BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 85 p. 198-p. 199 par. 1
  • Jezi geri moun nan jou saba a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi geri moun nan jou saba a
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Farizyen yo bay mesye ki te avèg la pwoblèm
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Farizyen yo refize kwè
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Li geri yon mesye ki fèt tou avèg
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Jezi geri yon mesye ki fèt tou avèg
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 85 p. 198-p. 199 par. 1
Farizyen yo k ap poze yon moun ki te avèg kesyon.

LESON 85

Jezi geri moun nan jou saba a

Farizyen yo te rayi Jezi e yo t ap chèche yon rezon pou yo arete l. Yo te di li pa dwe geri moun nan jou saba a. Yon jou saba, Jezi te rankontre yon moun ki avèg k ap mande nan lari. Li di disip li yo: ‘Gade ki jan pisans Bondye pral ede mesye sa a.’ Jezi te melanje krache l ak tè pou l fè yon labou, epi li mete l sou je mesye a. Jezi di l: ‘Al lave je w nan pisin Silowam nan.’ Mesye a te fè sa, e pou premye fwa nan lavi l, li te vin wè.

Moun yo te sezi anpil. Yo di: ‘Èske se mesye ki konn chita ap mande a, oubyen se yon moun ki sanble avè l?’ Mesye a di: ‘Se mwen menm ki te fèt tou avèg la!’ Moun yo mande l: ‘Kòman w fè pa avèg ankò?’ Lè l di yo ki sa k te rive l, yo mennen l kot Farizyen yo.

Mesye a di Farizyen yo: ‘Jezi met yon ti labou sou je m, epi l di m al lave je m. Mwen fè sa, epi kounye a mwen wè.’ Farizyen yo di: ‘Si Jezi geri moun nan jou saba a, se pa Bondye ki ba l pouvwa fè sa.’ Men, yon lòt moun di: ‘Si se pa Bondye ki ba l pouvwa, li pa t ap ka geri moun.’

Farizyen yo rele papa ak manman mesye a, epi yo mande yo: ‘Ki jan pitit gason nou an fè kapab wè kounye a?’ Papa ak manman mesye a te pè paske Farizyen yo te di y ap met nenpòt moun ki mete lafwa yo nan Jezi deyò nan sinagòg la. Se sa k fè yo di: ‘Nou pa konnen. Se pou nou mande l.’ Farizyen yo te poze mesye a plis kesyon toujou jiskaske l di: ‘Mwen di nou tout sa m konnen. Poukisa nou kontinye ap poze m kesyon?’ Farizyen yo te fache anpil, epi yo mete l deyò.

Jezi t al kot mesye a, epi l mande l: ‘Èske w gen lafwa nan Mesi a?’ Mesye a di: ‘Mwen t ap gen lafwa nan li si m te konn kiyès li ye.’ Jezi di l: ‘Se mwen ki Mesi a.’ Èske sa pa montre jan Jezi bon moun? Li pa t sèlman geri mesye a, men, li te ede l gen lafwa tou.

“Nou nan erè, paske nou pa konnen ni Ekriti yo, ni pisans Bondye.” — Matye 22:29.

Kesyon: Ki jan Jezi te ede mesye ki te avèg la? Poukisa Farizyen yo te rayi Jezi?

Jan 9:1-41.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje