BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w14 15/9 p. 23-27
  • Lanmò, dènye ènmi an, pap la ankò

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lanmò, dènye ènmi an, pap la ankò
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • YON AVÈTISMAN KI DEMONTRE LANMOU
  • FASON LANMÒ TE ANTRE NAN MONN NAN
  • Y AP ELIMINE PECHE ADAN AN ANSANM AK LANMÒ
  • Lanmò Jezi ak rezirèksyon l — Sa yo ka vle di pou ou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Bondye te fè premye gason an ak premye fi a
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Poukisa nou vyeyi epi nou mouri?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Jewova pral reyalize objektif li!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
w14 15/9 p. 23-27
Adan ak Èv ki nan gwo lapenn pandan y ap gade Abèl, pitit gason yo a, ki mouri.

Lanmò, dènye ènmi an, pap la ankò

“Dènye ènmi li gen pou l elimine a se lanmò.” — 1 KOR. 15:26.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Ki bonjan lòd Jewova te bay Adan avèk lanmou?

  • Ki fason lanmò te antre nan monn nan?

  • Ki lè ‘yo pral elimine lanmò, dènye ènmi an’?

1, 2. Nan ki kondisyon Adan ak Èv t ap viv okòmansman, e ki kesyon sa soulve?

LÈ Bondye te kreye Adan ak Èv, mesyedam yo pa t gen okenn ènmi. Yo toule de te pafè e yo t ap viv nan yon paradi. Antanke pitit gason ak pitit fi Bondye, yo te gen yon bon relasyon ak Kreyatè yo a (Jen. 2:7-9; Lik 3:38). Lavi yo t apral mennen an te parèt byen klè nan misyon Bondye te ba yo a. (Li Jenèz 1:28.) Pou yo te rive “ranpli tè a, e domine sou li”, sa t ap mande yon kantite tan. Adan ak Èv t ap bezwen viv pou toutan pou yo te ka rive ‘fè tout kreyati vivan k ap bouje sou tè a soumèt devan yo’. Konsa, lanmò pa t ap janm vin anpeche Adan kontinye fè travay li.

2 Men, ki sa k fè bagay yo diferan konsa jodi a? Ki sa k fè vin gen tout ènmi sa yo ki anpeche lèzòm viv ak kè kontan, san wete pi gwo ènmi an ki se lanmò? Ki sa Bondye pral fè pou l elimine ènmi sa yo? Bib la bay repons pou kesyon sa yo ansanm ak lòt kesyon ki ale nan menm sans lan. Ann egzamine kèk vèsè enpòtan ki pale de sa.

YON AVÈTISMAN KI DEMONTRE LANMOU

3, 4. a) Ki kòmandman Bondye te bay Adan ak Èv? b) Jis nan ki pwen l te enpòtan pou yo te obeyi kòmandman sa a?

3 Byenke Adan ak Èv te gen posiblite pou yo viv pou toutan, yo pa t imòtèl. Pou yo te ka kontinye viv, yo te bezwen respire, bwè, dòmi epi manje. Sa k pi enpòtan an, lavi yo te depann de relasyon yo te gen ak Moun ki te ba yo lavi a (Det. 8:3). Pou yo te ka kontinye viv ak kè kontan, li te enpòtan pou yo te aksepte direksyon Bondye. Jewova te fè Adan konnen sa aklè anvan menm li te kreye Èv. Ki jan? Bib la di: “Jewova Dye te bay gason an lòd sa a tou: ‘Nan tout pyebwa nan jaden an ou mèt manje jis ou rasazye. Men kanta pou pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, ou pa dwe manje ladan l, paske lejou w manje ladan l, w ap mouri san mank.’” — Jen. 2:16, 17, NW.

4 “Pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la” te reprezante dwa Bondye genyen pou l detèmine sa ki byen ak sa ki mal. Se sèten, Adan, te gentan ka fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal paske Bondye te kreye l pòtre ak Li e l te gen yon konsyans. Pyebwa a t ap fè Adan ak Èv sonje y ap toujou bezwen direksyon Jewova. Kidonk, manje fwi nan pyebwa a t ap montre yo vle pran endepandans yo nan domèn moral, e sa t ap pote anpil kalamite ni pou yo menm ni pou timoun yo t apral genyen yo. Lòd Bondye te ba yo a ansanm ak konsekans li te fè konnen sa t ap pote si yo te dezobeyi lòd sa a te montre jis nan ki pwen yon bagay konsa t ap grav.

FASON LANMÒ TE ANTRE NAN MONN NAN

5. Ki jan Adan ak Èv te fè vin dezobeyi Bondye?

5 Apre Bondye te fin kreye Èv, Adan te fè Èv konnen lòd Bondye te bay la. Èv te byen konnen lòd sa a, e l te prèske repete l motamo (Jen. 3:1-3). Li te repete yo pou yon moun ki te fè tèt li pase pou yon sèpan, yon kreyati ki pridan. Moun ki te kache dèyè sèpan an se te Satan Ledyab, youn nan pitit espirityèl Bondye yo ki te vin anvi pran endepandans li e ki te anvi gen pouvwa. (Konpare ak Jak 1:14, 15.) Pou l te atenn vye objektif sa a, li te akize Bondye kòmkwa l ap bay manti. Li te fè Èv kwè si l ta pran endepandans li, li pa t ap mouri vre, okontrè, li t ap vin menm jan ak Bondye (Jen. 3:4, 5). Èv te kwè l, li te manje fwi a yon fason pou l montre li pran endepandans li epi l te konvenk Adan pou l fè menm jan an (Jen. 3:6, 17). Dyab la te bay manti. (Li 1 Timote 2:14.) Men, aktout sa, Adan te koute “vwa madanm” li. Byenke sèpan an te gendwa parèt yon zanmi pou Èv, an reyalite, Satan Ledyab se yon ènmi san pitye ki te konnen move konsekans sa l te ankouraje Èv fè a t apral genyen.

6, 7. Ki fason Jewova te jije Adan ak Èv pou peche yo te fè a?

6 Pou rezon pèsonèl yo, ni Adan ni Èv te rebele kont Moun ki te ba yo lavi ak tout lòt bagay yo te genyen yo. Nòmalman, Jewova te konnen tout sa k te pase a. (1 Kwo. 28:9; li Pwovèb 15:3.) Li te pèmèt twa moun ki te konsène yo montre ki santiman yo gen pou li. Antanke Papa, se sèten sa te fè Jewova mal anpil. (Konpare ak Jenèz 6:6.) Apre sa, li te oblije aji antanke Jij pou l defann epi aplike sa l te di ki t ap rive yo a.

7 Bondye te di Adan: “Lejou w manje [nan pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la], w ap mouri san mank.” Adan te ka konprann ‘jou’ sa a t ap dire 24 èdtan. Apre Adan te fin dezobeyi lòd Bondye a, petèt li t ap atann li pou Jewova aji anvan solèy la kouche. Bib la fè konnen gen “yon ti van [ki] t ap soufle nan aprèmidi” nan moman Jewova te vin pale ak koup la (Jen. 3:8, NW). Se kòmsi Jewova te tabli yon tribinal yon fason pou l te ka pwononse santans yo sou baz repons Adan ak Èv t ap bay yo (Jen. 3:9-13). Apre sa, li te pwononse santans yo pou peche yo te fè a (Jen. 3:14-19). Si l te touye yo menm kote a, objektif li te genyen pou Adan ak Èv ansanm ak timoun yo t apral genyen yo pa t ap reyalize (Iza. 55:11). Byenke l te konfime santans lanmò a, e Adan ak Èv te kòmanse sibi konsekans peche a menm kote a, li te pèmèt yo fè timoun ki t ap ka benefisye lòt dispozisyon li t apral pran yo. Kidonk, nan je Bondye, Adan ak Èv te mouri menm jou yo te peche a paske yo pa t rive viv mil an, e pou Jewova yon “jou” tankou 1000 an. — 2 Pyè 3:8.

8, 9. Ki efè peche Adan an genyen sou desandan l yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

8 Èske sa Adan ak Èv te fè a t apral gen efè sou timoun yo t apral genyen yo? Wi. Men ki esplikasyon nou jwenn nan Women 5:12: “Akoz yon sèl moun peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche.” Premye moun ki te mouri a se te Abèl, yon moun ki te fidèl (Jen. 4:8). Apre sa, lòt desandan Adan yo te vin granmoun e yo te mouri. Èske yo te eritye peche ak lanmò? Men ki repons apot Pòl bay: “Akoz dezobeyisans yon sèl moun anpil moun te vin pechè.” ​(Wom. 5:19). Konsa, peche ak lanmò nou eritye nan men Adan an te vin tounen de ènmi san pitye pou limanite, e lèzòm enpafè pa ka chape anba ènmi sa yo. Nou pa ka di egzakteman ki valè travay ki te fèt pou peche ak lanmò sot nan Adan pou y al nan pitit li yo ansanm ak desandan l yo, sepandan, sa te fèt vre.

9 Bib la gen rezon pale de peche ak lanmò nou eritye yo kòm yon “anvlòp ki vlope tout pèp [e kòm yon] twal ki tise sou tout nasyon”. (Iza. 25:7, NW.) Anvlòp oswa twal sa a k ap toufe nou an, anpalan de kondanasyon tètchaje a, kenbe tout moun. Se sa k fè, “nan Adan tout moun mouri”. (1 Kor. 15:22.) Nòmalman, nou ta dwe poze kesyon Pòl te poze a lè l te di: “Kiyès ki pral delivre m anba kò sa a k ap mennen m nan lanmò a?” Èske gen yon moun ki t ap ka fè saa? — Wom. 7:24.

Y AP ELIMINE PECHE ADAN AN ANSANM AK LANMÒ

10. a) Bay kèk vèsè nan Bib la ki montre Jewova pral elimine lanmò Adan an. b) Ki sa vèsè sa yo montre konsènan Jewova ak Pitit Gason l lan?

10 Wi, Jewova te ka sove Pòl! Tousuit apre Izayi te fin pale de “anvlòp” la, li te di: “Li pral anglouti lanmò pou toutan. Wi, Jewova Souvren Seyè a pral siye dlo nan tout figi.” ​(Iza. 25:8, NW). Menm jan ak yon papa ki retire sa k lakòz pitit li yo soufri e ki siye dlo nan je yo, Jewova pran anpil plezi pou l elimine lanmò Adan an. Pou l rive fè sa, li gen yon moun k ap kolabore avè l. Men sa nou li nan premye Korentyen 15:22: “Menm jan nan Adan tout moun mouri, se konsa tou, nan Kris, yo tout pral retounen jwenn lavi.” Nan menm sans lan, apre Pòl te fin mande “kiyès ki pral delivre m?” nan, li te kontinye pou l di: “Mèsi Bondye grasa Jezi Kris, Seyè nou an!” ​(Wom. 7:25). Sa klè, rebelyon Adan ak Èv la pa t fè lanmou ki te pouse Jewova kreye lèzòm nan vin rafredi. Anplis de sa, moun ki te patisipe ak Jewova nan kreyasyon premye koup la pa t pèdi atachman espesyal li te gen pou desandan koup sa a (Pwo. 8:30, 31). Men, ki jan delivrans sa a t apral fèt?

11. Ki dispozisyon Jewova te pran pou l ede limanite?

11 Enpèfeksyon ak lanmò lèzòm eritye a enplike ni peche Adan te komèt la, ni jijman Jewova a ki jis (Wom. 5:12, 16). Men sa nou li: “Akoz yon sèl fot, rezilta sa bay pou tout kalite moun se te kondanasyon.” ​(Wom. 5:18). Ki sa Jewova t apral fè pou l elimine jijman kondanasyon l lan san l pa pase pwòp prensip li yo anba pye? Nou jwenn repons lan nan pawòl sa yo Jezi te di: “Pitit lòm nan [...] te vini pou l [...] bay nanm li kòm ranson pou anpil moun.” ​(Mat. 20:28). Yon fason klè, premye pitit Gason espirityèl Jewova a montre li te vin sou tè a antanke moun pafè yon fason pou l te ka bay “yon ranson”. Ki fason ranson sa a t apral koresponn ak jistis Jewova? — 1 Tim. 2:5, 6.

12. Ki ranson ki te koresponn ak jistis Jewova?

12 Antanke moun pafè, Jezi te gen yon seri posiblite ki sanble ak posiblite Adan te genyen anvan l te peche a. Objektif Jewova se te pou tè a ranpli ak desandan Adan yo ki pafè. Kidonk, lefètke Jezi gen yon gwo lanmou pou Papa l ansanm ak desandan Adan yo, li te bay lavi l te genyen antanke moun nan kòm sakrifis. Vrèmanvre, Jezi te bay yon lavi pafè ki koresponn ak sa Adan te pèdi a. Apre sa, Jewova te fè pitit Gason l lan rejwenn lavi antanke yon espri (1 Pyè 3:18). Kidonk, Jewova te ka aksepte sakrifis sèl moun pafè sa a, anpalan de sakrifis Jezi a, kòm yon ranson oswa yon pri pou l rachte fanmi Adan yo epi pou l ba yo posiblite pou yo jwenn lavi Adan te fè yo pèdi a e sa te ann amoni ak jistis Jewova. Nan yon sans, Jezi te pran plas Adan. Pou Pòl te esplike sa, li te di: “Se sa k fè yo menm ekri: ‘Adan, premye moun nan, te vin yon nanm vivan.’ Dènye Adan an vin yon espri ki bay lavi.” — 1 Kor. 15:45.

Yon imaj ki montre Abèl yon ti tan apre l fin resisite.

Abèl, premye moun ki te mouri a, pral benefisye ranson Jezi a. (Gade paragraf 13.)

13. Ki fason “dènye Adan an” pral aji pou l ede moun ki mouri yo?

13 Finalman, lè a pral rive kote “dènye Adan an” pral aji kòm “yon espri ki bay lavi” pou l sove tout limanite. Pifò desandan Adan yo pral retounen jwenn lavi. Sa k fè sa? Se paske, etandone yo gentan mouri, y ap bezwen resisite pou yo viv sou tè a. — Jan 5:28, 29.

14. Ki dispozisyon Jewova pran ki pral elimine enpèfeksyon Adan kite pou desandan l yo?

14 Ki fason limanite pral libere anba lit y ap mennen kont enpèfeksyon yo eritye a? Jewova te pran dispozisyon pou gen yon Wayòm ki gen ladan l “dènye Adan an” ansanm ak kèk moun li chwazi pami lèzòm. (Li Revelasyon 5:9, 10.) Moun sa yo ki pral dirije ak Jezi nan syèl la se moun ki te konnen sa enpèfeksyon vle di. Pandan mil an, yo pral travay ansanm pou yo ede moun ki sou tè a, yo pral ede yo venk enpèfeksyon yo menm yo pa t ka retire poukont yo a. — Rev. 20:6.

15, 16. a) Ki sa ‘lanmò, dènye ènmi an’ ye, e ki lè y ap elimine l? b) Selon 1 Korentyen 15:28, ki sa Jezi pral fè?

15 Nan fen mil an Wayòm nan fè ap dirije a, moun ki obeyisan yo pral libere anba tout ènmi ki te vin parèt akoz dezobeyisans Adan an. Men sa Bib la di: “Menm jan nan Adan tout moun mouri, se konsa tou, nan Kris, yo tout pral retounen jwenn lavi. Men, chak moun nan pozisyon pa l: Kris an premye, apre sa, moun ki pou Kris yo [moun ki pral dirije avè l yo], pandan prezans li. Apre sa, se va lafen, lè l remèt Bondye li a, ki Papa l, wayòm nan, lè l fin elimine tout gouvènman ak tout otorite ansanm ak tout pisans. Paske, li dwe gouvène antanke wa jiskaske Bondye mete tout ènmi yo anba pye l. Dènye ènmi li gen pou l elimine a se lanmò.” ​(1 Kor. 15:22-26). Wi, lanmò nou eritye nan men Adan an pral resi pa la ankò! Yo pral elimine “anvlòp” ki kenbe tout moun nan pou toutan! — Iza. 25:7, 8, NW.

16 Pou apot Pòl te fini pawòl Bondye te pouse l ekri yo, li te di: “Lè tout bagay fin soumèt anba l, lè sa a, Pitit la li menm tou pral soumèt anba Sila a ki te fè tout bagay soumèt anba l la, pou Bondye ka tout bagay pou tout moun.” ​(1 Kor. 15:28). Gouvènman Pitit gason Bondye a ap fin atenn objektif li. Apre sa, Pitit la pral kontan anpil pou l remèt Jewova pouvwa a epi pou l prezante limanite ki vin pafè bay Jewova.

17. Finalman, ki sa k pral rive Satan?

17 Ki sa n ka di konsènan Satan ki se premye moun ki lakòz tout mizè limanite ap sibi yo? Revelasyon 20:7-15 ban nou repons lan. Nan yon dènye eprèv, yo pral bay Satan pèmisyon pou l eseye twonpe lèzòm ki vin pafè. Apre sa, ni Dyab la ni moun ki pral suiv li yo pral detwi pou toutan nan “dezyèm lanmò a”. (Rev. 21:8.) Etandone moun ki mouri nan dezyèm lanmò a pap janm retounen viv ankò, lanmò sa a pap janm elimine. Sepandan, “dezyèm lanmò a” pa reprezante yon ènmi pou moun ki renmen Kreyatè a e k ap sèvi l yo.

18. Ki fason misyon Bondye te bay Adan an pral akonpli?

18 Apre sa, moun ki pafè yo pral kanpe devan Jewova antanke moun Jewova apwouve nèt pou yo jwenn lavi etènèl san yo pa gen okenn ènmi. Misyon Bondye te bay Adan an pral akonpli san Adan. Tè a pral ranpli ak desandan Adan yo ki pral kontan anpil pou yo travay tè a epi pou yo jwenn lajwa nan anpil fòm lavi ki gen sou li yo. Kidonk, ann pa janm sispann apresye fason Jewova, Bondye lanmou an, pral elimine lanmò ki se dènye ènmi an!

a Men ki sa liv Étude perspicace des Écritures la fè konnen konsènan efò syantifik yo ap fè pou yo esplike rezon ki fè moun vin granmoun ak rezon ki fè yo mouri: “Yo bliye si se Kreyatè a menm ki te pwononse santans lanmò premye koup la, e li te aplike sa l te di a yon fason lèzòm pa fin konprann.” — Volim 2 paj 1147-1148.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje