BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 2 p. 10-p. 11 par. 1
  • Bondye te fè premye gason an ak premye fi a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bondye te fè premye gason an ak premye fi a
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Premye gason an ak premye fi a
    Liv istwa biblik mwen an
  • Poukisa nou vyeyi epi nou mouri?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Lanmò, dènye ènmi an, pap la ankò
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Lanmò Jezi ak rezirèksyon l — Sa yo ka vle di pou ou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 2 p. 10-p. 11 par. 1
Adan ak Èv nan jaden Edenn nan.

LESON 2

Bondye fè premye gason an ak premye fi a

Jewova te prepare yon jaden nan yon zòn yo te rele Edenn. Jaden an te gen anpil flè, anpil pyebwa ak anpil bèt ladan l. Apre sa, Bondye te fè premye moun nan, anpalan de Adan, ak pousyè tè, apre sa, li te soufle nan nen l. Èske w konn ki sa k te rive? Adan te vin yon moun vivan! Jewova te bay Adan responsab jaden an, e li te mande l pou l bay tout bèt yo non.

Jewova te di Adan yon bagay ki enpòtan anpil. Men sa l te di l: ‘Ou ka manje fwi nan tout pyebwa ki nan jaden an, sof youn. Si w manje fwi pyebwa sa a, w ap mouri.’

Annapre, Jewova di: ‘M pral fè yon moun pou ede Adan.’ Li fè yon gwo dòmi pran Adan, li pran youn nan zo kòt Adan yo, epi li fè yon madanm pou li. Li te rele Èv. Se Adan ak Èv ki te premye fanmi ki te gen sou tè a. Ki jan Adan te santi l lè l te wè madanm li te vin genyen an? Adan te tèlman kontan, li te di: ‘Gade ki sa Jewova fè ak zo kòt mwen an! Anfen! Men yon moun ki sanble avè m.’

Jewova te di Adan ak Èv pou yo fè pitit pou tè a vin chaje ak moun. Li te vle yo pran plezi travay ansanm pou yo fè tout tè a tounen yon paradi, oswa yon bèl jaden, tankou Jaden Edenn nan. Men, bagay yo pa t pase konsa. Poukisa? N ap aprann plis toujou nan chapit ki vin apre a.

“Sila a ki te kreye lòm depi nan kòmansman an te fè ni gason ni fi.” — Matye 19:4.

Kesyon: Ki travay Jewova te bay Adan? Ki sa k t ap rive Adan ak Èv si yo te manje fwi Bondye te di yo pa dwe manje a?

Jenèz 1:27-31; 2:7-9, 15-23; Sòm 115:16; Matye 19:4-6.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje