen menm kilti, yo pa panse menm jan, prèv ki konvenk yon moun ka pa konvenk yon lòt moun. Kidonk, egzamine pwennvi moun k ap koute w yo lè w ap deside ki prèv ou pral prezante devan yo e ki fason w pral prezante prèv sa yo. Men sa Pwovèb 16:23 di: “Lè yon moun gen sajès, kè l pouse l pale avèk pridans, e sa fè pawòl k ap sot nan bouch li gen plis fòs pou konvenk moun.”

FASON POU W FÈ SA

  • Olye w annik fè yon seri deklarasyon, bay bonjan prèv pou w kore pwen enpòtan yo.

  • Bay prèv ki byen chita sou Bib la.

  • Sèvi ak lòt prèv k ap ede w atenn objektif ou genyen yo e k ap koresponn ak bezwen moun k ap koute w yo.

EGZÈSIS: 1) Ale nan tèm “Jésus Christ” nan liv Comment raisonner à partir des Écritures la. Byen gade jan yo mete aksan sou Bib la an premye lè y ap reponn kesyon yo. 2) Pran yon Toudegad oswa yon Réveillez-vous!, egzamine atik ki mache ansanm ki nan premye paj yo, chwazi plizyè nan pwen prensipal yo devlope yo. Souliye vèsè kle yo ansanm ak lòt prèv ki kore pwen prensipal sa yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje