BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lff leson 8
  • Ou kapab zanmi Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ou kapab zanmi Jewova
  • Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FOUYE PLIS
  • SA W TE APRANN
  • APRANN PLIS
  • Ki jan nou kapab chwazi bon zanmi?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Bondye envite w vin zanmi l
    Ou kapab vin zanmi Bondye!
  • Byen chwazi moun k ap zanmi w
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Ki sa w panse?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
Gade plis
Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
lff leson 8
Leson 8. Yon mesye ki chita sou yon ban e k ap gade syèl la.

LESON 08

Ou kapab zanmi Jewova

Édition imprimée
Édition imprimée
Édition imprimée

Jewova vle w konnen l pi byen. Poukisa? Paske plis w aprann konnen l, plis w aprann konnen fason l aji ak sa l ta renmen pou ou, se plis w ap anvi vin zanmi l. Èske w ka vin zanmi Bondye toutbon? (Li Sòm 25:14.) Ki sa w ka fè pou w vin zanmi l? Bib la reponn kesyon sa yo e li fè konnen sa k fè Jewova se pi bon zanmi ou kapab genyen.

1. Ki sa Jewova ta renmen w fè?

“Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” (Jak 4:8). Ki sa sa vle di? Jewova vle w vin zanmi l. Kèk moun ka twouve l difisil pou yo zanmi Bondye paske yo pa ka wè l. Men, Jewova fè nou konnen tout sa n bezwen konnen sou li nan Pawòl li a, Labib, yon fason pou n vin pi pwòch avè l. Lè nou li mesaj Bondye fè ekri pou nou nan Bib la, nou ka vin pi pwòch li menm lè nou pa janm wè l.

2. Sa k fè Jewova se pi bon zanmi ou kapab genyen?

Pa gen pèsonn ki renmen w plis pase Jewova. Li vle w gen kè kontan e li vle w pale avè l chak fwa w bezwen èd. Ou kapab “lage tout tètchaje [ou] genyen yo sou li paske li gen sousi pou [ou]”. (1 Pyè 5:7.) Jewova toujou pare pou l ede zanmi l yo, pou l konsole yo e pou l koute yo. — Li Sòm 94:18, 19.

3. Ki sa Jewova vle nou fè pou nou ka zanmi l?

Jewova renmen tout moun, “men, li bon zanmi ak moun ki dwat”. (Pwovèb 3:32.) Jewova vle pou zanmi l yo fè sa ki bon nan je l e pou yo pa fè sa li di ki pa bon. Gen moun ki ka santi yo pap janm kapab fè bagay yo jan Jewova vle a. Sepandan, Jewova konprann nou. Li aksepte tout moun ki renmen l toutbon e ki fè tout sa yo kapab pou yo fè l plezi. — Sòm 147:11; Travay 10:34, 35.

FOUYE PLIS

Aprann konnen fason w ka vin zanmi Jewova epi aprann poukisa li se pi bon zanmi ou kapab genyen.

4. Abraram te zanmi Jewova

Sa Bib la di sou Abraram, yo rele Abram tou, ede nou konprann ki sa sa vle di pou yon moun zanmi Bondye. Li plis bagay sou Abraram nan Jenèz 12:1-4, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki sa Jewova te mande Abraram pou l fè?

  • Ki sa Jewova te pwomèt Abraram?

  • Ki sa Abraram te fè lè l te fin resevwa enstriksyon Jewova yo?

5. Sa Jewova atann pou zanmi l yo fè

An jeneral, nou atann pou zanmi nou fè kèk bagay...

  • Bay kèk bagay ou renmen lè zanmi w yo fè pou ou.

Li 1 Jan 5:3, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki sa Jewova atann pou zanmi l yo fè?

Si nou vle obeyi Jewova, nou ka bezwen fè kèk chanjman nan fason nou aji oswa nan kalite moun nou ye. Li Ezayi 48:17, 18, epi reponn kesyon sa a:

  • Poukisa Jewova mande zanmi l yo pou yo fè chanjman lakay yo?

Yon travayè nan konstriksyon k ap lonje yon kas pou yon lòt travayè parèy li.

Yon bon zanmi ap fè nou sonje bagay ki ka pwoteje nou e ki ka fè byen pou nou. Jewova fè menm jan an pou zanmi l yo.

6. Sa Jewova fè pou zanmi l yo

Jewova ede zanmi l yo fè fas ak pwoblèm yo genyen. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

VIDEYO: Jewova fè yon pakèt bagay pou mwen (3:20)

  • Ki jan Jewova te ede dam ki nan videyo a pou l fè fas ak panse ki t ap boulvèse l yo e ak dekourajman li te genyen?

Li Ezayi 41:10, 13, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki sa Jewova pwomèt l ap fè pou tout zanmi l yo?

  • Èske w panse Jewova kapab yon bon zanmi pou ou? Poukisa?

Foto ki ansanm: Plizyè foto: Bon zanmi k ap ede youn lòt. 1. Yon mesye k ap ede yon lòt mesye deplase yon gwo tab. 2. Yon dam k ap ouvri kè l bay yon lòt dam. 3. Yon mesye k ap ede yon lòt mesye ki gen yon beki pou l mache.

Lè w gen bon zanmi, yo ede w lè w bezwen èd. Jewova ap fè menm jan an.

7. Pou nou zanmi Jewova, nou dwe pale avè l e nou dwe koute l

Moun vin bon zanmi lè yo pale youn ak lòt. Li Sòm 86:6, 11, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki jan nou kapab pale ak Jewova?

  • Ki jan Jewova pale ak nou?

Foto ki ansanm: 1. Yon fi k ap priye. Gen yon flèch anlè tèt li ki pwente sou anwo. 2. Yon fi k ap li Labib. Gen yon flèch anlè tèt li ki pwente sou anba.

Nou pale ak Jewova lè nou priye l. Li pale avèk nou lè nou li Labib.

GEN MOUN KI DI: “Li pa posib pou nou zanmi Bondye.”

  • Ak ki vèsè w t ap sèvi pou w montre nou kapab zanmi Bondye?

SA W TE APRANN

Jewova vle zanmi w e l ap ede w pwoche bò kote l.

Revizyon

  • Ki jan Jewova ede zanmi l yo?

  • Poukisa Jewova mande zanmi l yo fè yon seri chanjman?

  • Èske w panse li twò difisil pou nou zanmi Jewova? Sa k fè w reponn konsa?

Objektif

APRANN PLIS

Lè w zanmi ak Jewova, ki efè sa gen sou lavi w?

“Jewova: yon Bondye ki merite pou nou konnen l” (Toudegad 1ye mas 2003)

Aprann ki jan ou kapab vin zanmi Bondye.

“Ki jan m ka vin zanmi Bondye?” (Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, Volim 2, chapit 35)

Gade rezon ki fè yon dam santi li viv pi byen lè l vin zanmi Jewova.

“Mwen pa t vle mouri!” (Toudegad no 1 2017)

Koute kèk jèn k ap di sa yo renmen lakay Jewova.

Ki sa sa vle di pou yon moun zanmi Bondye? (1:46)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje