BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • od p. 4-5
  • Lèt Kolèj santral la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lèt Kolèj santral la
  • Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Nou menm frè, simen sa ki ann akò ak lespri a, epi fè efò pou nou kalifye!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Jèn frè, èske w ap chèche jwenn privilèj nan kongregasyon an?
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Sèvitè Bondye k ap preche bon nouvèl la
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Jewova ap dirije òganizasyon l lan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
Gade plis
Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
od p. 4-5

Lèt Kolèj santral la

Nou menm pwoklamatè bon nouvèl la nou renmen anpil yo,

Ala yon kokennchenn privilèj nou genyen pou n ap adore vrè Dye a, Jewova, nan tèt ansanm! Nou se “konpayon travay” li, e li konfye nou yon travay sakre k ap pèmèt anpil moun sove lavi yo, travay kote n ap preche e n ap anseye moun yo bon nouvèl konsènan Wayòm li an ki etabli (1 Kor. 3:9; Mat. 28:19, 20). Pou nou kapab fè travay sa a sou tout tè a nan lapè ak nan tèt ansanm, nou bezwen byen òganize. — 1 Kor. 14:40.

Liv sa a ap ede nou konprann fason òganizasyon nou an fonksyone jodi a. Li pale de privilèj ak responsablite nou genyen antanke moun ki fè pati kongregasyon kretyen an. Si privilèj nou genyen yo gen valè pou nou e nou ranpli responsablite nou genyen yo, n ap “vin pi solid nan lafwa”. — Tra. 16:4, 5; Gal. 6:5.

Kidonk, nou ankouraje nou pran san nou pou n etidye liv sa a. Se pou nou chèche wè fason nou kapab aplike enfòmasyon ki ladan l yo nan lavi nou. Pa egzanp, si w fèk vin yon pwoklamatè ki poko batize, ki sa w ka fè pou w vin kalifye pou w batize, e konsa pou w vin Temwen Jewova? Yon lòt bò, si w deja batize, ki sa w ka fè pou w vin yon kretyen ki gen matirite e pou w fè plis nan adorasyon w ap bay Jewova a (1 Tim. 4:15)? Ki sa w ka fè pou kongregasyon an kontinye gen lapè ladan l (2 Kor. 13:11)? Chèche repons kesyon sa yo nan liv sa a.

Si w se yon gason ki batize, ki sa w ka fè pou w vin kalifye pou w sèvi kòm sèvitè ministeryèl, epi apre sa pou w sèvi kòm ansyen? Moun yo kontinye ap vin nan òganizasyon Bondye a pa milye. Se sa k fè òganizasyon an bezwen frè kalifye ki pou pran latèt. Liv sa a ap ede w wè ki jan w kapab “chèche” jwenn privilèj pou w vin sèvitè ministeryèl e pou w vin ansyen. — 1 Tim. 3:1.

Nou espere ak tout kè nou liv sa a ap ede nou jwenn plas nou nan òganizasyon Jewova a e l ap ede nou apresye privilèj nou genyen pou n fè pati òganizasyon sa a. Nou renmen nou anpil e nou kontinye priye pou nou, yon fason pou nou ka pami moun ki pral pran plezi pou yo adore Jewova, Papa nou ki nan syèl la, pou toutan. — Sòm 37:10, 11; Eza. 65:21-25.

Frè nou yo,

Kolèj santral Temwen Jewova yo

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje