Tire pwofi omaksimòm nan reyinyon predikasyon yo
1. Ki jan reyinyon predikasyon yo ede nou ?
1 Reyinyon predikasyon ki efikas bay bonjan ankourajman ak direktiv ki pratik anvan n al preche. Reyinyon sa yo pèmèt nou patisipe nan predikasyon an gwoup yon fason pou nou travay ansanm ak lòt pwoklamatè, pou youn kapab ankouraje lòt epi pou youn fòme lòt (Pwo. 27:17 ; Ekl. 4:9, 10). Ki sa nou kapab fè pou nou tire pwofi omaksimòm nan reyinyon sa yo ?
2. Site kèk bagay kondiktè a kapab konsidere ?
2 Kondiktè a : Jeneralman, yo pa pwograme alavans enfòmasyon presi pou yo egzamine nan reyinyon sa yo. Pakonsekan, li nesesè pou w fè yon bon preparasyon si w gen pou w kondui yo. Ou pa dwe pran abitid pou w egzamine tèks pou jounen an otomatikman, toutfwa si li gen rapò ak ministè a ou kapab egzamine l. Reflechi sou sijesyon pratik k ap ede moun k ap preche jou sa a. Pa egzanp, ou kapab pale sou yon prezantasyon oswa ou kapab fè yon demonstrasyon sou li. Ou kapab chwazi yon pwen nan liv Comment raisonner a oswa nan liv École du ministère la oswa nan youn nan patisipasyon yo te fè nan reyinyon sèvis la sa pa gen lontan. Pafwa, ou kapab egzamine fason pou reponn yon objeksyon nou kapab rankontre nan tèritwa a, oswa ou kapab egzamine fason pou nou kiltive enterè moun yo epi kòmanse yon etid biblik, sitou si gen anpil pwoklamatè ki pral fè nouvèl vizit. Se pou w antouzyas e se pou w ankourajan, kèlkeswa pwen ou konsidere a.
3. Konbyen tan reyinyon predikasyon an dwe dire, e ki sa ki dwe fèt pandan tan sa a ?
3 Se pou w kòmanse reyinyon an a lè, menm si w konnen gen kèk moun k ap rive anreta. Montre ou gen bon jijman lè w ap òganize gwoup yo, e lè w ap bay moun ki bezwen tèritwa yo tèritwa. Reyinyon predikasyon an pa dwe dire plis pase dis oswa kenz minit, men li dwe pi kout toujou si li fèt apre reyinyon kongregasyon an. Anvan reyinyon predikasyon an fini, chak pwoklamatè dwe konnen ak kiyès l ap preche e ki kote yo pral preche. Ou dwe priye pou tèmine reyinyon an.
4. Ki sa k ap ede tout moun tire pwofi omaksimòm nan reyinyon predikasyon yo ?
4 Nou kapab bay èd nou : Menm jan nou fè sa pou lòt reyinyon yo, nou montre respè pou Jewova e nou montre konsiderasyon pou lòt moun yo lè nou rive alè nan reyinyon predikasyon yo. Se pou nou patisipe nan diskisyon an. Nou ta dwe kite moun k ap dirije reyinyon an ban nou patnè, oswa nou kapab fè pwòp aranjman nou alavans. Si nou prefere fè pwòp aranjman nou, chèche “ elaji ” nou lè nou preche ak divès pwoklamatè olye nou preche ak bon zanmi nou chak fwa (2 Kor. 6:11-13). Lè reyinyon an fini, bat pou nou pa chanje aranjman ki te fèt yo, e se pou n ale tousuit nan tèritwa a.
5. Ki objektif reyinyon predikasyon yo ?
5 Reyinyon predikasyon yo gen menm objektif ak lòt reyinyon yo. Yo pran dispozisyon sa a dekwa “ pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon ”. (Ebre 10:24, 25.) Si nou fè efò pou nou tire pwofi nan reyinyon sa yo, n ap jwenn èd pou nou akonpli ministè nou ki se yon ‘ bèl aksyon ’ an reyalite !