BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • T-32 p. 1-4
  • Ki sa k ka bay kè kontan nan yon fanmi?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa k ka bay kè kontan nan yon fanmi?
  • Ki sa k ka bay kè kontan nan yon fanmi?
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa demen sere pou ou?
    Ki sa demen sere pou ou?
  • Èske soufrans ap janm fini?
    Èske soufrans ap janm fini?
  • Èske moun mouri ka leve vre?
    Èske moun mouri ka leve vre?
  • Ki jan w konsidere Bib la?
    Ki jan w konsidere Bib la?
Gade plis
Ki sa k ka bay kè kontan nan yon fanmi?
T-32 p. 1-4

Ki sa k ka bay kè kontan nan yon fanmi?

Èske w panse se...

  • lanmou?

  • lajan?

  • yon lòt bagay?

MEN SA BIB LA DI

“Byennere moun ki tande pawòl Bondye e ki pratike l!” — Lik 11:28, Tradiksyon monn nouvo a.

BYENFÈ SA KA POTE POU OU

W ap jwenn vrè lanmou. — Efezyen 5:28, 29.

W ap jwenn bonjan respè. — Efezyen 5:33.

W ap santi w an sekirite toutbon. — Mak 10:6-9.

Foto plizyè fanmi ki gen kè kontan: Yon manman ki ak pitit fi l, yon koup, de paran ki ak pitit gason yo.

ÈSKE NOU KA KWÈ NAN SA BIB LA DI YO TOUTBONVRE?

Wi, pou omwen de rezon:

  • Se Bondye ki kreye fanmi. Labib di se Jewova Dye “ki pèmèt tout fanmi [...] egziste”. (Efezyen 3:14, 15.) Sa vle di se Jewova ki kreye fanmi. Poukisa li enpòtan pou n konn sa?

    Fè yon ti reflechi. Si w t ap manje yon bon ti manje e w ta renmen konnen ak ki sa l fèt, ki moun ou t ap mande? Nòmalman, se moun ki fè manje a ou t ap mande.

    Menm jan an tou, pou nou konnen ki sa k ka fè yon fanmi gen kè kontan, l ap bon pou nou chèche enfòmasyon nan men Jewova, Sila a ki kreye fanmi an. — Jenèz 2:18-24.

  • Bondye gen sousi pou nou. Li bon pou fanmi yo suiv konsèy Jewova bay nan Pawòl li a. Poukisa? “Paske li gen sousi pou nou.” (1 Pyè 5:6, 7). Jewova vle pou tout bagay mache byen pou nou. Konsèy li toujou bay bon rezilta! — Pwovèb 3:5, 6; Ezayi 48:17, 18.

FÈ YON TI REFLECHI

Yon koup ki fèk marye k ap resevwa konsèy nan men yon ansyen; yo li Bib la ansanm.

Ki jan w ka yon bon mari, yon bon madanm, oswa yon bon paran?

Bib la reponn kesyon sa a nan EFEZYEN 5:1, 2 ak KOLOSYEN 3:18-21.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje