BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 35 p. 86-p. 87 par. 1
  • Ana mande Bondye yon tigason

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ana mande Bondye yon tigason
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Li te vide kè l bay Bondye nan lapriyè
    Annou imite lafwa yo
  • Li te ouvri kè l bay Bondye nan lapriyè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Kite Jewova soulaje w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Yon tigason k ap sèvi Bondye
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 35 p. 86-p. 87 par. 1
Ana ki pote ti Samyèl bay Eli nan tabènak la.

LESON 35

Ana mande Bondye yon pitit gason

Gen yon Izrayelit ki te rele Èlkana ki te gen de medam, Ana ak Penina. Men, li te pi renmen Ana. Se toutan Penina t ap pase Ana nan rizib paske Ana pa t gen pitit e Penina te gen anpil pitit. Chak ane, Èlkana te konn mennen fanmi l Silo pou y al adore Jewova nan tabènak la. Yon lè, pandan yo Silo, Èlkana remake Ana, madanm li renmen anpil la, te tris anpil. Li di l: ‘Tanpri Ana, sispann kriye. Ou genyen m avè w. Mwen renmen w.’

Nan pita, Ana soti poukont li pou l al priye. Li pa t ka sispann kriye toutpandan li t ap sipliye Jewova pou l ede l. Men pwomès li te fè: ‘Jewova, si w ban m yon pitit gason, m ap ba ou l e l ap sèvi w pou tout lavi l.’

Gran prèt Eli k ap gade Ana k ap kriye pandan l t ap priye.

Eli, gran prèt la, te wè Ana t ap tranble pandan l t ap kriye, e li te panse se sou li sou. Ana di l: ‘Non, mèt mwen, mwen pa sou. Mwen gen yon gwo pwoblèm, e se pale m ap pale ak Jewova sou sa.’ Eli vin wè Ana pa sou, li di l: ‘Se pou Bondye ba ou sa w vle a.’ Ana te santi l soulaje, epi l ale. Nan mwens pase ennan, Ana vin gen yon pitit gason, li te rele l Samyèl. Èske w ka imajine jan Ana te kontan?

Ana pa t bliye pwomès li te fè Jewova a. Lè Samyèl pa t nan tete ankò, Ana mennen l al sèvi nan tabènak la. Men sa l te di Eli: ‘Se pou pitit gason sa a mwen t ap priye a. Mwen prete Jewova l pou tout rès vi l.’ Èlkana ak Ana te konn al wè Samyèl chak ane e yo te konn pote yon ti manto san manch tounèf pou li. Jewova te bay Ana twa lòt pitit gason ak de pitit fi.

“Kontinye mande, e y ap ban nou. Kontinye chèche, e n ap jwenn.” — Matye 7:7.

Kesyon: Ki sa k te fè Ana tris anpil? Ki jan Jewova te beni Ana?

1 Samyèl 1:1–2:11, 18-21.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje