BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/15 p. 2
  • Annou imite lafwa yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou imite lafwa yo
  • Ministè Wayòm nan — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Lèt Kolèj santral la
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • “ Li ranpli yon twou vid nan kè m ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Fason pou n jwenn fòs nan Pawòl Bondye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2015
km 9/15 p. 2

Annou imite lafwa yo

1. Ki liv nou pral egzamine nan Etid biblik kongregasyon an apati semèn 19 oktòb 2015?

1 Nan semèn 19 oktòb 2015, nou pral kòmanse egzamine liv Annou imite lafwa yo nan Etid biblik kongregasyon an. Piblikasyon sa a pale sou istwa 14 gason ak fi ki te gen lafwa ki nan Bib la. Liv sa a fèt yon fason pou ede nou fè moun fidèl sa yo vin vivan nan lespri nou, e n ap wè yo antanke moun reyèl ki te rankontre pwoblèm pandan yo t ap sèvi Jewova. Anplis de sa, liv sa a ap anseye nou yon seri leson nou jwenn nan istwa sa yo, leson nou ka aplike nan lavi n ap mennen jodi a. — Ebre 6:12.

2. Site kèk bagay ki gen nan liv Annou imite lafwa yo a.

2 Sa k gen nan liv la: Liv sa a gen plizyè kat jeyografi ak yon liy ki gen dat sou li k ap ede nou wè ki lè chak pèsonaj t ap viv e ki kote. Mete sou sa, chak chapit gen yon seksyon yo rele “Fè yon ti reflechi...” k ap ede nou medite sou istwa yo e k ap ede n aplike leson nou aprann yo. Epitou, liv la gen anpil foto ki gen anpil koulè ak anpil detay ki baze sou bonjan rechèch yo te fè e yo rann istwa sa yo vivan.

3. Ki sa n ka fè pou nou jwenn byenfè lè n ap etidye liv sa a?

3 Fason pou n byen pwofite l: Nan lèt Kolèj santral la, ki nan kòmansman liv la, men pawòl ankourajan nou jwenn: “Imajine sa k ap pase nan istwa a. Eseye mete w nan po pèsonaj biblik sa yo pou w ka eseye wè jan yo te wè bagay yo. Panse ak fason yo te reyaji devan yon sitiyasyon ak fason ou menm ou ka reyaji devan menm sitiyasyon an.” Natirèlman, sa pa vle di pou w sèvi ak imajinasyon w pou w fè yon pakèt devinèt, men, olye de sa, repase istwa sa yo nan tèt ou, istwa Bondye te enspire moun yo pou yo ekri, epi chèche konprann sitiyasyon yo. Sa mande tan ak meditasyon pou w rive fè sa (Ney. 8:8). Si leson an kòmanse nan mitan yon chapit, kòm entwodiksyon, kondiktè a ap fè yon revizyon ki dire ant 30 a 60 segonn sou pati nou te egzamine semèn pase a. Kòm konklizyon, kondiktè a ka poze youn oubyen de kesyon revizyon si pati y ap egzamine a pa gen seksyon “Fè yon ti reflechi...” a ladan l.

4. Poukisa nou bezwen etidye liv Annou imite lafwa yo a?

4 N ap viv nan yon monn k ap chèche febli lafwa nou chak jou yon fason oubyen yon lòt. Menm jan ak ribrik Annou imite lafwa yo ki konn parèt nan Toudegad, liv sa a se yon kado Jewova ban nou pou fòtifye lafwa nou (Jak 1:17). Annou byen pwofite kado sa a lè nou asiste Etid biblik kongregasyon an regilyèman e lè nou fè kantite kòmantè nou kapab lè n ap etidye liv sa a ansanm!

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje