BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb p. 2-3
  • Lèt Kolèj santral la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lèt Kolèj santral la
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Annou imite lafwa yo
    Ministè Wayòm nan — 2015
  • Revizyon seksyon 2
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Fason pou n sèvi ak bwochi Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • Entwodiksyon
    Reveye n! — 2019
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb p. 2-3
Yon fanmi k ap itilize Bib la toutpandan y ap etidye liv Leson ou ka aprann nan Bib la ansanm.

Lèt Kolèj santral la

Frè ak sè nou renmen anpil yo,

Antanke sèvitè Jewova, nou renmen Pawòl li, Labib. Nou kwè ak tout kè nou istwa ki ladan l yo se laverite. Labib ban nou bonjan direksyon nan lavi nou e li bay bonjan prèv ki montre Jewova renmen moun (Sòm 119:105; Lik 1:3; 1 Jan 4:19). Se ak tout kè nou nou vle ede lòt moun aprann verite ki nan Pawòl Bondye a, yon seri verite ki gen anpil valè. Se pou sa, nou kontan prezante w liv sa a ki gen tit: “Leson ou ka aprann nan Bib la.” Ann fè yon ti pale de liv sa a.

Liv sa a, se plis pou timoun nou fè l. Men, nou ka sèvi avè l tou pou n ede granmoun ki ta renmen aprann plis bagay nan Bib la. Epitou, piske Bib la se yon liv ki kapab itil tout moun, se sèten nou tout kapab aprann nan leson ki ladan l yo e sa ka ede n gen kè kontan toutbon.

Nan liv sa a, nou sèvi ak pasaj ki soti nan Bib la pou n rakonte istwa moun depi nan epòk kreyasyon an ak epòk ki vin apre yo. Nou fè tout efò nou pou n prezante istwa biblik yo yon fason ki klè, ki senp e nan lòd yo te rive a depi sa posib.

Se vre liv sa a rakonte istwa ki nan Bib la, men, pawòl ki ladan l yo ak foto yo fè istwa yo vivan e yo fè santiman moun ki nan istwa yo parèt byen klè.

Liv sa a ede nou wè Bib la se yon liv ki pale de moun, moun ki te obeyi Jewova ak moun ki pa t obeyi l. Mete sou sa, li ede nou wè sa nou ka aprann nan egzanp moun sa yo (Women 15:4; 1 Korentyen 10:6). Liv la gen 14 seksyon ladan l. Nan kòmansman chak seksyon, n ap jwenn yon apèsi sou kèk leson nou ka aprann.

Si w se yon papa oswa yon manman, ou kapab li yon leson ak pitit ou epi w fè yon ti pale sou foto ki mache ak leson an. Apre sa, nou de a kapab li vèse kote leson an soti nan Bib la. Ede pitit ou wè se nan Bib la sa li aprann nan leson an soti. Ou ka fè menm bagay la lè w ap ede yon granmoun aprann plis bagay sou Bib la.

Nou swete liv sa a pral ede tout moun ki sensè, timoun kou granmoun, pou yo aprann leson ki nan Pawòl Bondye a e pou yo sèvi avèk yo nan lavi yo. Konsa, yo menm tou, y ap kapab adore l antanke moun ki nan fanmi li renmen anpil la.

Frè nou yo,

Kolèj santral Temwen Jewova yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje