Jèn frè, èske w ap chèche jwenn privilèj nan kongregasyon an?
1. Ki lè yon jèn frè dwe kòmanse travay pou l aplike konsèy ki nan 1 Timote 3:1 an?
1 “Si yon moun ap chèche vin siveyan, se yon bèl travay li ta renmen genyen.” (1 Tim. 3:1). Pawòl enspire sa yo ankouraje frè yo pou yo chèche kalifye pou yo jwenn privilèj nan kongregasyon an. Èske nou bezwen gen laj adilt pou nou fè sa? Anfèt, li pi bon pou nou kòmanse travay pou sa depi nou jèn nan. Konsa nou ka jwenn fòmasyon e nou ka montre si nou kalifye pou yo nome nou asistan ministeryèl lè nou pi gran (1 Tim. 3:10). Si w se yon jèn frè batize, ki sa w ka fè pou w jwenn privilèj nan kongregasyon an?
2. Ki sa jèn frè yo ka fè pou yo kiltive espri sakrifis e pou yo demontre kalite sa a?
2 Ou dwe gen espri sakrifis: Sonje, se yon bèl travay ou ta renmen, se pa yon tit. Se sa k fè, ou dwe gen anvi pou w ede frè ak sè yo. Yon fason ou ka fè sa, se lè w medite sou bèl egzanp Jezi te kite (Mat. 20:28; Jan 4:6, 7; 13:4, 5). Mande Jewova pou l ede w enterese nan lòt moun (1 Kor. 10:24). Èske w ka ede moun ki granmoun yo oubyen moun ki enfim nan kongregasyon an yon fason pratik? Èske w ofri tèt ou kòm volontè pou w netwaye lakou Sal la, pou w koupe gazon si genyen, oubyen èske w dakò patisipe nan lòt travay antretyen y ap fè nan Sal Wayòm nan? Èske w ofri tèt ou kòm volontè pou w bay yon diskou nan plas yon moun ki pa la nan Lekòl ministè teyokratik la? W ap rann ou kont lè w ofri tèt ou pou w ede lòt moun sa bay anpil kè kontan. — Tra. 20:35.
3. Poukisa li enpòtan pou jèn frè yo se moun ki espirityèl, e ki sa yo ka fè pou yo vin yon moun konsa?
3 Ou dwe yon moun ki espirityèl: Li pi enpòtan lontan pou yon moun k ap sèvi nan kongregasyon an se yon moun ki espirityèl olye pou l yon moun ki gen talan espesyal oubyen ki gen kapasite natirèl lakay li. Yon moun ki espirityèl ap fè efò pou l wè bagay yo menm jan ak Jewova ak Jezi (1 Kor. 2:15, 16). Li demontre “fwi lespri a”. (Gal. 5:22, 23.) Li se yon pwoklamatè ki zele, ki mete enterè Wayòm nan an premye nan lavi l (Mat. 6:33). Si w gen yon pwogram etid pèsonèl, sa ap ede w kiltive kalite espirityèl. Nan pwogram sa a ou prevwa tan pou w li Labib chak jou, pou w li chak nimewo Toudegad ak Réveillez-vous!, pou w prepare reyinyon kongregasyon an, pou w asiste reyinyon yo e w patisipe ladan yo (Sòm 1:1, 2; Ebre 10:24, 25). Men sa apot Pòl te ekri lè l t ap ankouraje Timote pou l fè pwogrè espirityèl: “Toujou veye sou [...] ansèyman w ap bay.” (1 Tim. 4:15, 16). Se sa k fè, ou dwe byen prepare diskou ou gen nan Lekòl ministè teyokratik la. Prepare anvan w patisipe nan ministè a epi preche regilyèman. Fikse objektif espirityèl tankou pran sèvis pyonye, sèvi nan betèl, oubyen asiste Lekòl pou frè selibatè yo, epi fè efò pou w atenn yo. Si w se yon moun ki espirityèl, sa ap ede w “kouri pou dezi ki natirèl lakay jèn yo”. — 2 Tim. 2:22.
4. Ki enpòtans sa genyen pou jèn frè yo se moun yo ka fè konfyans e yo fidèl?
4 Ou dwe yon moun yo ka fè konfyans e ou dwe fidèl: Piske frè yo te chwazi pou distribye manje bay kretyen ki te nan nesesite nan premye syèk la te gen “bon repitasyon”, yo te konnen yo kòm moun yo ka fè konfyans, moun ki fidèl, apot yo pa t gen pou y ap enkyete yo pou y ap mande si mesye yo ap rive fè travay la. Sa te pèmèt apot yo konsantre sou bagay ki pi enpòtan yo (Tra. 6:1-4). Kidonk, lè yo ba w fè yon travay nan kongregasyon an, fè tout sa w kapab pou w byen fè l. Imite Noye ki te suiv tout enstriksyon Jewova te ba li pou l fè lach la (Jen. 6:22). Fidelite gen anpil enpòtans pou Jewova. Se yon siy ki montre yon moun gen matirite nan domèn espirityèl. — 1 Kor. 4:2; gade kare “Fòmasyon bay bon rezilta”.
5. Poukisa jèn frè yo dwe chèche jwenn privilèj nan kongregasyon an?
5 Jan pwofesi yo te di sa, Jewova ap akselere rasanbleman pèp li a (Iza. 60:22). An mwayèn, chak ane gen de san senkant mil moun ki batize. Ak kantite moun sa yo ki fèk pran pozisyon pou laverite, yo bezwen frè espirityèl ki kalifye pou yo bay responsablite nan kongregasyon an. Plis pase tout lòt lè, kounye a gen anpil bagay pou moun fè nan sèvis Jewova (1 Kor. 15:58). Jèn frè, èske w ap chèche jwenn privilèj nan kongregasyon an? Si repons lan se wi, se yon bèl travay ou ta renmen genyen!
[Antrefilè nan paj 2]
Ak kantite moun sa yo ki fèk pran pozisyon pou laverite, yo bezwen frè espirityèl ki kalifye pou yo bay responsablite nan kongregasyon an
[Kare nan paj 3]
Fòmasyon bay bon rezilta
Jèn frè ki kalifye yo ap jwenn byenfè lè ansyen yo ba yo travay pou yo fè e yo fòme yo. Yon jou, apre yon reyinyon, gen yon siveyan sikonskripsyon ki te chita sou estrad la e li t ap fè ti pale ak yon pwoklamatè pou l ankouraje l. Siveyan an remake gen yon tigason, yon ti jèn, ki kanpe tou pre a. Li mande ti jèn nan si se li menm l ap tann pou l ka pale avè l. Ti jèn nan di l li gen asiyasyon pou l netwaye estrad la aprè chak reyinyon. Paran li prèt pou ale, e li pa vle ale san l pa akonpli asiyasyon yo ba li a. Siveyan sikonskripsyon an te kontan aprann sa e li deplase avèk plezi. Men sa siveyan an te di: “Ansyen nan kongregasyon sa a te veye pou yo fòme jèn frè ki kalifye yo lè yo ba yo travay pou yo fè nan kongregasyon an. Konsa, se pa t yon bagay ki ra pou yo rekòmande jèn frè yo kòm asistan ministeryèl lè m ap vizite kongregasyon yo a.”