BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 23 p. 60-p. 61 par. 5
  • Jezi fè yon gwo travay nan Kapènawòm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi fè yon gwo travay nan Kapènawòm
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Lòt mirak Jezi fè Kapènawòm
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sinagòg — Kote Jezi ak disip li yo te konn anseye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Li ogmante aktivite l nan Galile
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Li geri yon tigason ki gen demon sou li
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 23 p. 60-p. 61 par. 5
Moun malad yo vin lakay Pyè, e Jezi geri yo tout.

CHAPIT 23

Jezi fè yon gwo travay nan Kapènawòm

MATYE 8:14-17 MAK 1:21-34 LIK 4:31-41

  • JEZI CHASE DEMON

  • JEZI GERI BÈLMÈ PYÈ A

Jezi envite kat nan disip li yo, Pyè, Andre, Jak ak Jan, pou yo vin pechè moun. Kounye a, nan jou saba a, yo tout ale nan yon sinagòg ki nan Kapènawòm. Jezi anseye nan sinagòg la, e yon lòt fwa ankò, moun yo ret bouch ouvè devan fason l anseye paske li pa anseye yo tankou espè nan Lalwa yo, men li anseye yo antanke moun ki gen otorite.

Nan jou saba sa a, gen yon mesye ki nan sinagòg la ki gen demon sou li. Apre yon ti moman, mesye a di byen fò: “Ki rapò nou gen avè w, Jezi, moun Nazarèt? Èske w vini pou w detwi nou? Mwen konnen trè byen kiyès ou ye, ou se Sila a ki sen Bondye voye a!” Jezi pase demon ki sou mesye a lòd, li di l: “Pe bouch ou! Sot sou mesye a!” — Mak 1:24, 25.

Lè sa a, demon an fè mesye a pran kriz, li rele ak tout fòs li. Men, demon an sot sou mesye a “san l pa fè l anyen”. (Lik 4:35.) Tout moun ki nan sinagòg la sezi! Yo mande: “Sa sa ye la a? [...] Li pase menm movèzespri lòd avèk otorite, e yo obeyi l.” ​(Mak 1:27). Nou ka konprann rezon ki fè nouvèl konsènan gwo evènman sa a gaye nan tout Galile.

Apre sa, Jezi ak disip li yo kite sinagòg la, y al lakay Simon ki rele Pyè tou. Nan kay la, gen bèlmè Pyè ki malad anpil, li gen yon gwo lafyèv sou li. Yo sipliye Jezi pou l ede bèlmè a. Se sa k fè, Jezi al bò kote l, li pran men l e li fè l leve. Menm kote a, bèlmè a geri e li kòmanse sèvi Jezi ak disip li yo, petèt li prepare manje pou yo.

Lè solèy la t apral kouche, moun tout kote kòmanse mennen moun pa yo ki malad lakay Pyè. Nan yon ti moman, tout vil la vin rasanble devan pòt kay la! Poukisa yo vini menm? Yo vin chèche gerizon. Anfèt “tout moun ki te gen moun yo k ap soufri anba tout kalite maladi [...] mennen malad sa yo ba li. Li poze men l sou yo chak, li geri yo”. (Lik 4:40.) Wi, kèlkeswa maladi moun yo te genyen, Jezi geri yo, jan yo te predi sa (Ezayi 53:4). Li menm libere moun yo anba demon ki te sou yo. Lè demon li chase yo ap soti sou moun yo, yo di byen fò: “Ou se Pitit Bondye a.” ​(Lik 4:41). Men, Jezi pase yo lòd, li pa kite yo pale plis. Yo konnen Jezi se Kris la, e Jezi pa vle yo bay aparans kòmkwa yo se sèvitè vrè Dye a.

MOUN KI GEN DEMON SOU YO

Lè yon demon oswa plizyè demon al sou yon moun, sa ka lakòz moun nan soufri anpil (Matye 17:14-18). Men, lè yo libere l anba demon, li retounen nan nòmal li. Jezi pa t sispann fè konnen se grasa lespri sen Bondye li te konn chase demon. — Lik 8:39; 11:20.

  • Ki sa k rive nan yon sinagòg nan vil Kapènawòm nan jou saba a?

  • Ki kote Jezi ale lè l kite sinagòg la, e ki sa l fè lè l rive la?

  • Ki jan moun nan vil la reyaji lè yo wè sa Jezi fè?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje