CHAPIT 71
Farizyen yo bay mesye ki te avèg la pwoblèm
FARIZYEN YO AP BAY MESYE KI TE AVÈG LA PWOBLÈM
CHÈF RELIJYE YO “AVÈG”
Piske Farizyen yo pa kwè Jezi fè mesye ki te fèt tou avèg la wè, yo rele paran mesye a. Paran mesye a konnen y ap fè fas ak yon sitiyasyon kote yo ka mete yo “deyò nan sinagòg la”. (Jan 9:22.) Yon bagay konsa ka fè yo pèdi amitye Juif yo, sa ki te ka lakòz fanmi yo jwenn anpil difikilte nan domèn sosyal ak ekonomik.
Farizyen yo poze paran mesye a de kesyon: “Èske se pitit nou an, li menm nou di ki te fèt tou avèg la? Kòman fè li wè kounye a?” Paran yo reponn: “Nou konnen se pitit nou an, e nou konnen li te fèt tou avèg. Men, nou pa konnen ni kòman l fè wè kounye a, ni ki moun ki fè l wè.” Menm lè pitit yo a te rakonte sa k te pase a, paran yo te pè pou fason Farizyen yo ka reyaji, men sa yo di: “Mande l. Li gen laj pou sa. Se pou l pale pou tèt li.” — Jan 9:19-21.
Kidonk, Farizyen yo rele mesye a ankò e yo di l yon bagay ki mal sou Jezi yon fason pou yo ka fòse l pale. Yo di l: “Di laverite pou w ka bay Bondye glwa. Nou konnen mesye sa a se yon pechè.” Mesye ki te avèg la pa vle di yo akizasyon yo a pa laverite, se sa k fè l di yo: “Mwen pa konnen si l se yon pechè oubyen si l pa yon pechè. Sèl sa m konnen, sèke mwen te avèg, e kounye a mwen wè.” — Jan 9:24, 25.
Etandone Farizyen yo pa vle kite sijè a, yo kontinye poze mesye a kesyon, yo mande l: “Ki sa l te fè? Kòman l te fè pou l fè w wè?” Mesye a montre l gen kouraj lè l di yo: “Mwen te di nou sa deja, nou pa t koute. Poukisa nou vle tande sa ankò? Èske nou vle vin disip li tou?” Farizyen yo fache, yo di l: “Se ou menm ki disip misye. Nou menm, nou se disip Moyiz. Nou konnen Bondye te pale ak Moyiz. Men kanta pou mesye sa a, nou pa konn kiyès ki voye l.” — Jan 9:26-29.
Mesye ki te avèg la montre jan l sezi pou sa yo di a, men sa l di: “Sa vrèman dwòl pou nou pa konn kiyès ki voye l, epoutan li fè m wè.” Mesye a fè yon rezònman ki lojik anrapò ak moun Bondye tande e ki gen apwobasyon l, li di: “Nou konnen Bondye pa koute pechè, men si yon moun gen lakrentif pou li e si l fè volonte l, moun sa a, li koute l. Depi nan tan lontan, pèsonn pa janm tande okenn moun fè yon moun ki te fèt tou avèg wè.” Epi mesye a di pawòl sa yo pou l fini: “Si se pa t Bondye ki te voye mesye sa a, li pa t ap ka fè anyen ditou.” — Jan 9:30-33.
Pou yo ka konteste rezònman mesye a fè a, yo avili l epi yo di l: “Ou fèt nan peche, epi w ap vin anseye nou?” Yo mete l deyò. — Jan 9:34.
Jezi tande sa k pase a, apre sa li jwenn mesye a, li di l: “Èske w gen lafwa nan Pitit lòm nan?” Mesye a reponn: “Kiyès li ye, mesye, pou m ka mete lafwa nan li?” Jezi di mesye a aklè: “Ou te wè l, e dayè, se li menm k ap pale avè w la a.” — Jan 9:35-37.
Mesye a reponn: “Wi Seyè, mwen gen lafwa nan li.” Mesye a montre respè ak lafwa l gen nan Jezi lè l pwostène devan l e Jezi di pawòl sa yo ki enpòtan anpil: “Mwen vin nan monn sa a pou Bondye ka jije l, pou moun ki pa wè yo ka wè e pou moun ki wè yo ka vin avèg.” — Jan 9:38, 39.
Farizyen yo konnen yo pa avèg. Men, e wòl yo jwe antanke gid nan domèn espirityèl la? Men sa yo mande pou yo defann tèt yo: “Èske nou menm tou, nou avèg?” Jezi di: “Si nou te avèg, nou pa t ap peche. Men, kounye a nou di: ‘Nou wè.’ Se sa k fè peche nou yo rete la.” (Jan 9:40, 41). Si yo pa t anseyan ann Izrayèl, yo pa t ap rejte Jezi antanke Mesi a paske yo t ap twouve sa mal anpil. Men, malgre yo konn Lalwa yo rejte l e se sa k fè yo fè yon peche ki grav.