BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • T-30 p. 1-4
  • Ki jan w konsidere Bib la?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan w konsidere Bib la?
  • Ki jan w konsidere Bib la?
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa demen sere pou ou?
    Ki sa demen sere pou ou?
  • Èske moun mouri ka leve vre?
    Èske moun mouri ka leve vre?
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Ki sa Wayòm Bondye a ye?
  • Èske soufrans ap janm fini?
    Èske soufrans ap janm fini?
Gade plis
Ki jan w konsidere Bib la?
T-30 p. 1-4

Ki jan w konsidere Bib la?

Èske w t ap di se...

  • yon liv ki gen pawòl lèzòm ladan l?

  • yon liv ki gen lejann ak pawòl blòf ladan l?

  • Pawòl Bondye li ye?

MEN SA BIB LA DI

“Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo.” — 2 Timote 3:16, Tradiksyon monn nouvo a.

BYENFÈ SA KA POTE POU OU

W ap jwenn bonjan repons pou gwo kesyon moun konn poze sou lavi a. — Pwovèb 2:1-5.

W ap jwenn konsèy ou ka fè konfyans k ap ede w chak jou nan lavi a. — Sòm 119:105.

W ap gen yon bèl esperans pou lavni. — Women 15:4.

Yon dam ak yon gason k ap li Bib la; yon fanmi ki gen kè kontan ki pran plezi pou yo pase yon ti tan deyò ansanm.

ÈSKE NOU KA KWÈ NAN SA BIB LA DI YO TOUTBONVRE?

Wi, pou omwen twa rezon:

  • Enfòmasyon ki ladan l yo pa depaman youn ak lòt. Anviwon 40 moun te patisipe nan ekri Bib la sou yon espas 1 600 ane. Pifò nan yo pa t janm rankontre youn ak lòt. Epoutan, enfòmasyon ki nan Bib la pa depaman youn ak lòt e tout Bib la gen yon sèl tèm.

  • Li rakonte bagay yo jan yo te pase. Souvan, moun k ap ekri istwa peyi yo konn kache kèk enfòmasyon sou defèt pèp pa yo te sibi. Men, moun ki te patisipe nan ekri Bib la rakonte bagay yo jan yo te pase, kit y ap pale de erè pa yo, kit y ap pale de erè pèp pa yo a te fè. — 2 Kwonik 36:15, 16; Sòm 51:1-4.

  • Nou ka fè pwofesi ki ladan l yo konfyans. Depi 200 an alavans, Bib la te gentan fè konnen yo t ap detwi Babilòn, yon vil nan tan lontan (Ezayi 13:17-22). Bib la pa t sèlman di ki jan Babilòn t ap tonbe, men, li te bay non moun ki t ap pran vil la. — Ezayi 45:1-3.

    Gen anpil lòt pwofesi nan Bib la ki te reyalize tou, e tout ti detay ladan yo te reyalize. Èske se pa sa n dwe atann de pwofesi ki nan Pawòl Bondye a? — 2 Pyè 1:21.

FÈ YON TI REFLECHI

Yon papa, yon manman, yon pitit gason ak yon pitit fi.

Ki jan Pawòl Bondye a ka ede w viv pi byen?

Bib la reponn kesyon sa a nan EZAYI 48:17, 18 ak nan 2 TIMOTE 3:16, 17.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje