BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lvs p. 3
  • Lèt Kolèj santral la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lèt Kolèj santral la
  • Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Li nan “Lanmou Bondye”
  • Sou menm sijè a
  • Lanmou Bondye la pou toutan
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Rete nan lanmou Bondye
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Pa kite lanmou w genyen an vin rafredi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • “Men sa lanmou pou Bondye vle di”
    “Rete nan lanmou Bondye”
Gade plis
Fason pou n rete nan lanmou Bondye
lvs p. 3

Lèt Kolèj santral la

Pou moun ki renmen Jewova ak Labib, Pawòl li a:

Jezi te di: “N ap konnen laverite, e laverite ap libere nou.” (Jan 8:32). Sonje ki jan w te santi w lè w te fèk aprann verite ki nan Bib la! Ou te vrèman kontan aprann nou kapab konn laverite, malgre n ap viv nan yon monn ki chaje ak manti. — 2 Timote 3:1.

Jewova vle nou konn laverite. E kòm nou renmen moun parèy nou, nou vle pale yo de laverite. Men, sèvi Bondye vle di plis pase sa. Nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou viv antanke kretyen paske nou gen yon gwo respè pou prensip Jewova yo. Jezi te fè konnen gen yon fason ki enpòtan nou ka fè Jewova konnen nou renmen l. Li te di: “Si nou obeyi kòmandman m yo, n ap rete nan lanmou mwen, menm jan mwen menm, mwen obeyi kòmandman Papa a e mwen rete nan lanmou l.” — Jan 15:10.

Jezi renmen Papa l toutbon e li fè tout sa Papa l mande l fè. Si nou imite Jezi nan fason nou viv, Jewova ap renmen nou e n ap gen kè kontan toutbon. Jan Jezi te di sa, “piske nou konnen bagay sa yo, n ap byennere si nou fè yo”. — Jan 13:17.

Nou swete pou liv sa a ede w aprann ki jan pou w viv ann amoni ak verite ki nan Bib la e pou w vin youn nan zanmi Bondye yo. N ap priye pou w vin gen plis lanmou pou Bondye e pou w “rete nan lanmou Bondye [...] avèk je [w] fikse sou lavi ki pap janm fini an”. — Jid 21.

Kolèj santral Temwen Jewova yo

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje