BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • kr chap. 20 p. 209-219
  • Travay pote sekou a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Travay pote sekou a
  • Wayòm Bondye a ap dirije!
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Rezon ki fè travay pote sekou a se yon “sèvis sakre”
  • Nou gen bonjan rezon pou pote moun yo sekou
  • Travay pote sekou a fè moun jwenn byenfè k ap dire
  • Èske w ka patisipe?
  • Fason nou ka ede apre yon katastwòf
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Èske Temwen Jewova yo ede moun lè gen katastwòf natirèl?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Travay pote sekou nan ane 2021 — Nou pa abandone frè n ak sè n yo
    Fason n itilize ofrann nou yo
  • Èd Wayòm nan: Nou konstwi pou nou adore epi nou pote sekou
    Wayòm Bondye a ap dirije!
Gade plis
Wayòm Bondye a ap dirije!
kr chap. 20 p. 209-219

CHAPIT 20

Travay pote sekou a

IDE KLE CHAPIT LA

Fason kretyen yo demontre lanmou lè gen katastwòf.

1, 2. a) Ak ki difikilte kretyen ki t ap viv nan Jide yo t ap fè fas? b) Ki aksyon ki demontre lanmou yo te fè anvè kretyen ki t ap viv nan Jide yo?

SE TE ozanviwon ane 46 epòk nou an, e nan moman sa a, te gen yon gwo grangou ki t ap frape zòn Jide a. Juif ki te vin disip Kris ki t ap viv nan zòn sa a pa t gen anpil mwayen pou yo te peye pri tèt nèg yo te mande pou ti kantite manje ki te disponib la. Bagay yo te rèd anpil pou yo. Sepandan, Jewova t apral pwoteje yo yon fason okenn lòt disip Kris potko janm wè anvan sa. Ki sa k t apral pase?

2 Kretyen Juif ak kretyen lòt nasyon ki t ap viv nan vil Antyòch ak Siri yo te tèlman wè kretyen Juif ki t ap viv Jerizalèm ak Jide yo t ap soufri, sa te pouse yo rasanble lajan pou kretyen parèy yo. Apre sa, yo te chwazi de frè responsab pami yo, anpalan de Banabas ak Sòl, pou pote sa yo te rasanble a bay ansyen yo ki te nan kongregasyon Jerizalèm nan. (Li Travay 11:27-30; 12:25.) Eseye imajine jan frè ki t ap viv nan Jide yo dwe te kontan pou bèl aksyon sa a ki demontre lanmou frè nan vil Antyòch yo te fè a!

3. a) Nan epòk nou an, ki fason pèp Bondye a suiv egzanp kretyen ki t ap viv nan vil Antyòch yo nan premye syèk la? Bay yon egzanp. (Gade kare ki gen tit “Premye pi gwo pwogram sekou nou te òganize nan epòk nou an” tou.) b) Ki kesyon nou pral egzamine nan chapit sa a?

3 Lè n fè yon ti retounen nan premye syèk epòk nou an, nou rann nou kont evènman sa a se premye evènman yo te ekri ki montre kretyen k ap viv yon kote nan monn nan te voye èd pou kretyen k ap viv nan yon lòt zòn. Jodi a, nou suiv menm egzanp frè ki t ap viv nan vil Antyòch yo te kite a. Lè n aprann kretyen parèy nou yo k ap viv nan yon lòt zòn ap fè fas ak yon katastwòf oswa y ap fè fas ak yon difikilte, nou chèche ede yoa. Pou n montre nou apresye fason efò nou fè pou n pote sekou yo gen rapò ak lòt aktivite espirityèl nou fè yo, ann egzamine twa kesyon konsènan travay pote sekou a: Poukisa n konsidere travay pote sekou a kòm yon pati nan adorasyon n ap bay Jewova a? Ki objektif travay pote sekou n ap fè a genyen? Ki fason nou ka jwenn byenfè grasa travay pote sekou a?

Rezon ki fè travay pote sekou a se yon “sèvis sakre”

4. Ki sa Pòl te di Korentyen yo konsènan travay kretyen yo gen pou yo fè a?

4 Nan dezyèm lèt Pòl te ekri kretyen ki t ap viv nan vil Korent yo, li te fè konnen sèvis kretyen yo ap fè a gen de kalite travay ladan l. Byenke se kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la Pòl te ekri lèt sa a, jodi a, nou kapab aplike pawòl sa yo nan ka tout moun ki fè pati “lòt mouton” Kris yo tou (Jan 10:16). Nan sèvis n ap bay Jewova a, gen yon pati ladan l ki se “misyon pou nou fè moun vin rekonsilye” ak Jewova (2 Kor. 5:18-20; 1 Tim 2:3-6). Lòt pati a se yon travay n ap fè pou ede kwayan parèy nou yo. Pòl te sitou pale de travay sa a kòm yon travay kote “n ap patisipe nan [bay] èd [sèvis, nòt anba paj]”. (2 Kor. 8:4.) Nan ekspresyon “misyon pou fè moun vin rekonsilye” a ak ekspresyon ‘patisipe nan sèvis’ la, ni mo “misyon” an, ni mo “sèvis” la se tradiksyon yon mo grèk ki se dyakonya. Poukisa sa enpòtan?

5. Lefètke Pòl te sèvi ak mo grèk la pou l pale de travay pote sekou a, poukisa sa enpòtan?

5 Lefètke Pòl te sèvi ak menm mo grèk dyakonya a pou toule de kalite travay yo, Pòl te montre travay pote sekou a makònen ak lòt kalite travay nou fè anndan kongregasyon kretyen an. Men sa l te fè konnen anvan sa: “Gen divès kalite sèvis, epoutan se yon sèl Seyè a ki genyen. Gen divès kalite travay [...]. Men tout travay sa yo, se yon sèl lespri a ki fè yo.” ​(1 Kor. 12:4-6, 11). Anfèt, apot Pòl te fè konnen tout kalite sèvis k ap fèt nan kongregasyon yo se yon “sèvis sakre”b. (Wom. 12:1, 6-8.) Se pou rezon sa a Pòl te wè l apwopriye pou l te konsakre yon pati nan tan l pou l “ede moun ki sen yo”. — Wom. 15:25, 26.

6. a) Jan Pòl te fè konn sa, ki rezon ki fè travay pote sekou a se yon travay ki fè pati adorasyon n ap bay Jewova a? b) Fè yon ti pale sou fason n ap fè travay pote sekou a toupatou sou tè a jodi a. (Gade kare ki gen tit “Lè katastwòf frape!” a.)

6 Pòl te ede Korentyen yo konprann rezon ki fè travay pote sekou a se yon travay ki fè pati sèvis yo a ak adorasyon y ap bay Jewova a. Men ki rezònman l te fè avè yo: Kretyen ki patisipe nan travay pote sekou a fè sa paske yo “soumèt [yo] devan bon nouvèl konsènan Kris la”. (2 Kor. 9:13.) Kidonk, lefètke kretyen yo vle suiv ansèyman Kris yo, sa pouse yo ede kwayan parèy yo. Pòl te fè konnen kalite aksyon sa a frè yo fè pou ede frè parèy yo, se yon bon fason pou yo demontre “kokenn favè san parèy Bondye vide sou” yo a (2 Kor. 9:14; 1 Pyè 4:10). Se sa k fè, Toudegad 1ye desanm 1975 lan te gen bon rezon pou l fè kòmantè sa a konsènan travay pote sekou a: “Nou pa dwe janm gen dout sou fason kalite sèvis sa a gen anpil valè pou Jewova Dye ak Jezi Kris, Pitit Gason l lan.” Vrèmanvre, travay pote sekou a se yon fòm sèvis sakre ki enpòtan — Wom. 12:1, 7; 2 Kor. 8:7; Ebre 13:16.

Nou gen bonjan rezon pou pote moun yo sekou

7, 8. Bay premye objektif nou fè travay pote sekou a. Esplike.

7 Nan ki objektif nou fè travay pote sekou a? Apot Pòl te pale konsènan kesyon sa a nan dezyèm lèt li te ekri Korentyen yo. (Li 2 Korentyen 9:11-15.) Nan vèsè sa yo, apot Pòl te met aksan sou twa objektif enpòtan nou rive atenn lè nou patisipe nan “sèvis piblik sa a”, anpalan de travay pote sekou a. Ann egzamine objektif sa yo youn apre lòt.

8 Premyèman, travay pote sekou nou an fè Jewova jwenn glwa. Remake konbyen fwa apot Pòl te atire atansyon frè yo sou Jewova nan senk vèsè nou site pi wo a. Apot la te fè yo sonje enpòtans pou yo “di Bondye mèsi”, e li te fè yo sonje tou jan anpil moun gen “yon gwo rezon pou yo di Bondye mèsi”. (Vèsè 11, 12.) Li te pale konsènan jan travay pote sekou a fè Kretyen yo “glorifye Bondye” e jan li fè yo louwe Bondye pou “kokenn favè san parèy” li a (Vèsè 13, 14). E pou fini, men sa apot Pòl te di Korentyen yo konsènan travay pote sekou a: “N ap di Bondye mèsi.” — Vèsè 15; 1 Pyè 4:11.

9. Ki jan travay pote sekou a ka fè yon moun chanje fason l panse? Bay yon egzanp.

9 Menm jan ak apot Pòl, jodi a, sèvitè Bondye yo wè travay pote sekou a kòm posiblite yo genyen pou yo louwe Jewova e pou yo met sa Jewova anseye yo an pratik nan lavi yo (1 Kor. 10:31; Tit 2:10). Anfèt, byen souvan, travay pote sekou a jwe yon gwo wòl nan kraze move lide moun konn genyen sou Jewova ak pèp li a. Ann pran yon egzanp. Gen yon dam k ap viv nan yon zòn siklòn te frape. Dam sa a te make sou pòt li: ‘Pinga okenn Temwen frape pòt mwen.’ Men, yon jou dam sa a te wè moun ki t ap pote sekou yo ap ranje yon kay, siklòn te kraze, ki anfas lakay li. Pandan plizyè jou, dam nan t ap suiv jan moun ki t ap travay yo te janti. Li t al bò kote yo pou l konnen ki moun yo ye. Lè l te aprann se Temwen Jewova yo ye, sa te touche l anpil e men sa l te fè konnen: “Sa m te panse de nou an se pa sa”. Annapre, dam nan te retire mesaj li te met sou pòt li a.

10, 11. a) Ki egzanp ki montre nou rive atenn dezyèm objektif travay pote sekou a? b) Ki piblikasyon ki ede moun k ap pote sekou yo? (Gade kare ki gen tit: “Yon lòt zouti pou ede moun k ap pote sekou yo.”)

10 Dezyèmman, nou bay kwayan parèy nou yo “sa yo bezwen”. (2 Kor. 9:12a.) Nou chofe pou n ede frè ak sè nou yo jwenn sa yo bezwen e nou kontan ede yo jwenn soulajman anba soufrans yo genyen yo. Sa k fè sa? Se paske, antanke moun ki fè pati kongregasyon an, nou fòme “yon sèl kò” e, “si yon manm ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l”. (1 Kor. 12:20, 26.) Kidonk, jodi a, lanmou ak konpasyon nou gen nan mitan an pouse plizyè frè ak sè kanpe sou aktivite pèsonèl yo pou yo rasanble zouti yo pou y al ede kretyen parèy yo k ap viv nan zòn katastwòf te frape yo (Jak 2:15, 16). Pa egzanp, apre yon sounami te fin frape peyi Japon nan ane 2011, biwo filyal peyi Etazini an te voye yon lèt bay komite rejyonal pou konstriksyon Sal Wayòm peyi Etazini an, pou l mande yo si yo gen “frè kalifye” ki disponib pou al bay kout men pou ede rekonstwi Sal Wayòm ki nan zòn kote katastwòf la te frape yo. Ki jan frè yo te reyaji? Nan kèk semèn, te gen prèske 600 volontè ki te fè konnen yo disponib pou y al bay èd pa yo, e yo te menm dispoze peye kòb pa yo pou y al nan peyi Japon! Men sa biwo filyal Etazini an te di: “Se pa ti kontan nou te kontan wè jan frè yo te mete yo disponib!” Lè yon frè nan peyi Japon te mande yon frè ki vin pote sekou e ki soti nan lòt peyi, pou ki rezon li te vin ede yo, men sa frè a te fè konnen: “Nou menm ansanm ak frè nou yo nan peyi Japon fòme ‘yon sèl kò’. Nou santi doulè yo ak soufrans yo.” Pafwa, lanmou moun k ap pote sekou yo gen pou kretyen parèy yo konn pouse yo menm riske lavi yo pou yo ka ede kretyen parèy yoc. — 1 Jan 3:16.

Yon Temwen Jewova k ap òganize bagay pou pote frè yo sekou nan ane 1946.

Laswis, nan ane 1946.

PREMYE PI GWO PWOGRAM SEKOU NOU TE ÒGANIZE NAN EPÒK NOU AN

NAN mwa septanm 1945, kèk mwa sèlman apre Dezyèm Gè mondyal la te fin nan zòn Ewòp la, frè Knorr te fè konnen yo t apral òganize yon gwo pwogram sekou pou voye “èd pou frè nou yo ki nan bezwen k ap viv ann Ewòp santral”.

Nan kèk semèn sèlman apre yo te fin fè anons sa a, Temwen ki t ap viv nan peyi Kanada, Etazini ak lòt peyi ankò yo te kòmanse fè kèk pakèt ki te gen rad ak manje ladan yo. Apati mwa janvye 1946, yo te voye èd pou kwayan parèy nou yo k ap viv ann Almay, Angletè, Bèljik, Bilgari, Dànmak, Fenlann, Filipin, Frans, Grès, Itali, Lachin, Nòvèj, Ongri, Otrich, Peyiba, Polòy, Tchekoslovaki ak Woumani.

Pwogram sekou sa a pa t fèt yon sèl fwa. Yo te kontinye voye èd pou frè ak sè yo pandan dezan edmi. Pandan tan sa a, gen anviwon 85 000 frè ak sè ki te voye plis pase 300 000 kilogram manje, plis pase 450 000 kilogram rad ak plis pase 124 000 soulye pou frè ak sè ki t ap viv nan peyi kote gè a te fè ravaj yo. Kokennchenn pwogram sa a te fini nan mwa out 1948. Men sa yo te di nan Toudegad nan ane 1949: “Se sèten, pwogram sa a te montre jan nou gen lanmou youn pou lòt. Nou konnen tout frè nou yo te fè sa pou Seyè a jwenn louwanj, toutpandan yo pa bliye jan èd yo bay yo ap ede kèk nan frè yo kontinye nan vrè adorasyon an, konsa, yo montre se yon gwo privilèj yo genyen pou yo sèvi frè yo nan sans sa a.” Travay pote sekou sa a te fè Jewova jwenn louwanj, li te fè kwayan parèy nou yo jwenn sa yo te bezwen e sa te fè chenn ki ini nou antanke frè sou tout tè a vin pi djanm.

11 Menm moun ki pa Temwen Jewova yo konn fè konnen jan yo apresye travay pote sekou n ap fè a. Pa egzanp, nan ane 2013, apre yon katastwòf te fin frape yon eta ki rele Arkansas ki Ozetazini, men sa yon jounal te ekri konsènan jan volontè ki Temwen yo te aji san pèdi tan pou pote moun yo sekou: “Temwen Jewova yo tèlman byen òganize volontè yo, sa fè yo pa pran tan pou y al ede nan zòn katastwòf la frape yo e yo maton nan sa y ap fè a.” Se sèten, jan apot Pòl te fè konn sa, nou bay frè nou yo “sa yo bezwen”.

12-14. a) Poukisa twazyèm objektif travay pote sekou a enpòtan anpil? b) Ki sa kèk moun di ki montre l enpòtan pou nou kontinye mennen aktivite espirityèl yo?

12 Twazyèmman, nou ede moun ki dekouraje yo rejwenn abitid yo te genyen nan domèn espirityèl. Poukisa sa enpòtan? Apot Pòl te fè konnen moun ki resevwa èd yo ap toujou anvi “di Bondye mèsi”. (2 Kor. 9:12b.) Pa gen yon pi bon fason pou moun sa yo ta di Jewova mèsi pase lè yo pa pran tan pou yo reprann aktivite espirityèl yo (Fil. 1:10). Men sa Toudegad te fè konnen nan ane 1945: “Pòl te dakò [...] pou yo mande ofrann paske sa t ap ede [...] kretyen ki te nan bezwen yo jwenn kichòy, konsa sa t ap ede yo pi byen patisipe nan travay Jewova bay la ki se travay temwayaj la.” Se menm objektif sa a nou genyen jodi a. Lè frè k ap viv nan zòn katastwòf frape yo retounen patisipe nan travay predikasyon an, se pa vwazen yo sèlman yo ankouraje, men, yo ankouraje tèt yo tou. — Li 2 Korentyen 1:3, 4.

13 Ann wè sa kèk moun ki te resevwa anpil èd e ki te jwenn fòs ankò lè yo te retounen patisipe nan travay predikasyon an te fè konnen. Gen yon frè ki te di: “Se te yon benediksyon sa te ye pou fanmi nou lefètke n t al nan predikasyon. Travay predikasyon an ban nou yon ti tan pou n bliye pwoblèm nou yo toutpandan n ap eseye rekonfòte lòt moun.” Men sa yon sè te fè konnen: “Piske m konsantre m sou aktivite espirityèl yo, sa ede m pa ret ap reflechi sou dezas ki toutotou m, e sa fè m santi m byen.” Gen yon lòt sè ki fè konnen: “Etandone gen anpil bagay ki pa depann de nou, travay predikasyon an ede fanmi m. Lefètke n t ap pale ak moun yo konsènan esperans nou genyen pou monn nouvo a, sa ede n vin gen plis konfyans tout bagay pral vin tounèf.”

14 Yon lòt aktivite espirityèl frè k ap viv nan zòn katastwòf te frape yo pa dwe pran tan pou yo rekòmanse fè se: Asiste reyinyon. Ann fè yon ti pale sou sa k te rive Kiyoko, yon sè ki nan fen senkantèn li. Li te pèdi tout sa l genyen nan yon sounami, sof rad ki te sou li ak sandal ki te nan pye l. Lè sa a, li pa t konn ki sa l t apral fè. Apre sa, gen yon ansyen, ki gen yon machin, ki te fè l konnen y ap fè reyinyon yo nan machin li an. Men sa Kiyoko te fè konnen: “Nan machin lan, te gen yon ansyen ak madanm li, te gen mwen menm ak yon lòt sè. Reyinyon an te senp men, se kòmsi yon mirak te fèt piske mwen pa t sonje sounami ki te frape zòn nan. Reyinyon sa a fè m wè jan se yon bagay ki bay fòs lè kretyen yo reyini ansanm.” Men sa yon lòt sè te di konsènan yon reyinyon li te asiste apre yon katastwòf te fin frape zòn kote l ap viv lan “Reyinyon yo te ede m andire.” — Wom. 1:11, 12; 12:12.

Travay pote sekou a fè moun jwenn byenfè k ap dire

15, 16. a) Ki byenfè kretyen ki t ap viv nan vil korent yo ak lòt kretyen ankò te jwenn lefètke yo te soutni travay pote sekou a? b) Ki byenfè travay pote sekou a fè nou jwenn tou jodi a?

15 Lè apot Pòl t ap pale de travay pote sekou a, li te esplike Korentyen yo ki byenfè yo menm ak lòt kretyen parèy yo t ap jwenn lè yo patisipe nan travay sa a. Men sa l te fè konnen: “Nan siplikasyon y ap [kretyen Juif nan Jerizalèm ki te resevwa èd yo] fè pou nou, yo demontre afeksyon yo gen pou nou, poutèt kokenn favè san parèy Bondye vide sou nou an.” ​(2 Kor. 9:14). Vrèmanvre, lefètke Korentyen yo te bay sa yo te genyen ak tout kè yo, sa t ap pouse Juif ki te vin kretyen yo priye pou frè ki t ap viv nan vil korent yo, san wete moun ki pa Juif yo, e sa t ap fè yo renmen frè sa yo plis toujou.

16 Men sa Toudegad 1ye desanm 1945 la te fè konnen konsènan byenfè yon moun nan epòk nou an ka jwenn lè l aplike pawòl apot Pòl te di konsènan travay pote sekou a: “Lè yon pati nan pèp Bondye a travay pou ede lòt pati a, ala ini sa fè yo ini!” Se egzakteman konsa moun k ap patisipe nan travay pote sekou a santi yo jodi a. Men sa yon ansyen ki te patisipe nan pote sekou nan yon zòn ki te inonde te di: “Lefètke m patisipe nan travay pote sekou a, sa fè m santi m vin pwòch frè yo plis toujou.” Men sa yon sè ki rekonesan anpil pou èd li te jwenn te fè konnen: ‘Mwen santi fanmi nou fòme antanke kretyen an tankou yon paradi.’ — Li Pwovèb 17:17.

17. a) Kòman nou ka aplike pawòl nou jwenn nan Izayi 41:13 la pou travay pote sekou a? b) Bay kèk egzanp ki montre travay predikasyon an fè moun bay Jewova louwanj, e di kòman sa fè n gen plis lanmou youn pou lòt. (Gade kare ki gen tit “Toupatou sou tè a gen volontè k ap pote sekou” a tou.)

17 Lè frè k ap viv nan zòn katastwòf frape yo wè gen frè ak sè ki vin pote yo sekou, sa fè yo wè jan Jewova kenbe pwomès sa a li fè a: “Mwen menm, Jewova Bondye w la, m ap pran men dwat ou, Sila a ki di w: ‘Ou pa bezwen pè. Mwen menm, m ap ede w.’” ​(Iza. 41:13). Men sa yon sè ki te chape nan yon katastwòf te fè konnen: “Mwen te santi m san espwa lè m wè dega ki fèt yo, men, Jewova te lonje men l ban mwen. M pa gen bouch pou m di tout sa frè yo fè pou mwen.” Apre yon katastwòf te fin frape yon zòn, men sa de ansyen te ekri nan non kongregasyon yo a: “Moun yo te soufri anpil akoz tranblemanntè a, men nou te wè jan Jewova te sèvi ak frè yo pou l ede nou. Nou abitye li sa k konn fèt nan travay pote sekou a, men, kounye a nou wè l ap fèt devan je nou.”

Peter Johnson k ap travay sou yon pwojè konstriksyon.

YON TRAVAY LI PA JANM BLIYE

LÈ JÈN yo patisipe nan travay pote sekou a, ki efè sa ka gen sou yo? Ann fè yon ti pale sou sa k te rive Peter Johnson, ki te patisipe pou premye fwa nan travay pote sekou a lè l te gen 18 an. Men sa l sonje: “Mwen pap janm bliye jan frè yo te apresye sa n te fè pou yo ak jan kè m te kontan lefètke m te bay èd mwen. Sa te fè m vin anvi sèvi Jewova otan m kapab.” Annapre, Peter te kòmanse sèvi kòm pyonye pèmanan. Anplis de sa, li te travay nan Betèl, e pi devan, li te vin sèvi kòm manm komite rejyonal pou konstriksyon Sal Wayòm. Men sa Peter fè konnen: “Etandone m te patisipe pou premye fwa nan travay pote sekou a nan ane 1974, mwen pa janm bliye sa.” Èske w se yon jèn? Èske w ka suiv egzanp Peter? Ou pa janm konnen, travay pote sekou a ka ede w fè yon travay sakre ou pap janm bliye!

Èske w ka patisipe?

18. Ki sa w ka fè si w vle patisipe nan travay pote sekou a? (Gade kare ki gen tit “Yon travay li pa janm bliye” a tou.)

18 Èske w pa ta renmen goute benediksyon travay pote sekou a fè moun jwenn? Si w ta renmen sa, sonje, byen souvan, se moun ki travay nan pwojè konstriksyon Sal Wayòm yo yo chwazi pou fè pati moun k ap pote sekou yo. Donk, si w ta renmen ranpli yon aplikasyon, pale sa ak ansyen nan kongregasyon w lan. Men sa yon ansyen ki gen anpil eksperyans nan travay pote sekou a ta renmen nou sonje: “Se sèlman si yon moun resevwa yon envitasyon nan men biwo komite sekou a, li kapab pote èd li nan yon zòn katastwòf frape.” Konsa, y ap ka kontinye byen òganize travay pote sekou nou an.

19. Ki jan moun k ap fè travay pote sekou a ede n montre nou se bonjan disip Kris?

19 Se sèten travay pote sekou a se yon bèl fason pou n obeyi lòd Kris te ban nou an, lè l te di: “Se pou nou youn renmen lòt.” Lè n montre yon lanmou konsa, nou demontre nou se disip Kris toutbonvre (Jan 13:34, 35). Se pa ti benediksyon sa ye pou nou jodi a dèske gen anpil moun k ap bay Jewova louwanj toutpandan yo met tèt yo disponib pou yo pote èd bay moun k ap soutni Wayòm nan fidèlman!

a Nan chapit sa a, n ap pale konsènan efò nou fè pou n ede kretyen parèy nou yo. Sepandan, nan plizyè ka, moun ki pa Temwen Jewova konn jwenn byenfè nan travay pote sekou n ap fè a tou. — Gal. 6:10.

b Pòl te sèvi ak fòm pliryèl dyakonòs la pou l pale de “sèvitè ministeryèl yo”. — 1 Tim. 3:12.

c Gade atik ki gen tit “De l’aide pour la famille de nos frères en Bosnie” nan Toudegad 1ye novanm 1994 la, paj 23-27 (fransè).

Èske w kwè toutbon Wayòm nan egziste?

  • Ki jan nou fè konnen travay pote sekou a fè pati sèvis sakre n ap bay Jewova a?

  • Bay twa objektif travay pote sekou a genyen.

  • Ki benediksyon travay pote sekou a fè moun jwenn?

  • Ki rapò travay pote sekou a genyen ak lòd Jezi bay nou jwenn nan Jan 13:34, 35 lan?

TOUPATOU SOU TÈ A GEN VOLONTÈ K AP POTE SEKOU

AFRIK SANTRAL AK AFRIK DELWÈS

Nan ane 1994, nan peyi Wannda, gen anviwon 800 000 moun, e petèt plis moun toujou, ki te pèdi lavi yo akoz yon masak ki te fèt ant de tribi. Apre gwo masak sa a, te vin gen dezòd nan lòt peyi ann Afrik santral yo. Kòm rezilta, sa te fè anpil moun al viv nan kan refijye yo. Pou ede kretyen parèy nou yo, Temwen Jewova yo nan peyi Bèljik, Lafrans ak Laswis te voye, nan avyon, anviwon 300 tòn rad, medikaman, tant, manje ak lòt bagay ankò pou frè yo. Nan kèk semèn, èd sa yo te rive jwenn frè nou yo.

Ann Afrik tou, te gen yon gwoup ki te gen dis doktè ak enfimyè ki te soti an Frans pou yo vin pote èd bay frè yo pou yo soulaje yo anba soufrans yo te genyen akoz lagè sivil, grangou ak maladi. Nan sèlman dezan ki sot pase yo, gwoup sa a te fè plis pase 10 000 konsiltasyon. Travay yo fè yo fè Jewova ak òganizasyon l lan jwenn glwa. Men sa youn nan enfimyè yo fè konnen: “Lè n rive nan yon zòn pou n ede frè ak sè nou yo, avèk respè, moun k ap gade yo di: ‘Yo se Temwen Jewova, yo vini pou ede frè yo.’” Men sa yon Temwen te di apre yon enfimyè te fin ede l: “Mèsi sè m. Mèsi Jewova!”

Pafwa, travay pote sekou a ka nesesè lè gen gwo aksidan ki fèt. Nan ane 2012, te gen yon gwo aksidan machin ki te fèt nan peyi Nijerya. Te gen 54 moun ki te blese grav e te gen 13 moun ki soti nan menm kongregasyon ki te mouri. Komite sekou a te met yon pwogram sou pye pou yo pran swen moun ki blese yo 24 sou 24. Lè yon pasyan te wè jan y ap ede frè ak sè ki te blese yo, li te pran telefòn li, li rele pastè legliz li a e li di l: “Pa gen pèsonn nan legliz la ki vin wè m. Vin lopital la pou w wè jan Temwen Jewova yo demontre lanmou youn pou lòt.”

Malgre frè ak sè nan kongregasyon sa a te nan gwo lapenn akoz Temwen ki te mouri yo, frè ak sè yo te santi yo rekonfòte lè yo te wè lanmou kretyen parèy yo demontre pou yo. Anplis de sa, lefètke frè ak sè yo te wè jan frè ki t ap pote sekou yo te demontre lanmou anvè frè ki te blese yo, sa te pouse anpil nan yo vin pi zele nan travay predikasyon an. Anvan aksidan an, kongregasyon an te gen 35 pwoklamatè. Nan ennan, kongregasyon an te vin gen 60 pwoklamatè.

OSTRALI

Nan ane 2013, gen yon pati nan zòn ki rele Queensland lan, yon zòn ki bò lanmè, ki te inonde e sa te lakòz 70 Temwen pèdi kay yo. Mark ak Rhonda ansanm ak pitit fi yo a te oblije kouri kite kay yo, ki te inonde, pou yo te ka al yon kote yo te fè pou moun vin pran refij. Lokal sa a te chaje ak moun. Men sa Rhonda te di: “Pa t menm gen kote pou moun chita tèlman te gen moun.” Etandone te gen elikoptè ki t ap ateri e ki t ap dekole toupre a, bri sa a te ajoute sou tansyon ki te genyen an. Rhonda te tèlman strese, li te mande mari l: “Ki sa n pral fè mezanmi?” Mark te priye Jewova pou l mande l èd. Men sa Rhonda fè konnen: “Apre 30 minit, gen yon machin ki te rive nan lokal la e gen twa frè ki te desann machin nan. Lè frè yo te rankontre nou, yo te di: ‘Nou prale avè nou. N ap rete lakay yon frè.’” Men sa Rhonda te ajoute: “Nou pa gen mo pou n esplike jan nou te santi n nan moman sa a, pou jan nou te wè òganizasyon Jewova a pran swen nou.”

Te gen plis pase 250 volontè ki te kouri vin ede frè yo nan menm zòn sa a katastwòf te frape a. Men sa yon frè aje fè konnen: ‘Yon gwoup Temwen Jewova t al lakay mwen e yo te travay san pran souf pou netwaye kay la. Mwen menm ak madanm mwen pap janm bliye jan yo te ede nou.’

BREZIL

Nan ane 2008, gen anviwon 80 000 moun ki te oblije kite kay yo akoz yon deboulonnay tè ak yon inondasyon ki te fèt nan eta Santa Catarina. Gen yon moun ki ret nan zòn nan ki te fè konnen se te tankou yon ‘sounami ki te vin ak labou e ki te trennen pyebwa dèyè l’. Gen kèk nan frè yo ki t al pran refij nan yon Sal asanble. Men sa Márcio, frè ki te responsab Sal asanble a, te fè konnen: “Se sèlman ak rad ki te sou yo yo te chape e yo te sal ak labou.” Men sa yon sè te fè konnen: “Kay nou an te kraze nan yon bat je, sa te fè n mal anpil lè n wè sa. Men, mwen pap janm bliye fason frè ak sè nou yo te rekonfòte nou. Yo te montre nou jan yo renmen nou anpil! Eksperyans sa a aprann mwen jan li saj pou nou bay bagay espirityèl yo anpil valè.”

Temwen Jewova yo k ap òganize epi distribye bagay pou pote peyi Brezil sekou.

Yon Sal asanble nan Santa Catarina, nan Brezil, yo fè tounen yon sant sekou ki chaje ak don, an 2009.

Deboulonnay tè te kraze yon katye ki te bò yon mòn ki toupre vil Rio de Janeiro. Pou frè yo te ka rive pi byen pote sekou nan sitiyasyon sa yo, yo te met yon komite sekou pèmanan sou pye. Lè gen menas deboulonnay tè nan yon zòn, yo mande kèk frè k ap viv nan zòn sa yo pou yo fè komite a konnen lè gen pwoblèm. San pèdi tan, volontè yo rive nan yon seri kamyon ki make: “Temwen Jewova: Sekou.” Tout moun ki fè pati ekip ki la pou pote sekou a se moun ki deja konnen ki travay pou yo fè. Moun sa yo gen yon jile ki idantifye yo kòm Temwen Jewova. Yo menm ak komite lyezon ospitalye yo bay frè ak sè ki viktim yo èd yo bezwen. Moun k ap pote sekou yo bay frè ak sè yo manje, dlo, medikaman, rad ak pwodui pou yo fè netwayaj. Retire labou nan kay, se pa yon travay ki fasil ditou. Apre yon deboulonnay tè te fin pase, sa pa gen twò lontan, sa te mande pou gen 60 volontè ki la pou retire labou nan yon sèl kay, e labou sa yo te plen kat kamyon!

PREPARASYON POU YON KATASTWÒF

Kolèj santral la bay tout filyal nan monn nan enstriksyon pou yo fè ansyen nan kongregasyon yo ak siveyan itineran yo konnen sa yo dwe fè pou yo prepare yo pou yon katastwòf ak fason pou yo fè fas avè l. Pa egzanp, anvan menm yon katastwòf frape, ansyen yo bezwen asire yo yo gen enfòmasyon ki ajou pou yo kontakte chak moun ki fè pati kongregasyon an.

LÈ KATASTWÒF FRAPE!

  1. Yon ansyen k ap vizite pwoklamatè nan yon fanmi.

    Ansyen yo kontakte tout pwoklamatè yo.

  2. Ansyen yo bay kowòdonatè gwoup ansyen an yon rapò.

  3. Kowòdonatè kongregasyon an antre kontak ak siveyan sikonskripsyon an ak frè ki responsab yo, e yo menm yo antre an kontak ak biwo filyal la.

    Kowòdonatè a voye yon rapò bay siveyan itineran yo ak lòt frè ki responsab ki an kontak ak biwo filyal la.

  4. Manje ak dlo pou pote moun sekou.

    San pèdi tan, yo fè frè yo jwenn manje, dlo, abri, swen medikal ansanm ak èd nan domèn espirityèl ak nan domèn afektif.

  5. Y ap egzamine yon rapò sou bezwen ki genyen pou pote sekou.

    Biwo filyal la voye yon rapò sou sitiyasyon an ak bezwen yo genyen yo bay Komite kowòdonatè yo ki nan Kolèj santral la.

  6. Y ap distribye bagay pou pote sekou.

    Gen yon komite sekou ki òganize travay pote sekou a ansanm ak èd pou frè ak sè yo pandan yon bon ti tan.

  7. Yo voye yon avyon.

    Komite kowòdonatè yo egzamine bezwen ki genyen yo, e si sa nesesè, yo mande kèk volontè ki soti nan lòt peyi pou vin pote èd yo.

YON LÒT ZOUTI POU EDE MOUN K AP POTE SEKOU YO

Kouvèti bwochi Temwen Jewova yo ak travay pote sekou a.

GEN yon bwochi ki rele Temwen Jewova yo ak travay pote sekou lè gen katastwòf (anglè) yo te fè espesyalman pou ofisyèl nan gouvènman peyi Etazini an ki responsab ijans yo ki te vin disponib nan mwa jen 2013. Bwochi sa a pale sou kèk travay sekou nou te fè depi mitan ane 1940 yo. Li gen yon kat ladan l ki montre travay pote sekou nou fè toupatou sou tè a. Men sa yon ansyen, ki konn bay kout men nan òganize travay pote sekou a, fè konnen: “Frè ki fè pati komite sekou yo sèvi ak bwochi sa a pou yo pale ak ofisyèl yo anvan yon katastwòf frape. Lè ofisyèl sa yo deja konnen kòman nou fè travay pote sekou a, sa fè l pi fasil pou nou jwenn pèmisyon dekwa pou nou ka al nan zòn kote katastwòf frape yo.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje